BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp20 no 3 p. 12
  • Fason n ka montre nou renmen pwochen nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason n ka montre nou renmen pwochen nou
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI SA PAWÒL BONDYE A DI SOU LANMOU?
  • KI SA SA VLE DI RENMEN PWOCHEN NOU?
  • “Se pou nou kontinye mache nan lanmou”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Lanmou: Yon kalite ki enpòtan anpil
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Fason pou n kontinye gen anpil lanmou youn pou lòt
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Renmen Bondye ki renmen w lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
wp20 no 3 p. 12
Samariten Jezi te pale de li nan egzanp li an k ap pase luil sou blese mesye yo te bat e yo kite bò kote wout la.

Lanmou pouse n mete enterè pa lòt moun anvan enterè pa nou.

Fason n ka montre nou renmen pwochen nou

Piske nou tout se desandan Adan, premye gason an, nou fòme yon sèl fanmi. Nòmalman, tout moun nan yon fanmi dwe renmen youn lòt e respekte youn lòt. Sepandan, jodi a, li difisil pou n jwenn kalite lanmou sa a. Se pa konsa Bondye ki renmen nou an vle pou sa ye.

KI SA PAWÒL BONDYE A DI SOU LANMOU?

“Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” — LEVITIK 19:18.

“Kontinye renmen ènmi nou.’’ — MATYE 5:44.

KI SA SA VLE DI RENMEN PWOCHEN NOU?

Remake kòman Bondye dekri lanmou nan Pawòl li a nan 1 Korentyen 13:4-7:

“Lanmou gen pasyans ak byenveyans.”

Fè yon ti reflechi: Kòman w santi w lè lòt moun gen pasyans avè w e yo demontre byenveyans pou ou, epi yo pa fè kòlè sou ou lè w fè erè?

“Lanmou pa jalou sò moun.”

Fè yon ti reflechi: Kòman w santi w lè lòt moun gen gwo dout sou ou oubyen yo anvye sò w?

Lanmou “pa chèche pwòp enterè l”.

Fè yon ti reflechi: Kòman w santi w lè lòt moun dispoze respekte pwennvi w e yo pa plede ensiste sou opinyon pa yo?

Lanmou “pa note bagay mal yo fè l”.

Fè yon ti reflechi: Bondye dispoze padone moun ki peche kont li e ki repanti. Men sa nou li nan Pawòl li a: “Li pap sonje defo nou yo pou toutan, ni li pap kontinye gen rankin pou toutan.” ​(Sòm 103:9). Nou renmen lè yon moun padone nou pou sa n te fè l ki mal. Se sa k fè, nou dwe pare pou n padone lòt moun lè yo fè nou bagay ki mal. — Sòm 86:5.

Lanmou “pa pran plezi nan sa ki mal”.

Fè yon ti reflechi: Lè yon bagay mal rive nou, nou pa renmen pou lòt moun ap pran plezi nan soufrans nou. Se sa k fè, nou pa dwe kontan lè lòt moun ap soufri, menmsi yo te mal boule avè n.

Pou nou jwenn benediksyon Bondye, nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou. Yon bon fason nou ka fè sa, se lè n ede moun ki nan bezwen.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje