TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 34-37
Jewova te rekonpanse Ezekyas pou lafwa l
Senakerib, ki te wa Asiri, te voye Rabchake a Jerizalèm pou l al mande pou yo livre vil la ba li. Moun Asiri yo te itilize divès kalite pawòl pou yo te ka eseye fè Juif yo livre tèt yo san batay.
Yo te izole yo. Ejip pap ka ede nou vrèman. — Eza 36:6
Yo t ap fè yo gen dout. Jewova pap batay pou nou paske li pa pran plezi nan nou. — Eza 36:7, 10
Yo t ap fè yo pè. Nou pap ka kenbe devan lame Asiryen yo, yon lame ki pisan. — Eza 36:8, 9
Yo t ap tante yo. Livre tèt nou bay Asiri pou n ka viv pi byen. — Eza 36:16, 17
Ezekyas te montre li gen yon lafwa solid nan Jewova
Li te fè tout sa l kapab yon fason rezonab pou l prepare vil la pou lame Asiri a ki t ap vin anvayi l
Li te priye Jewova pou l sove vil la e li te ankouraje pèp la fè menm bagay la
Jewova te rekonpanse l pou lafwa l lè Jewova te voye yon zanj vin touye 185 000 sòlda Asiri nan yon sèl nuit