LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Annou pran plezi preche bon nouvèl la
Èske w konn twouve li difisil pou w preche? Anpil nan nou t ap di nou konn twouve sa. Poukisa? Petèt se paske anpil fwa nou fè fas ak moun ki pa enterese nan mesaj nou an oswa moun ki opoze ak li oubyen nou pè pale ak moun nou pa konnen. E se vre, bagay sa yo ka redui sou jwa n jwenn nan travay la. Men, se Bondye kè kontan an n ap sèvi, e li vle nou sèvi l ak kè kontan (Sm 100:2; 1Ti 1:11). Annou wè twa rezon ki fè nou ta dwe pran plezi patisipe nan travay predikasyon an.
Premyèman, mesaj n ap anonse a bay espwa. Byenke prèske pa gen espwa sou tè a jodi a, nou ka mete “bon nouvèl sou yon bagay ki pi bon an” nan kè moun yo (Eza 52:7). Men, bon nouvèl Wayòm nan ka ban nou anpil kè kontan tou. Anvan w soti al preche, medite sou tout benediksyon Wayòm Bondye a pral vide sou tè a.
Dezyèmman, bon nouvèl n ap preche a ede moun yo ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl. Yo aprann ki jan pou yo kite abitid ki ka lakòz yo gen pwoblèm e ki jan pou yo vin gen esperans lavi ki pap janm fini an (Eza 48:17, 18; Wm 1:16). Nou ka konsidere tèt nou tankou moun k ap fè travay sekouris pou sove lavi moun. Menmsi gen moun ki pa aksepte nou sove yo, nou kontinye chèche moun ki vle yo. — Mt 10:11-14.
Twazyèmman, travay predikasyon nou an onore Jewova, e se sa ki pi enpòtan. Li bay travay nou an anpil valè (Eza 43:10; Eb 6:10). Anplis de sa, li ban nou lespri sen l pou nou ka fè travay li ban nou fè a. Men tou, nou ka mande Jewova pou l ede n gen lajwa, ki se yon aspè nan fwi lespri a (Ga 5:22). Grasa èd li ban nou, nou ka fè fas ak obstak e nou ka preche ak anpil zèl (Tr 4:31). Konsa, kèlkeswa fason moun yo reyaji nan tèritwa a, n ap pran plezi nan travay Jewova ban nou fè a ki se preche. — Eze 3:3.
Ki jan w ta renmen santi w lè w ap patisipe nan travay predikasyon an? Ki jan w ka montre w gen kè kontan?
GADE VIDEYO REJWENN LAJWA W GRASA ETID AK MEDITASYON AN, EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:
Menmsi nou pase anpil tan ap preche chak mwa, poukisa se etidye Pawòl Bondye a nou dwe bay plis enpòtans?
Ki jan nou ka imite Mari nan sans sa a?
Ki moman w chwazi pou w medite sou Pawòl Bondye a?
Ki sa k ba w kè kontan lè w ap preche bon nouvèl la?