TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SOFONI 1-AJE 2
Chèche Jewova anvan jou kòlè l la
Pou n ka jwenn pwoteksyon nan jou kòlè Jewova a, nou bezwen fè plis pase vwe lavi nou ba li. Nou dwe suiv enstriksyon Sofoni te bay Izrayelit yo.
Chèche Jewova: Fè efò pou w toujou gen yon relasyon sere sere ak Jewova ansanm ak òganizasyon l lan
Chèche fè sa ki jis: Toujou suiv prensip jis Jewova yo
Chèche gen imilite: Avèk imilite, soumèt anba direksyon Bondye epi aksepte disiplin li bay
Ki jan mwen ka chèche Jewova, chèche fè sa ki jis epi chèche gen imilite nan yon pi wo nivo?