BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb18 janvye p. 8
  • Ki jan w ka fè lapè ak frè w la anvan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan w ka fè lapè ak frè w la anvan?
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Demontre lanmou nan fason w rezoud pwoblèm ak lòt moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Pa fè “tipiti sa yo” bite
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • “ Annou pousuiv bagay ki favorize lapè ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Byenfè nou jwenn lè nou fè lapè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
mwb18 janvye p. 8

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ki jan w ka fè lapè ak frè w la anvan?

Yon mesye ki kite sakrifis lan sou lotèl la epi k al chèche fè lapè ak frè l la.

Imajine w t ap viv Galile lè Jezi te sou tè a. Ou vwayaje al Jerizalèm pou w ka selebre fèt Tonèl. Ou wè vil la chaje ak yon pil ak yon pakèt moun k ap adore Jewova e ki soti byen lwen. Men kounye a ou vle ofri Jewova yon sakrifis. Ou gen yon kabrit nan men w e w ap pase nan mitan foul la pou w al nan tanp lan. Lè w rive nan tanp lan, ou jwenn li chaje ak lòt moun ki vle ofri Jewova sakrifis tou. Kounye a tou pa w rive pou w bay prèt yo kabrit ou a. Men, se lè sa w sonje frè w la, ki kapab nenpòt kote nan foul la oswa nan vil la, gen yon bagay kont ou. Jezi esplike sa w ta dwe fè. (Li Matye 5:24.) Ki jan ou menm ak frè sa a ki fache kont ou a kapab fè lapè jan Jezi ankouraje nou fè sa? Nan de lis ki pi ba yo, mete yon ti siy tchèk bò kote bon repons lan.

OU TA DWE . . .

  • pale ak frè w la sèlman si w santi l gen bonjan rezon pou l fache kont ou

  • eseye fè frè w la wè bagay yo yon lòt jan si w santi li twò sansib oswa li antò tou

  • koute frè w la avèk pasyans pandan l ap di sa l santi, e menmsi w pa fin konprann sa l vle di, di l ou regrèt ak tout kè w pou jan l santi l la oswa lefètke w te aji yon fason ki fè l lapenn san w pa t vle sa

FRÈ W LA TA DWE . . .

  • esplike lòt moun nan kongregasyon an jis nan ki pwen ou te fè l lapenn yon fason pou moun sa yo ka ba l rezon

  • fache sou ou paske w te fè l ditò, plede ap reflechi sou sa k te pase a nan tout ti detay epi egzije w pou w rekonèt tò w

  • panse ak imilite ak kouraj sa mande pou w vin kote l epi padone w ak tout kè l

Se vre, nou pa bezwen ofri sakrifis bèt ankò nan kad adorasyon n ap bay Bondye, men, ki rapò Jezi te vle montre ki genyen ant fè lapè ak frè nou ak pou Bondye aksepte adorasyon n ap ba li a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje