BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb18 fevriye p. 3
  • Egzanp ble ak move zèb yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Egzanp ble ak move zèb yo
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Sou menm sijè a
  • “Moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • “Gade! mwen avèk nou toulejou”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Kèk egzanp konsènan Wayòm nan
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Èske w te konnen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
mwb18 fevriye p. 3

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 12-13

Egzanp ble ak move zèb la

Jezi te itilize egzanp ble ak move zèb la pou l montre ki lè ak ki jan Jezi t apral pran moun ki fè pati klas ble a, anpalan de kretyen Bondye te kòmanse chwazi pou al nan syèl la depi ane 33 epòk nou an

Yon tablo ki montre kote y ap simen semans, y ap rekòlte ak lè y ap ranmase al met nan depo

13:24

“Yon moun ki simen bon semans nan jaden l”

  • Moun ki simen: Jezi Kris

  • Bon semans yo simen: Yo chwazi disip Jezi yo ak lespri sen

  • Jaden: Monn nan

13:25

“Pandan tout moun ap dòmi, yon ènmi l vini, li simen move zèb”

  • Ènmi: Dyab la

  • Tout moun ap dòmi: Lanmò apot yo

13:30

“Kite yo toule de grandi ansanm jiskaske rekòt la rive”

  • Ble: Moun Bondye chwazi pou al nan syèl

  • Move zèb: Fo kretyen

“Rache move zèb yo anvan [...] apre sa, ranmase ble a”

  • Esklav/moun k ap rekòlte: Zanj

  • Move zèb yo ranmase: Yo separe fo kretyen yo ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo

  • Ranmase met nan depo: Yo rasanble kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo nan kongregasyon an nan epòk pa nou an

Lè sezon rekòt la te kòmanse, ki sa ki fè vrè kretyen yo te diferan ak fo kretyen?

Ki byenfè m jwenn lefètke m konprann egzanp sa a?

ÈSKE W TE KONNEN?

Ble ak move zèb k ap grandi ansanm

Move zèb Jezi te pale a se yon kalite zèb ki gen pwazon ladan l e ki sanble tètkoupe ak ble lè l ap grandi. Tank ble ak move zèb la ap grandi ansanm, rasin yo makònen youn ak lòt, sa ki fè li vin enposib pou retire move zèb la san w pa pèdi nan ble a. Yonfwa kalite zèb ki gen pwazon an fin grandi, li vin pi fasil pou rekonèt li e konsa y ap ka rache l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje