BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb18 mas p. 7
  • “Kontinye veye”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Kontinye veye”
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Èske w ap “kontinye veye”?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Li ba yo egzanp dis vyèj la pou yo kontinye veye
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Èske w koute avètisman yo?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • “ Esklav fidèl ” la reyisi nan eprèv la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
mwb18 mas p. 7
Dis vyèj yo ki nan parabòl Jezi a

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 25

“Kontinye veye”

25:1-12

Se vre Jezi te bay parabòl dis vyèj la pou disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl, men, prensip ki ladan l yo valab pou tout kretyen (w15 15/3 12-16). “Kontinye veye, paske nou pa konnen ni jou a, ni lè a.” (Mt 25:13). Èske w ka esplike parabòl sa a Jezi te bay la?

  • Lemarye (vèsè 1) — Jezi

  • Fi vyèj ki prevwayan yo (vèsè 2) — Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la ki pare pou yo kontinye fè travay yo ba yo fè a epi ki klere tankou flanbo jiska lafen (Fp 2:15)

  • Rèl ki fèt la: “Men lemarye a!” (vèsè 6) — Prèv ki montre prezans Jezi

  • Fi vyèj ki sòt yo (vèsè 8) — Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki te soti al rankontre lemarye a men ki pa kontinye veye e ki pa ret fidèl

  • Fi vyèj ki prevwayan yo refize pataje luil yo (vèsè 9) — Apre yo fin poze dènye so a, l ap twò ta pou moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki ret fidèl yo ede kèlkeswa moun ki pa ret fidèl

  • “Lemarye a rive” (vèsè 10) — Jezi vin fè jijman yon tikras tan anvan gwo tribilasyon an fini

  • Fi vyèj ki prevwayan yo antre ak lemarye a nan resepsyon maryaj la, epi yo fèmen pòt la (vèsè 10) — Jezi rasanble nan syèl la moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki ret fidèl, men, moun ki pa t ret fidèl yo pèdi privilèj yo te genyen pou y al nan syèl

Parabòl la pa vle di gen anpil moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki pa t ap ret fidèl e Bondye t ap bezwen ranplase yo. Men, li se yon avètisman pou chak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl: Se yo chak ki pou deside si y ap kontinye veye oswa si y ap bese vijilans yo, sa ki ka fè yo pa ret fidèl. Men ki ankourajman Jezi te bay: “Se pou nou pare.” (Mt 24:44). Kèlkeswa esperans nou genyen, Jezi mande nou tout pou n prepare kè nou pou n ka ret fidèl epi fè sa Jewova mande k ap ede n ret je klè.

Ki jan mwen montre m ret je klè?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje