TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JAN 5-6
Suiv Jezi avèk bon entansyon
Lè Jezi te bay yon egzanp disip li yo te twouve ki difisil pou yo konprann, kèk nan yo te bite e yo te sispann suiv li. Epoutan, yon jou anvan sa, Jezi te fè yon mirak pou l ba yo manje, sa ki te pwouve se Bondye ki te ba l pouvwa. Donk, ki sa k te fè yo bite? Sanble, yo pa t ap suiv Jezi ak bon entansyon, se yon bagay yo t ap defann. Yo t ap suiv Jezi pou yo te ka jwenn kèk bagay nan domèn materyèl.
Nou chak dwe mande tèt nou: ‘Poukisa m ap suiv Jezi? Èske prensipal rezon an se pou m ka jwenn benediksyon depi kounye a e alavni? Oubyen se paske m renmen Jewova e m vle fè l plezi?’
Poukisa nou kapab bite si se rezon ki vin apre yo ki prensipal rezon ki fè n ap sèvi Jewova?
Nou kontan fè pati pèp Bondye a
Nou vle viv nan Paradi a