LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Bonjan kowoperasyon pou preche tèritwa kote yo pale diferan lang
Byen souvan, li pi fasil pou moun yo aksepte mesaj Wayòm nan lè yo tande l nan lang manman yo. Petèt se rezon sa a ki fè nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, Jewova te fè yon fason pou “Juif ki te gen lakrentif pou Bondye, ki te soti nan tout nasyon sou tè a” tande bon nouvèl la “nan lang manman” yo, byenke li pwobab pou yo te pale yon lang tout moun nan zòn nan te ka konprann, tankou ebre ak grèk (Tr 2:5, 8). Jodi a, nan tèritwa kote gen moun ki pale diferan lang, kongregasyon ki gen reyinyon nan lang sa yo gendwa gen tèritwa nan menm zòn nan. Ki jan pwoklamatè ki nan kongregasyon sa yo ka kowopere pou yo bay tout moun temwayaj toutpandan y ap evite pou yo tout pa preche tèritwa a anmenmtan yon fason ki pa òganize, sa ki ka deranje moun ki nan kay yo?
Kominike (Pw 15:22): Siveyan sèvis kongregasyon ki konsène yo bezwen pale youn ak lòt pou yo ka antann yo sou yon metòd k ap pèmèt frè ak sè yo preche bon nouvèl la nan tèritwa sa yo. Si kongregasyon ki preche nan yon lòt lang nan pa gen anpil tèritwa, li ka prefere w pa preche kay ki gen moun ki pale lang yo preche ladan l lan. Men, si yo pa ka rive preche tout tèritwa yo a regilyèman paske li twò gwo, yo ka prefere w preche tout kay nan tèritwa a epi fè yo konnen moun ki pale lang pa yo a e ki enterese (od 93 § 37). Oswa yo ka mande kongregasyon w lan pou yo ede yo rive jwenn moun ki pale lang yo preche ladan l lan epi fè yo jwenn adrès moun sa yo pou yo ka fè suivi (km 7/12 5, kare). Sonje, sa ka rive nan menm kay la nou jwenn plizyè moun ki pale lòt lang. Metòd nou itilize pou nou rive preche tout tèritwa a dwe ann amoni ak sa lalwa mande sou jan n ap itilize enfòmasyon nou gen sou moun yo.
Kowopere (Ef 4:16): Veye pou w byen suiv tout enstriksyon siveyan sèvis la ba ou. Èske w ap fè etid ak yon moun e moun w ap fè etid li a ta prefere ou fè etid la nan yon lang ki pa lang kongregasyon w lan preche ladan l lan? Etidyan an ka fè pwogrè pi vit si w ta mande yon moun ki nan kongregasyon oswa gwoup ki toupre a ki preche nan lang li pale a pou fè etid la pito.
Prepare (Pw 15:28; 16:1): Si w al preche nan yon kay e moun ou jwenn nan pale yon lòt lang, fè tout sa w kapab pou w pataje bon nouvèl la avè l. Prepare w alavans, eseye konnen ki lòt lang yo pale nan tèritwa w la epi gentan telechaje tradiksyon Labib ak videyo sou aparèy mobil ou. Yon lòt bagay ou ka fè se sèvi ak aplikasyon JW Language la pou w aprann fason pou w salye moun nan kèk lang.