BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb19 mas p. 7
  • Itilize videyo yo pou w anseye etidyan w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Itilize videyo yo pou w anseye etidyan w yo
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Sèvi ak videyo nou yo pou n anseye moun yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Annou sèvi ak sipò vizyèl pou nou anseye moun yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sèvi ak videyo yo lè n ap fè etid ak moun
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Revizyon seksyon 2
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
mwb19 mas p. 7
Yon sè k ap montre yon moun l ap etidye Labib avè l yon videyo

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Itilize videyo yo pou w anseye etidyan w yo

Lè n itilize bagay moun ka wè nan ansèyman n ap bay, sa kapte atansyon moun yo, sa ede yo konprann e sa ede yo sonje sa n anseye yo. Jewova, Gran Pwofesè nou an, te konn itilize bagay moun ka wè pou l anseye yon seri leson enpòtan (Jen 15:5; Jr 18:1-6). Jezi Kris, Gran Anseyan an, te konn itilize bagay moun ka wè tou pou l anseye (Mt 18:2-6; 22:19-21). Nan dènye ane sa yo, youn nan bagay moun ka wè nou itilize pou n anseye ki efikas anpil se videyo. Èske w byen itilize videyo yo lè w ap anseye etidyan w yo?

Nou prepare dis videyo pou ede n anseye leson ki nan bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! Nòmalman, chak videyo gen yon tit ki mache ak youn nan kesyon ki an gra nan bwochi a. Bwochi ki sou sit la gen lyen ki fè n sonje nan ki moman pou n pase chak videyo. Mete sou sa, nan pati Zouti pou anseye a, gen lòt videyo ankò ki mache ak plizyè piblikasyon nou itilize pou n fè etid ak moun yo.

Èske w ap pale sou yon sijè nan Bib la ki ka difisil pou yon etidyan konprann? Oubyen èske w gen yon etidyan k ap fè fas ak yon eprèv? Chèche nan videyo ki sou sit jw.org® la oswa sou Tele JW pou w jwenn yon videyo ki ka ede l. Ou menm ak etidyan an gendwa gade l epi fè yon ti pale sou li.

Chak mwa, gen nouvo videyo ki parèt. Lè w ap gade yo, reflechi sou fason w ka itilize yo pou w anseye lòt moun.

VIDEYO KI MACHE AK LESON KI NAN BWOCHI BON NOUVÈL LA

  • Videyo Èske Bondye gen yon non?

    Leson 2

    Èske Bondye gen yon non?

  • Videyo Pawòl kiyès ki nan Bib la?

    Leson 3

    Pawòl kiyès ki nan Bib la?

  • Videyo Ki jan nou ka sèten sa ki nan Bib la se laverite?

    Ki jan nou ka sèten sa ki nan Bib la se laverite?

  • Videyo Poukisa Jezi te mouri?

    Leson 4

    Poukisa Jezi te mouri?

  • Videyo Poukisa Bondye te kreye tè a?

    Leson 5

    Poukisa Bondye te kreye tè a?

  • Videyo Nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye?

    Leson 6

    Nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye?

  • Videyo Ki sa Wayòm Bondye a ye?

    Leson 7

    Ki sa Wayòm Bondye a ye?

  • Videyo Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

    Leson 8

    Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

  • Videyo Èske Bondye aksepte tout relijyon?

    Leson 10

    Èske Bondye aksepte tout relijyon?

  • Videyo Èske Bondye koute tout priyè?

    Leson 12

    Èske Bondye koute tout priyè?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje