TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 TESALONISYEN 1-5
“Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt”
Chak kretyen kapab ankouraje lòt moun. Pa egzanp, nou ankouraje frè ak sè nou yo lè n toujou asiste reyinyon yo ak lè n toujou patisipe nan travay predikasyon an. Paske, frè ak sè yo ka “nan mitan anpil konba” akoz pwoblèm sante oswa lòt pwoblèm ankò (1Te 2:2, nòt). Anplis de sa, si n reflechi alavans sou sa n ka di e petèt nou menm fè kèk rechèch k ap ede n jwenn pawòl ki ankourajan, n ap kapab pale yon fason pou n konsole lòt sèvitè Jewova ki bezwen ankourajman.
Ki kote w ka jwenn bonjan enfòmasyon sou fason w ka ankouraje yon moun k ap fè fas ak yon pwoblèm byen presi?
Ki moun nan kongregasyon an ou vle ankouraje?