LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Atachman pou Bondye oswa egzèsis fizik
Èske egzèsis fizik bon pou yon moun? Wi, men li pi enpòtan pou n fè aktivite k ap ede n gen pi bon relasyon ak Jewova (1Ti 4:8). Se sa k fè, kretyen yo fè byen lè yo chèche gen ekilib nan fason yo konsidere spò.
GADE DESEN ANIME SA W DWE KONNEN SOU SPÒ A, APRE SA, REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
1. Ki kapasite spò ka ede n genyen?
2. Ki twa bagay k ap ede n wè si wi ou non yon spò bon pou nou?
3. Ki jan Sòm 11:5 kapab ede n wè ki spò ki bon pou n gade oswa fè?
4. Ki jan nou ka aplike Filipyen 2:3 ak Pwovèb 16:18 nan fason nou fè spò?
5. Ki jan Filipyen 1:10 ede n pou n pa pase twòp tan nan gade oswa nan fè spò?