TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 12-14
Yon alyans ki konsène w
Jewova te fè yon alyans ak Abraram, sa ki te yon baz legal pou gen yon Wayòm nan syèl la
Sanble alyans lan te antre an fonksyon nan ane 1943 anvan epòk nou an, lè Abraram te travèse Rivyè Efrat pou l al Kanaran
Alyans sa a ap toujou valab jiskaske Wayòm Mesi a detwi tout ènmi Bondye yo e li pote benediksyon pou tout fanmi sou tè a
Jewova te beni Abraram pou gwo lafwa li te demontre. Si n demontre lafwa nan pwomès Jewova yo, ki benediksyon n ap jwenn grasa alyans ak Abraram nan?