TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 15-17
Poukisa Jewova te chanje non Abram ak Sarayi?
Jewova te konsidere Abram kòm yon moun ki san defo. Lè l t ap bay Abram plis enfòmasyon sou pwomès li te fè l la, li te bay Abram ak Sarayi yon non ki te anonse sa k t ap gen pou rive alavni.
Ann amoni ak non li te ba yo a, Abraram te vin papa yon pakèt nasyon e Sara te vin zansèt yon seri wa.
Abraram
Papa yon foul moun
Sara
Prensès
Lè nou fèt, nou pa ka chwazi ki non pou yo ban nou. Men, menm jan ak Abraram ak Sara, nou kapab chèche gen repitasyon pa nou. Mande tèt ou:
Ki sa k ka fè Jewova konsidere m kòm yon moun ki san defo?
Ki repitasyon m ap chèche genyen devan Jewova?