BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb20 avril p. 7
  • “Retire fo dye nou gen pami nou yo”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Retire fo dye nou gen pami nou yo”
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Èske detant ki gen rapò ak bagay mistik san danje?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ann aksepte èd Jewova pou n reziste kont espri mechan yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Ki sa Labib anseye sou bagay ki gen rapò ak movèzespri?
    Reveye n! — 2017
  • Se ak Jewova sèlman pou n atache
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
mwb20 avril p. 7
Yon mesye k ap jete yon chaplè ki gen rapò ak movèzespri.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

“Retire fo dye nou gen pami nou yo”

Jakòb te konnen Jewova merite pou nou atache avè l sèlman, menmsi Jewova potko bay yon lwa ki entèdi moun adore zidòl (Eg 20:3-5). Donk, lè Jewova te mande l pou l retounen Betèl, Jakòb te mande tout moun ki te avè l yo pou yo retire zidòl yo te gen pami yo. Epi Jakòb te debarase l ak zidòl yo, petèt moun yo te konn mete yo sou yo kòm gad, sa te gen ladan l zanno (Jen 35:1-4). Nou mèt sèten Jewova te kontan pou aksyon sa yo Jakòb te fè.

Nan epòk nou an, ki jan nou ka montre se ak Jewova sèlman nou atache? Yon bagay enpòtan nou ka fè se lè nou evite kèlkeswa bagay ki gen rapò ak zidòl oswa ak movèzespri. Sa gen ladan l debarase nou ak nenpòt bagay ki gen rapò ak movèzespri epi byen egzamine detant nou yo. Pa egzanp, mande tèt ou: ‘Èske m chwazi detann mwen ak liv oswa fim ki gen vanpi, zonbi oubyen bagay mistik ladan yo? Èske gen detant mwen konn pran ki prezante maji, wanga oswa fetich kòm distraksyon ki san danje?’ Nou ta dwe rete lwen nenpòt bagay Jewova rayi. — Sm 97:10.

GADE VIDEYO “OPOZE AK DYAB LA”, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon ti bebe ki kouche sou yon kabann, yo met yon bagay nan men l kòm gad. Pa dèyè a, manman ti bebe a, ki se yon etidyan Labib, ap pale ak koup k ap etidye Labib avèk yo a.

    Ki pwoblèm ki te rive nan lavi yon etidyan Labib ki rele Palesa?

  • Koup la ak etidyan Labib yo a reyini ak de ansyen pou ba yo èd.

    Poukisa li saj pou n chèche èd nan men ansyen yo si n ta mele nan pratik ki gen rapò ak movèzespri?

  • Etidyan Labib la ap boule gad yo te met sou ti bebe a nan yon fou nan kizin nan.

    Opoze ak Dyab la, epi pwoche bò kote Bondye. — Jk 4:7, 8

    Ak ki jan de bagay moun ki vle jwenn pwoteksyon Jewova yo dwe debarase yo nèt?

  • Ki aksyon enpòtan Palesa te fè?

  • Nan zòn kote w ap viv la, ki kèk bagay ou ka fè pou w pa vin anba pouvwa demon yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje