LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Se pou n gen imilite: Pa fè lwanj pou tèt nou
Lè yon moun ap fè lwanj pou tèt li e l ap vante tèt li, sa montre aklè li gen ògèy lakay li, epitou sa pa ankouraje moun k ap koute l yo. Se sa k fè, Labib di: “Kite se yon lòt moun ki fè lwanj pou ou, men se pa ou menm ki pou fè sa ak bouch ou.” — Pw 27:2.
GADE VIDEYO KI GEN TIT FÈ ZANMI AK JEWOVA — SE POU N GEN IMILITE, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Pou ki bagay konsa moun konn vante tèt yo?
Pou ki bagay Kalèb t ap vante tèt li devan zanmi l lan?
Ki jan papa Kalèb te ede l reflechi?
Ki jan pawòl ki nan 1 Pyè 5:5 yo ede n gen imilite?