LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Annou kenbe fèm tank lafen an ap pwoche
REZON KI FÈ SA ENPÒTAN: Talè konsa, gen yon seri evènman ki bay kè kase ki pral rive k ap mande pou n gen kouraj epi pwouve n gen konfyans nan Jewova yon fason nou potko janm fè sa. Gwo tribilasyon an ap kòmanse ak destriksyon fo relijyon (Mt 24:21; Re 17:16, 17). Nan moman boulvès sa a, petèt n ap gen pou n anonse yon mesaj jijman ki dirèk (Re 16:21). Nou pral fè fas ak atak Gòg ki soti nan peyi Magòg (Eze 38:10-12, 14-16). Pou Jewova defann pèp li a, li pral fè “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”. (Re 16:14, 16.) Pou n ka gen plis kouraj pou n fè fas ak evènman sa yo, depi kounye a nou dwe rete fèm lè n ap fè fas ak sitiyasyon k ap teste lafwa nou.
FASON POU NOU FÈ L:
Mete kouraj sou nou pou n defann prensip moral Jewova yo ki jis. — Eza 5:20
Kontinye adore Jewova ansanm ak frè ak sè nou yo. — Eb 10:24, 25
Obeyi direksyon Jewova bay pa mwayen òganizasyon l lan san pèdi tan. — Eb 13:17
Medite sou jan Jewova te sove pèp li a nan tan lontan. — 2P 2:9
Priye Jewova epi fè l konfyans. — Sm 112:7, 8
GADE VIDEYO KI GEN TIT EVÈNMAN KI GEN POU RIVE K AP MANDE POU N GEN KOURAJ — YON PATI NAN VIDEYO A, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki sa k te teste obeyisans pwoklamatè yo lè yo te fè kongregasyon yo a fè yon sèl ak lòt kongregasyon?
Nan ki sans lè nou montre nou obeyisan, sa ede nou gen kouraj?
Ki sa k fè n ap bezwen kouraj pandan gè Amagedon an?
Annou prepare n depi kounye a pou evènman ki gen pou rive k ap mande pou n gen kouraj.
Ki istwa nan Bib la ki kapab ede n gen plis konfyans Jewova gen pouvwa pou l sove nou? — 2Kw 20:1-24