TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 21-22
Montre n gen menm pwennvi ak Jewova sou lavi
Lavi gen anpil valè nan je Jewova. Ki jan n ka montre nou gen menm pwennvi ak Jewova sou lavi?
Chèche gen plis lanmou ak respè pou lòt moun. — Mt 22:39; 1J 3:15
Montre lanmou sa a lè w montre w pi zele nan travay predikasyon an. — 1Ko 9:22, 23; 2P 3:9
Montre w konsidere kesyon sekirite a kòm yon bagay ki enpòtan. — Pw 22:3
Lè n respekte lavi, ki jan sa anpeche n responsab san lòt moun?