BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb20 septanm p. 3
  • Veye pou n pa gaye manti

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Veye pou n pa gaye manti
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Sou menm sijè a
  • “Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Kontinye mete bagay nou aprann yo an pratik
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
  • Èske w gen tout enfòmasyon yo?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Atansyon danje yo nan sèvi ak Entènèt !
    Ministè Wayòm nan — 1999
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
mwb20 septanm p. 3

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Veye pou n pa gaye manti

Yon dam ki sezi pou yon bagay li wè sou telefòn li pandan l ap achte nan yon makèt.

Jodi a, plizyè milyon moun rive jwenn enfòmasyon byen rapid lè yo sèvi ak bagay ki enprime, radyo, televizyon ak Entènèt. Moun k ap adore “Bondye verite a” pa vle gaye enfòmasyon ki pa verite, menm pa aksidan (Sm 31:5; Eg 23:1). Enfòmasyon ki pa laverite nou voye bay lòt moun kapab lakòz gwo dega. Lè w ap egzamine si yon enfòmasyon se verite, mande tèt ou:

  • ‘Èske m ka fè moun ki bay enfòmasyon an konfyans?’ Moun ki bay enfòmasyon an gendwa pa gen tout detay. Enfòmasyon k ap pase nan bouch plizyè moun ap chanje finalman, donk, se pou w pridan lè w pa ka idantifye kote enfòmasyon an soti egzakteman. Se sa k fè, antanke moun ki la pou bay enfòmasyon ki egzak, moun ki gen privilèj nan kongregasyon an dwe fè anpil atansyon pou yo pa bay enfòmasyon yo pa verifye

  • ‘Èske se yon enfòmasyon k ap sal repitasyon moun?’ Si l ap sal repitasyon yon moun oubyen yon gwoup moun, nou pa dwe repete l. — Pw 18:8; Fp 4:8

  • ‘Èske istwa sa a se verite?’ Fè atansyon ak yon bann istwa ak eksperyans n ap tande ki parèt estrawòdinè pou touche santiman moun

GADE VIDEYO KI GEN TIT KI SA M KA FÈ POU M PA MELE NAN TRIPOTAY?, EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Yon ti gason ki mare nan yon sèk ki plen ak flèch yo voye toutotou l.

    Selon Pwovèb 12:18, ki mal pawòl nou di ka lakòz?

  • Yon gwoup moun ki rasanble ansanm e k ap pale moun mal.

    Kòman Filipyen 2:4 ede nou gen ekilib nan sa n ap di sou lòt moun?

  • Yon mesye ki vire do bay yon lòt mesye k ap pale l mal.

    Ki sa nou ta dwe fè lè yo kòmanse ap pale sou yon moun pou pase l nan rizib oubyen y ap di move pawòl sou li?

  • Yon mesye k ap fè medizan pandan yon lòt mesye, ki abiye tankou yon jounalis, ap pran nòt.

    Anvan nou kòmanse pale sou yon moun, ki sa nou ta dwe mande tèt nou?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje