TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 25-26
Bagay ki te pi enpòtan nan tabènak la
Lach la se bagay ki te pi enpòtan nan tabènak la ak nan kan Izrayèl la. Te gen yon nyaj ki te reprezante prezans Bondye ki te nan mitan de cheriben yo sou kouvèti pou padon an ki te sou Lach la. Nan jou Pirifikasyon an, gran prèt la te antre Kote ki pi sen an e li te vide san towo bèf la ak san kabrit la devan kouvèti pou padon peche pèp Izrayèl la (Le 16:14, 15). Sa te anonse moman Jezi, Gran Prèt ki pi enpòtan an, t ap antre devan Jewova nan syèl la pou l prezante valè sakrifis li te bay kòm ranson an genyen. — Eb 9:24-26.
Relye vèsè ki vin apre yo ak byenfè nou jwenn grasa ranson an:
VÈSÈ
BYENFÈ
esperans lavi ki pap janm fini an
padon pou peche nou
konsyans ki klè
Ki sa n dwe fè pou n jwenn byenfè sa yo?