LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Nou pral fè yon kanpay espesyal nan mwa novanm pou n anonse Wayòm Bondye a
Jezi te anonse “bon nouvèl Wayòm Bondye a”. (Lk 4:43.) Epitou, li te aprann moun yo priye pou Wayòm sa a (Mt 6:9, 10). Pandan mwa novanm nan, nou pral fè yon efò espesyal pou n anonse Wayòm Bondye a (Mt 24:14). Ranje pwogram ou pou w byen patisipe nan kanpay sa a. Tout moun k ap sèvi kòm pyonye oksilyè pou mwa sa a ka chwazi pran sèvis la pou 30 oswa 50 èdtan.
Pataje yon vèsè sou Wayòm Bondye a avèk kantite moun ou kapab nan tèritwa w la. Lè w ap chwazi vèsè ou vle pataje a, pran relijyon moun k ap koute w la an konsiderasyon. Nan premye rankont lan, depi moun nan montre l enterese, ba li yon Toudegad piblik No 2 2020. Apre sa, pousuiv enterè moun nan te demontre a san pèdi tan, epi sèvi ak yon piblikasyon nan Bwat zouti pou anseye a pou w kòmanse yon etid biblik avè l. Talè konsa, Wayòm Bondye a pral detwi tout gouvènman lèzòm yo ki opoze avè l (Dn 2:44; 1Ko 15:24, 25). Kidonk, annou fè tout sa n kapab pou n pwofite okazyon espesyal sa a pou n montre n fidèl ak Jewova e ak Wayòm li an!
Wayòm Bondye a pral fè tè a tounen yon paradi!