BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb20 desanm p. 3
  • Nou demontre lanmou lè n aksepte disiplin Jewova bay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou demontre lanmou lè n aksepte disiplin Jewova bay
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Disiplin se prèv ki montre Jewova renmen nou
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Yon dispozisyon ki demontre lanmou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Lè yon moun nou renmen sispann sèvi Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Disiplin: Yon prèv ki montre Bondye renmen nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
mwb20 desanm p. 3

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Nou demontre lanmou lè n aksepte disiplin Jewova bay

Lè yo eskominye yon moun, sa pwoteje kongregasyon an, e se yon disiplin pou moun ki peche ki pa repanti a (1Ko 5:6, 11). Lè n aksepte disiplin sa a Jewova bay la, nou demontre lanmou. Èske nou ka di se yon prèv lanmou, alòske lè yo eskominye yon moun, sa fè tout moun ki konsène yo soufri, sa gen ladan l manm fanmi l ak komite disiplin nan?

Sa k pi enpòtan an, nou montre nou renmen non Jewova ak prensip li yo ki sen (1P 1:14-16). Nou montre lanmou tou pou moun ki eskominye a. Yon disiplin ki fèm, menmsi l bay lapenn, ka bay “moun li fòme yo” posiblite pou yo “mennen yon vi dwat nan lapè”. (Eb 12:5, 6, 11.) Si n ap frekante yon moun ki eskominye oswa yon moun ki fè retrè volontè, nou aji kont disiplin Jewova bay. Sonje, Jewova disipline pèp li a nan “degre [l] merite a”. (Jr 30:11.) Lè n aksepte disiplin Jewova bay e nou kontinye fè aktivite espirityèl nou yo, nou montre n kontinye gen espwa moun nan ap retounen vin jwenn Papa nou an ki gen mizèrikòd. — Eza 1:16-18; 55:7.

GADE VIDEYO KI GEN TIT ANNOU KONTINYE MONTRE NOU FIDÈL SAN KÈ NOU PA DIVIZE, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon sèn nan videyo ‘Annou kontinye montre nou fidèl san kè nou pa divize’ a. Gabriella ak Ben k ap kriye apre yo fin li yon lèt pitit gason yo a ki kite kay la kite pou yo.

    Lè yon pitit kite Jewova, ki jan sa fè paran l ki kretyen soufri?

  • Yon sèn nan videyo ‘Annou kontinye montre nou fidèl san kè nou pa divize’ a. Zanmi k ap anbrase Gabriella and Ben e k ap rekonfòte yo apre reyinyon kongregasyon an.

    Ki jan kongregasyon an ka soutni manm fanmi an ki fidèl?

  • Yon sèn nan videyo ‘Annou kontinye montre nou fidèl san kè nou pa divize’ a. Gabriella k ap imajine jan sa te pase nan istwa kote Kore te fè rebèl la.

    Ki istwa nan Bib la ki montre n fidelite nou anvè Jewova pi enpòtan pase fidelite anvè fanmi nou?

  • Yon sèn nan videyo ‘Annou kontinye montre nou fidèl san kè nou pa divize’ a. Apre reyinyon an, Gabriella ap pale ak Ben konsènan yon mesaj tèks pitit gason yo a te voye ba li.

    Ki jan n ka mete fidelite anvè Jewova anvan fidelite anvè fanmi?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje