BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 janvye p. 3
  • Paran, bay pitit ou yo konesans yo bezwen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Paran, bay pitit ou yo konesans yo bezwen
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?— Dezyèm pati
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Paran, aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Pitit nou se yon eritaj ki gen anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Paran, bay pitit ou fòmasyon pou yo renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 janvye p. 3
Timoun k ap di ‘non’! pandan paran yo ap fè demonstrasyon avèk yo pou aprann yo fason pou yo pwoteje tèt yo.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Paran, bay pitit ou yo konesans yo bezwen

N ap viv nan yon monn k ap chèche fè nou pran sa ki byen pou mal e sa ki mal pou byen (Eza 5:20). Malerezman, gen moun k ap fè yon seri bagay Jewova rayi, pa egzanp, gen ladan yo ki gen move konduit ak moun ki gen menm sèks avèk yo. Jèn nou yo ki gen anpil valè gendwa gen kamarad lekòl yo oswa lòt moun ki ka eseye rale yo pou yo suiv yo. Ki jan n ka prepare pitit nou yo pou yo byen fè fas ak sitiyasyon sa a ansanm ak kèk lòt sitiyasyon ki ka teste yo?

Bay pitit nou yo konesans yo bezwen sou prensip Jewova yo (Le 18:3). Tikras pa tikras, ba yo enfòmasyon selon laj yo sou prensip Bib la bay ki gen rapò ak bon konduit nan domèn seksyèl (Dt 6:7). Mande tèt nou: ‘Èske m anseye pitit mwen yo bon fason pou yo demontre afeksyon pou lòt moun, jan sa enpòtan pou yo abiye yon fason ki demontre respè e jan sa enpòtan pou lòt moun respekte entimite yo? Èske pitit mwen yo konnen sa yo dwe fè si yon moun ap eseye montre yo pònografi oswa mande yo fè yon bagay Jewova di ki mal?’ Lè n gentan anseye pitit nou yo, sa ka ede yo evite anpil pwoblèm (Pw 27:12; Ekl 7:12). Lè n anseye pitit nou yo, nou montre n renmen eritaj Jewova ban nou yo ki gen anpil valè. — Sm 127:3.

GADE VIDEYO KI GEN TIT BATI YON KAY K AP LA POU TOUTAN — PWOTEJE PITIT OU KONT “SA KI MAL”, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon sèn nan videyo ‘Bati yon kay k ap la pou toutan — pwoteje pitit ou kont ‘sa ki mal’’. Yon manman ak pitit gason l k ap gade videyo ‘Pwoteje pitit ou’ a.

    Poukisa gen moun ki renka pou yo anseye pitit yo sou sèks?

  • Yon sèn nan videyo ‘Bati yon kay k ap la pou toutan — pwoteje pitit ou kont ‘sa ki mal’’. Paran yo k ap pale sou liv ‘Koute gran anseyan’ an ak lòt piblikasyon ankò avèk de pitit yo genyen yo.

    Poukisa paran yo dwe fòme pitit yo “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”? — Ef 6:4

  • Yon sèn nan videyo ‘Bati yon kay k ap la pou toutan — pwoteje pitit ou kont ‘sa ki mal’’. Kèk Paran ann Afrik k ap li e k ap pale sou Bib la ak pitit yo.

    Konesans se yon pwoteksyon

    Ki sa òganizasyon Jewova a fè pou ede paran yo anseye pitit yo sou sèks? — w19.05 12, kare

  • Poukisa nou dwe kominike avèk pitit nou yo regilyèman anvan yo vin jwenn nan gwo pwoblèm?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje