BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 janvye p. 11
  • Chwazi sèvi Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Chwazi sèvi Jewova
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • W ap jwenn anpil benediksyon lè w batize!
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Batèm: Yon obligasyon pou kretyen yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Ranpli kondisyon pou batèm kretyen an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Batèm ak relasyon w avèk Bondye
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 janvye p. 11
Yon wout ki gen anpil van ki reprezante chemen pou n sèvi Jewova. Siy yo mete sou chemen ki reprezante etap yo: etid Labib, asiste reyinyon, preche, epi batize.

Ki kote w ye nan chemen ki mennen nou nan batèm nan?

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Chwazi sèvi Jewova

Si w se yon jèn pwoklamatè ki poko batize oswa yon etidyan Labib, èske w gen objektif pou w batize? Poukisa w ta dwe anvi batize? Ve ak batèm se kòmansman yon relasyon espesyal ak Jewova (Sm 91:1). Ve ak batèm ka sove nou (1P 3:21). Ki jan w ka pwogrese pou w rive nan etap sa yo?

Verifye pèsonèlman sa w aprann yo se laverite. Lè w gen kesyon, fè pwòp rechèch pa w (Wm 12:2). Chèche wè nenpòt chanjman w bezwen fè, e fè chanjman sa yo paske w vle fè Jewova plezi (Pw 27:11; Ef 4:23, 24). Toujou priye Jewova pou l ede w. Ou mèt gen asirans Jewova ap ba w fòs ak èd ou bezwen pa mwayen lespri sen l ki pisan (1P 5:10, 11). Sa vrèman vo lapenn pou w fè efò sa yo! Sèvi Jewova se pi bon fason pou w viv! — Sm 16:11.

GADE VIDEYO KI GEN TIT CHEMEN KI MENNEN NOU NAN BATÈM NAN, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki obstak ou bezwen venk pou w ka batize?

  • Ki jan w ka vin gen lafwa w bezwen an pou w ka vwe tèt ou bay Jewova?

  • Ki sa k te motive kèk moun fè sa ki nesesè pou yo kalifye pou batèm?

  • Ki benediksyon moun ki chwazi sèvi Jewova yo jwenn?

  • Ki sa ve ak batèm vle di?

Nan fen diskou batèm nan, oratè a ap mande kandida batèm yo pou yo kanpe epi pou yo reponn de kesyon ki vin apre yo byen fò:

Èske w repanti pou peche w, èske w vwe tèt ou bay Jewova e èske w aksepte delivrans Jewova ofri pa mwayen Jezi Kris la?

Èske w konprann batèm ou an idantifye w kòm Temwen Jewova, e w fè pati òganizasyon Jewova a?

Repons pozitif kandida batèm yo bay la se yon “deklarasyon piblik” ki montre yo gen lafwa nan ranson an e yo vwe tèt yo san rezèv bay Jewova. — Wm 10:9, 10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje