BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN
Modèl Konvèsasyon
Premye rankont
Kesyon: Èske Bondye koute priyè?
Vèsè: Sm 65:2
Pou pwochen vizit: Sou ki sa nou ka priye?
POU W JWENN VÈSÈ A NAN BWAT ZOUTI POU ANSEYE A:
NOUVÈL VIZIT
Kesyon: Sou ki sa nou ka priye?
Vèsè: 1J 5:14
Pou pwochen vizit: Ki jan Bondye reponn priyè nou yo?
POU W JWENN VÈSÈ A NAN BWAT ZOUTI POU ANSEYE A:
Pou kanpay envitasyon Memoryal la (27 fevriye–27 mas)
“Nou pase lakay [oswa nou rele w oswa nou ekri w] pou n envite w vin asiste yon evènman espesyal plizyè milyon moun pral asiste. Se anivèsè lanmò Jezi.” Bay moun nan yon fich envitasyon [oswa voye l nan yon mesaj oubyen yon lèt]. “Nan fich envitasyon sa a, w ap jwenn adrès kote y ap fè Memoryal la ak lè y ap fè l nan zòn ou an [oswa fason w ka asiste l sou Entènèt]. N ap tou pwofite envite w vin tande yon diskou espesyal k ap fèt nan wikenn anvan Memoryal la.”
Si moun nan enterese, poze kesyon apre a pou pwochen vizit la: Poukisa Jezi te bay lavi l?