BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 me p. 13
  • Ann demontre lanmou nan fanmi nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann demontre lanmou nan fanmi nou
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Fanmi w kapab gen kè kontan
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Fason pou nou rann lavi fanmi nou agreyab
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Yon lavi fanmi ki fè Bondye plezi
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • De kle pou yon maryaj dire
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 me p. 13
Yon fanmi k ap chante ansanm nan yon reyinyon.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ann demontre lanmou nan fanmi nou

Lanmou se lakòl ki kole tout moun nan fanmi an ansanm. San lanmou li t ap difisil pou moun nan fanmi an rete ini e pou yo kolabore youn ak lòt. Ki jan mari yo, madanm yo ak paran yo ka demontre lanmou nan fanmi an?

Yon mari ki gen lanmou ap pran an konsiderasyon bezwen madanm li, sa madanm li panse ak santiman l (Ef 5:28, 29). L ap ba yo sa yo bezwen nan domèn materyèl e l ap ede yo vin pwòch ak Jewova lè l fè adorasyon an fanmi an regilyèman (1Ti 5:8). Yon madanm ki gen lanmou ap soumèt devan mari l e l ap demontre “gwo respè” pou li (Ef 5:22, 33; 1P 3:1-6). Ni mari a ni madanm nan dwe dispoze padone youn lòt ak tout kè yo (Ef 4:32). Paran ki gen lanmou yo montre yo enterese nan chak timoun e yo anseye yo pou yo renmen Jewova (Dt 6:6, 7; Ef 6:4). Ki pwoblèm timoun yo jwenn nan lekòl yo? Ki jan y ap jere presyon lòt jèn ap fè sou yo? Lè gen anpil lanmou nan fanmi an, tout moun nan fanmi an ap santi yo byen e y ap santi yo an sekirite.

GADE VIDEYO KI GEN TIT ANNOU DEMONTRE YON LANMOU SAN FAY NAN FANMI N, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon pati nan videyo ‘Annou demontre yon lanmou san fay nan fanmi n.’ Apre yo fin asiste yon reyinyon, yon mari ap pale ak madanm li sou yon vèsè biblik.

    Ki jan yon mari ki gen lanmou pran swen madanm li epi ancheri l?

  • Yon pati nan videyo ‘Annou demontre yon lanmou san fay nan fanmi n.’ Apre li fin asiste yon reyinyon, yon sè ap koute mari l ki pa temwen avèk pasyans e li rasire l.

    Ki jan yon madanm ki gen lanmou montre gwo respè pou mari l?

  • Yon pati nan videyo ‘Annou demontre yon lanmou san fay nan fanmi n.’ Yon fanmi ap pale sou pwen yo te renmen nan reyinyon yo pandan y ap pran yon ti repa.

    Ki jan paran ki gen lanmou yo fè pawòl Bondye a antre nan kè timoun yo?

FÈ ATANSYON AK TEKNOLOJI

Li ka fasil pou moun nan fanmi yo kite aparèy elektwonik pran tan yo ta dwe pase ansanm pou fè yo vin pwòch youn ak lòt la. Paran yo ka fikse kantite tan yo menm ak pitit yo ap pase nan itilize aparèy elektwonik. Anplis de sa, paran yo bezwen deside si y ap kite pitit yo ki jèn itilize entènèt pou yo pale e ak kiyès y ap pale.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje