BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb22 janvye p. 11
  • Jèn, ouvri kè nou bay paran nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jèn, ouvri kè nou bay paran nou
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Sou menm sijè a
  • “Onore papa nou ak manman nou”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Ou ka kontribye pou fanmi w gen lajwa
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Paran, aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?— Dezyèm pati
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
mwb22 janvye p. 11

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Jèn, ouvri kè nou bay paran nou

Poukisa w ta dwe eseye fè paran w yo konnen sa w panse yon fason ki klè? (Pw 23:26). Paske Jewova ba yo responsablite pou yo pran swen w e ba w direksyon (Sm 127:3, 4). Li ka difisil pou yo ede w si w pa fè yo konnen pwoblèm ou yo ak enkyetid ou yo. Epitou, ou pap aprann nan eksperyans pratik yo te fè nan lavi a. Èske sa mal pou w kenbe kèk panse poukont ou? Pa vrèman, men veye pou w pa ba yo move enpresyon. — Pw 3:32.

Ki jan w ka pale ak paran w yo? Eseye chwazi yon lè k ap bon ni pou ou ni pou yo. Si se sa ki pwoblèm nan, ou ka ekri youn nan yo yon lèt pou w fè yo konnen sa w santi. E si yo vle pale sou yon sijè ou ta prefere pa pale sou li? Sonje sa, yo vrèman vle ede w. Sonje paran w yo se patizan w, se pa ènmi w. Efò w fè pou w pale klè ak paran w yo ap pote byenfè pou ou pou tout lavi w, lavi pou toutan! — Pw 4:10-12.

GADE VIDEYO KI GEN TIT LAVI M ANTANKE JÈN — KI JAN POU M PALE AK PARAN M?, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon sèn nan videyo “Lavi m antanke jèn — Ki jan pou m pale ak paran m?” Yon jèn fi ki gen yon kas nan zòrèy li, e k ap sèvi ak òdinatè l ki pa okipe manman l k ap eseye pale avè l.

    Ki sa Esther ak Partik te vin konprann sou tèt yo?

  • Yon sèn nan videyo “Lavi m antanke jèn — Ki jan pou m pale ak paran m?” Yon jèn fi k ap pale ak manman l e k ap montre l yon bagay sou telefòn entèlijan l.

    Ki sa w ka aprann nan egzanp Jezi?

  • Yon sèn nan videyo “Lavi m antanke jèn — Ki jan pou m pale ak paran m?” Yon manman ki pran nan tan l ta dwe pase ap fè travay nan kay la pou l jwe ak ti pitit gason l.

    Ki jan paran w yo montre yo gen sousi pou ou?

  • Yon sèn nan videyo “Lavi m antanke jèn — Ki jan pou m pale ak paran m?” Yon antrenè baskèt k ap desine taktik pou ekip la jwe sou yon ti tablo ki nan men l.

    Paran w yo vle w reyisi

    Ki prensip nan Bib la ki ta ka ede w pale ak paran w yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje