BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb22 janvye p. 13
  • Leson nou aprann nan istwa lavi Samyèl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Leson nou aprann nan istwa lavi Samyèl
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Sou menm sijè a
  • Li “te kontinye jwenn favè Jewova”
    Annou imite lafwa yo
  • Jewova pale ak Samyèl
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Li te andire malgre li te jwenn desepsyon
    Annou imite lafwa yo
  • Samyèl te kontinye fè sa ki byen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
mwb22 janvye p. 13
Foto ki ansanm: Egzanp ki baze sou videyo “Ann aprann nan men yo — Samyèl.” 1. Dani. 2. Ti Samyèl.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Leson nou aprann nan istwa lavi Samyèl

Samyèl te rete fidèl ak Jewova pandan tout lavi l. Antanke yon ti gason, li te refize vin kòwonpi menm jan ak Ofni ak Fineyas, pitit gason Eli yo (1Sa 2:22-26). Samyèl te kontinye grandi, e Jewova te ansanm avè l (1Sa 3:19). Lè l te vin granmoun, li te kontinye mache nan chemen Jewova a, menm lè pitit gason l yo pa t fè sa. — 1Sa 8:1-5.

Ki sa nou ka aprann nan egzanp Samyèl? Si w se yon jèn, ou mèt gen konfyans Jewova konprann pwoblèm w ap rankontre ak fason w santi w. Li ka ede w pou w gen kouraj (Eza 41:10, 13). Si w se yon paran ki gen pitit ou ki pap sèvi Jewova, ou ka jwenn rekonfò lè w konnen Samyèl pa t ka fòse pitit gason l yo ki fin gran rete atache ak prensip Jewova yo. Toutpandan Samyèl te lage bagay yo nan men Jewova, li te kenbe entegrite l e l te fè Jewova, Papa l ki nan syèl la plezi. Petèt, bon egzanp ou bay ka pouse pitit ou a tounen vin sèvi Jewova.

GADE VIDEYO KI GEN TIT ANN APRANN NAN MEN YO — SAMYÈL, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon sèn nan videyo “Ann aprann nan men yo — Samyèl.” Ti Samyèl k ap pote bwa nan lakou tabènak la.

    Antanke yon ti gason, ki jan Samyèl te montre l gen kouraj?

  • Yon sèn nan videyo “Ann aprann nan men yo — Samyèl.” Dani al pale ak frè l la konsènan vi doub l ap mennen an.

    Ki jan Dani te montre l gen kouraj?

  • Yon sèn nan videyo “Ann aprann nan men yo — Samyèl.” Pwofèt Samyèl ki vin granmoun.

    Antanke yon granmoun, ki jan Samyèl te bay yon bon egzanp?

  • Yon sèn nan videyo “Ann aprann nan men yo — Samyèl.” Paran Dani yo yon ti tan apre yo fin fè temwayaj piblik ansanm ak Dani.

    Jewova soutni moun ki pran pozisyon fèm pou sa ki dwat

    Ki jan paran Dani yo te bay yon bon egzanp?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje