TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A
Okòmansman Sayil te gen imilite ak modesti
Sayil te gen modesti e li te ezite lè yo te chwazi l pou l vin wa (1Sa 9:21; 10:20-22; w20.08 10 § 11)
Sayil pa t pale di lè lòt moun te pale l mal (1Sa 10:27; 11:12, 13; w14 15/3 9 § 8)
Sayil te aksepte direksyon lespri sen Jewova bay (1Sa 11:5-7; w95-F 15/12 10 § 1)
Imilite ap ede nou wè privilèj nou yo ak kapasite nou genyen yo kòm kado Jewova ban nou (Wm 12:3, 16; 1Ko 4:7). Epitou, si nou gen imilite, n ap kontinye konte sou Jewova pou n jwenn direksyon.