BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN
Modèl Konvèsasyon
Kanpay envitasyon Memoryal (19 mas–15 avril)
“Nou kontan envite w vin asiste yon evènman espesyal plizyè milyon moun pral asiste. Se anivèsè lanmò Jezi.” Bay moun nan yon fich envitasyon oswa voye l nan yon mesaj oubyen yon lèt. “Nan fich envitasyon sa a, w ap jwenn adrès kote y ap fè Memoryal la ak lè y ap fè l nan zòn ou an [oswa fason w ka asiste l sou Entènèt]. N ap tou pwofite envite w vin tande yon diskou espesyal k ap fèt nan wikenn anvan Memoryal la.”
Si moun nan enterese: Pase videyo Sonje lanmò Jezi a [oswa voye l nan yon mesaj oubyen nan yon imel] pou li.
Pou pwochen vizit: Poukisa Jezi te mouri?
Premye rankonta (1-18 Mas, 16-30 Avril)
Kesyon: Kiyès Jezi te ye?
Vèsè: Mt 16:16
Pou pwochen vizit: Poukisa Jezi te mouri?
Nouvèl vizitb
Kesyon: Poukisa Jezi te mouri?
Vèsè: Mt 20:28
Pou pwochen vizit: Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou sakrifis Jezi a?