BYOGRAFI
Bon egzanp m te suiv te pèmèt mwen jwenn anpil benediksyon
LÈ M te jèn, m te twouve l difisil pou m al preche. Lè m te vin pi gran, m te vin jwenn yon seri asiyasyon m te santi m pa t kalifye pou yo. Kite m rakonte nou ki jan bon egzanp kèk moun te bay te ede m fè fas ak laperèz mwen te genyen an e ki jan sa te ede m jwenn yon pakèt benediksyon pandan 58 ane mwen pase nan sèvis aplentan.
Mwen fèt nan vil Kebèk, nan pati kote yo pale fransè nan pwovens Kebèk, o Kanada a. Paran m, Louis ak Zélia, te leve m avèk lanmou. Papa m te yon moun ki timid anpil e l te renmen li. M te renmen ekri e m te vle vin jounalis.
Lè m te gen anviwon 12 an, Rodolphe Soucy, youn nan kòlèg travay papa m yo, te vin vizite nou lakay la ak yon zanmi l. Yo te Temwen Jewova. M pa t twò konn Temwen yo e m pa t vrèman enterese nan relijyon sa a. Men, mwen te renmen fason yo te reponn kesyon yo pa mwayen Bib la avèk jantiyès e yon fason ki lojik. Sa te gen gwo efè sou paran m yo tou, se sa k fè nou te aksepte yon etid Labib.
Nan epòk sa a, mwen te nan yon lekòl katolik. Kèk fwa, m te konn pale ak kamarad mwen yo sou sa m t ap aprann nan Bib la. Rive yon lè, pwofesè yo, ki te prèt, te aprann sa. Gen youn nan yo, olye l te sèvi ak Bib la pou l demanti m, li te fè konnen m se yon rebèl devan tout klas la! Menm lè sitiyasyon sa a te ban m strès, sa te vin yon benediksyon pou mwen paske sa te ede m wè ansèyman lekòl la t ap bay nan domèn relijye te depaman ak sa Bib la di. Mwen te vin konprann plas mwen pa t la. Avèk pèmisyon paran m, m te chanje lekòl.
MWEN APRANN RENMEN TRAVAY PREDIKASYON AN
Mwen te kontinye etidye Labib, men m te pran tan pou m fè pwogrè paske m te pè al preche kay an kay. Legliz katolik te gen anpil pouvwa e l te opoze anpil ak travay predikasyon an. Maurice Duplessis, ki te premye minis Kebèk lè sa a, te yon gwo patizan Legliz katolik. Li te dakò pou yon seri foul moun nui Temwen yo e menm atake yo. Yon moun te dwe gen anpil kouraj pou l preche nan epòk sa a.
Youn nan frè ki te ede m pou m sispann pè se John Rae, yon frè ki te gradye nan nevyèm klas Lekòl Galaad la. John te yon frè ki gen anpil eksperyans, li te dou, li te gen imilite e moun te santi yo alèz pou yo pwoche kote l. Se yon lè konsa li te konseye m yon fason ki dirèk, men m te aprann anpil bagay grasa bèl egzanp li te bay. John t ap fè gwo efò pou l pale fransè, se sa k fè m te toujou akonpaye l nan travay predikasyon e m te ede l preche an fransè. Lefètke m te konn pase tan avèk John sa te ede m rive pran pozisyon fèm pou laverite. M te batize 26 me 1951, dizan apre premye kontak mwen avèk Temwen Jewova yo.
Bon egzanp John Rae (A) te ede m (B) sispann pè preche kay an kay.
Pifò pwoklamatè nan ti kongregasyon nou an nan vil Kebèk se te pyonye. Yo te gen bon enfliyans sou mwen, e sa te pouse m vin pyonye. Nan epòk sa a, nou te konn preche kay an kay ak Bib la sèlman. Piske n pa t gen piblikasyon, nou te dwe fè efò pou n vin maton nan fason nou sèvi ak Bib la. Se sa k fè mwen te fè efò pou m pi byen konn vèsè nan Bib la ki ka ede m defann laverite. Men, gen anpil moun, menm li yo pa t dakò li sa k nan Bib la si tradiksyon Labib sa a pa t gen apwobasyon ofisyèl Legliz katolik la (Imprimatur) sou li.
Nan ane 1952 mwen te marye ak Simone Patry, yon sè fidèl nan kongregasyon m. Nou te demenaje al viv Monreyal e nan premye ane maryaj nou, nou te kontan gen pitit fi nou an ki rele Lise. Byenke m te kanpe sèvis pyonye a yon ti tan anvan m te marye ak Simone, nou te fè efò pou nou viv yon fason ki senp pou fanmi an te ka byen soutni aktivite kongregasyon an.
Dizan te gentan pase anvan m te rekòmanse reflechi seryezman sou sèvis pyonye a. An 1962, pandan m te nan Lekòl ministè Wayòm yo te fè pou ansyen yo, nan Betèl Kanada, ki te dire yon mwa, yo te mete m nan menm chanm ak yon frè ki rele Camille Ouellette. Fason Camille te chofe pou travay predikasyon an te gen yon gwo efè sou mwen, sitou paske l te marye e l te gen pitit. Nan epòk sa a, li te ra pou yon paran k ap leve timoun pran sèvis pyonye nan vil Kebèk, men, se objektif sa a Camille te genyen. Pandan ti tan nou te pase ansanm nan, li te ankouraje m reflechi sou sitiyasyon m. Apre kèk mwa sèlman, mwen te rann mwen kont mwen kapab repran sèvis pyonye a. Gen kèk moun ki pa t panse se te yon bon desizyon, men, mwen te rekòmanse sèvis pyonye a, e m te gen konfyans Jewova t ap beni efò m fè pou m patisipe plis nan travay predikasyon an.
NOU RETOUNEN NAN VIL KEBÈK KÒM PYONYE ESPESYAL
An 1964, mwen menm ak Simone, te resevwa asiyasyon pou nou sèvi kòm pyonye espesyal nan vil Kebèk, vil kote nou fèt la, e nou te sèvi la pandan plizyè ane. Nan epòk sa a, li te vin pi fasil pou nou preche, men te toujou gen moun ki opoze avè n.
Yon samdi aprèmidi, yo te arete m nan vil Sent Mari, yon ti vil ki pa lwen vil Kebèk. Gen yon polisye ki te mennen m nan pòs polis la e li te mete m nan prizon paske m t ap preche kay an kay san m pa t gen yon otorizasyon. Annapre, yo te mennen m devan yon jij ki te rele Baillargeon, yon jij ki te ka fè w tranble. Li te mande m kiyès ki pral defann mwen nan tribinal la. Lè m te site non Glen Howa, yon avoka ki Temwen Jewova anpil moun te konnen, li te di: “O, non! Pa misye!” Anpil moun te konnen Glen How paske li te konn genyen anpil pwosè pou Temwen Jewova yo nan epòk sa a. Apre yon ti tan, tribinal la te fè m konnen yo retire akizasyon yo.
Akoz opozisyon ki te gen nan vil Kebèk, li te difisil tou pou nou lwe kote ki apwopriye pou n fè reyinyon yo. Sèl kote ti kongregasyon nou an te jwenn pou l fè reyinyon se te yon vye garaj ki pa t gen chofaj ladan l. Pou frè yo te ka jwenn yon ti chalè pandan sezon fredi yo, yo te konn itilize yon chofaj ki mache ak luil. Byen souvan, nou te konn reyini toutotou l pandan kèk èdtan anvan reyinyon yo pou nou pataje kèk eksperyans ankourajan youn ak lòt.
Se yon bagay estrawòdinè pou n wè bon rezilta nou jwenn nan travay predikasyon an tank ane yo t ap pase. Lontan, nan ane 1960 yo, te gen sèlman kèk ti kongregasyon nan zòn tankou vil Kebèk, Kotnò ak penensil Gaspe. Jodi a, gen plis pase de sikonskripsyon nan zòn sa yo, e frè yo reyini nan bèl Sal Wayòm.
NOU JWENN ENVITASYON POU SÈVIS ITINERAN AN
An 1977, mwen te asiste yon reyinyon pou siveyan itineran yo nan vil Towonto, nan peyi Kanada.
Nan ane 1970, yo te envite mwen menm ak Simone nan sèvis sikonskripsyon an. Epi, an 1973, yo te voye nou nan sèvis distri a. Pandan ane sa yo, mwen te aprann anpil bagay nan men yon seri frè ki kalifye tankou Laurier Saumurb ak David Splanec ki te de siveyan itineran. Apre chak asanble, mwen menm ak David te konn bay youn lòt konsèy pou nou amelyore fason nou anseye. Mwen sonje yon lè David te di m: “Léonce, mwen te renmen fason w te fè diskou final la. Se te yon bon diskou, men m te ka fè twa diskou ak tout enfòmasyon sa yo!” M te gen tandans mete twòp enfòmasyon nan diskou m yo. Mwen te dwe aprann ki jan pou m pale mwens lè m ap fè yon diskou.
Mwen te sèvi nan plizyè vil nan pati lès peyi Kanada.
Siveyan distri yo te gen responsablite pou yo ankouraje siveyan sikonskripsyon yo. Men, anpil pwoklamatè nan vil Kebèk te konnen m byen. Byen souvan yo te konn vle preche avè m lè m ap vizite sikonskripsyon yo. Mwen te pran plezi preche avèk yo, men, mwen pa t pase ase tan ak siveyan sikonskripsyon an. Yon lè, gen yon siveyan sikonskripsyon ki gen lanmou ki te fè m sonje sa. Li te di: “Mwen kontan wè w rive jwenn tan pou frè yo, men pa bliye semèn sa a se semèn pa m. Mwen bezwen ankourajman tou!” Bon konsèy sa a te ede m pou m gen plis ekilib.
Malerezman, nan ane 1976, mwen te fè fas ak yon evènman terib mwen pa t atann. Simone, madanm mwen te renmen anpil la, te vin malad grav e li te mouri. Se te yon bon madanm paske li pa t egoyis e li te renmen Jewova anpil. Lefètke m te rete okipe nan travay predikasyon an sa te ede m fè fas ak eprèv sa a, e m di Jewova mèsi pou èd li te ban mwen avèk lanmou pandan moman difisil sa a. Apre sa, mwen te vin marye ak Carolyn Elliott, yon sè ki pale anglè ki zele nan travay predikasyon an. Li te vin Kebèk pou l ka preche kote ki bezwen plis pwoklamatè. Carolyn se yon sè ki abòdab e ki enterese nan moun toutbon, sitou moun ki timid oubyen ki poukont yo. Li te vin yon gwo benediksyon pou mwen lè l te vin nan sèvis itineran an avè m.
YON ANE ESPESYAL
An janvye 1978, yo te mande m pou m vin enstriktè nan premye Lekòl pyonye ki te fèt nan Kebèk la. Mwen te santi m strese, paske menm jan ak elèv yo, se premye fwa m te wè pwogram kou a. Erezman premye klas mwen an te gen yon pakèt pyonye ki gen eksperyans ladan l. Menm lè se mwen ki te enstriktè nan lekòl la, mwen te aprann anpil nan men elèv yo!
Annapre, toujou nan ane 1978, kongrè entènasyonal ki te gen tèm “La foi victorieuse” la te fèt nan stad olenmpik Monreyal. Se te pi gwo kongrè nou te fè nan Kebèk, e te gen plis pase 80 000 moun ki te asiste l. Mwen te resevwa asiyasyon pou m travay nan Sèvis près la. Mwen te pale ak anpil jounalis e m te kontan wè tout bon bagay yo te ekri sou nou. Yo te pase entèvyou yo te fè avèk nou nan televizyon ak nan radyo pandan plis pase 20 èdtan e yo te pibliye plizyè santèn atik. Sa te bay yon gwo temwayaj!
N AL SÈVI NAN YON LÒT TÈRITWA
An 1996, te gen yon gwo chanjman ki te fèt nan lavi m. Apre m te fin sèvi nan pati kote yo pale fransè nan Kebèk la depi lè m fin batize, mwen te resevwa asiyasyon pou m al nan yon distri kote yo pale anglè nan zòn Towonto. Mwen pa t santi m kalifye pou sa e m te pè fè diskou paske m te santi m pa konn pale anglè byen. M te bezwen priye pi souvan e m te dwe konte sou Jewova plis toujou.
Anvan m te kòmanse sèvis mwen nan distri sa a, mwen te pè anpil, men, kounye a, mwen ka di mwen te pran plezi nan de ane m te pase nan zòn Towonto a. Avèk pasyans, Carolyn te ede m vin pi alèz pou m pale anglè e frè ak sè yo te ede m anpil e yo te ankouraje m anpil. Nou te fè anpil zanmi byen rapid.
Nan wikenn asanble yo, anplis lòt aktivite ak preparasyon m te dwe fè, m te konn pase anviwon inèdtan nan vandredi swa ap preche kay an kay. Gen moun ki ta gendwa mande tèt yo: ‘Poukisa pou m al preche lavèy yon wikenn asanble ki chaje aktivite?’ Men, m te wè m jwenn ankourajman lè m gen bon konvèsasyon ak moun yo nan travay predikasyon an. Menm jodi a, m toujou santi kè m pi kontan lè m patisipe nan travay predikasyon an.
An 1998, yo te voye mwen menm ak Carolyn Monreyal kòm pyonye espesyal ankò. Pandan plizyè ane, travay mwen se te òganize temwayaj piblik espesyal e m te konn travay ak medya yo pou konbat prejije moun yo te gen kont Temwen Jewova yo. Kounye a, mwen menm ak Carolyn pran plezi preche etranje ki fèk vin abite Kanada yo e byen souvan ki swaf pou yo aprann plis bagay sou Bib la.
Mwen menm ak Carolyn, madanm mwen.
Lè m ap reflechi sou 68 ane mwen genyen depi m batize antanke sèvitè Jewova, mwen santi m jwenn anpil benediksyon. Pi gwo benediksyon m jwenn se lefètke m te aprann pran plezi nan sèvis la e m te ede anpil moun aprann konnen laverite. Lise, pitit fi m nan, ak mari l te vin gen pitit. Apre timoun yo fin grandi, Lise ak mari l te pran sèvis pyonye pèmanan. Lè m wè jan Lise toujou chofe pou l patisipe nan travay predikasyon an, sa fè m kontan. Mwen gen anpil rekonesans pou kretyen ki te ede m gen pi bon relasyon ak Jewova e ki te ede m sèvi l diferan fason grasa bon egzanp ak bon konsèy yo te ban m. Mwen wè sèl fason nou ka kontinye rete nan asiyasyon nou se lè nou konte sou lespri sen Jewova ki pisan anpil (Sòm 51:11). Mwen pa sispann di Jewova mèsi dèske l te pèmèt mwen gen gwo privilèj pou m bay non l glwa! — Sòm 54:6.
a Gade istwa lavi Glen How, ki gen tit “La bataille n’est pas la vôtre, mais celle de Dieu”, nan Reveye n! 22 avril 2000 (fransè).
b Gade byografi Laurier Saumur “J’ai trouvé quelque chose pour lequel il vaut la peine de lutter” nan Toudegad 15 fevriye 1977 (fransè).
c David Splane se yon manm Kolèj santral Temwen Jewova yo.