BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w20 me p. 8-11
  • De wa ki opoze nan tan lafen an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • De wa ki opoze nan tan lafen an
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Sou menm sijè a
  • “Wa nò a” nan tan lafen an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Jewova fè nou konnen “bagay ki gen pou rive talè konsa”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Kiyès ki “wa nò a” jodi a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Liv Revelasyon an: Ki sa l anonse pou ènmi Bondye yo?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
w20 me p. 8-11

De wa ki opoze nan tan lafen an

Pwofesi ki nan tablo sa a pale konsènan evènman ki rive anmenmtan. Yo tout montre n ap viv nan “tan lafen an”. — Dàn. 12:4.

Yon tablo ki gen pwofesi anrapò ak wa nò a ansanm ak wa sid la soti ane 1870 rive jis jodi a e ki fè konnen kiyès ki wa sa yo.
  • 1ye nan 4 tablo yo, li montre pwofesi ki gen rapò ak evènman ki rive anmenmtan nan tan lafen an, soti anviwon ane 1870 rive 1918. Yo vin konprann tan lafen an kòmanse apati ane 1914. Pwofesi 1: Yon bèt sovaj ki gen sèt tèt parèt anvan premye dat ki nan tablo a. Pandan Premye Gè mondyal la, setyèm tèt bèt la blese. Apati 1917, setyèm tèt la geri e bèt sovaj la refè. Pwofesi 2: An 1871, yo te ka konn kiyès ki wa nò a, e an 1870 yo te ka konn kiyès ki wa sid la. Se Almay ki vin parèt antanke wa nò an 1871. Okòmansman se Grann Bretay ki te parèt antanke wa sid, men, an 1917, se Pisans mondyal anglo-ameriken an ki ranplase l. Pwofesi 3: Apati ane 1870 yo, Charles T. Russell ak kolaboratè l yo te vin parèt antanke ‘mesaje’ a. Nan kòmansman ane 1880 yo, ‘Toudegad Siyon’ ankouraje lektè l yo pou yo preche bon nouvèl la. Pwofesi 4: Apati 1914, se rekòt la. Yo separe move zèb yo ak ble a. Pwofesi 5: Apati 1917, nou ka konnen kiyès ki pye ki fèt ak fè ak ajil yo. Lòt bagay yo dekri: Evènman ki rive nan monn nan soti 1914 rive 1918, Premye Gè mondyal. Evènman ki gen enpak sou pèp Jewova a: soti 1914 rive 1918, yo met Etidyan Labib yo nan prizon nan peyi Grann Bretay ak ann Almay. An 1918, yo met frè nan syèj mondyal la ki Ozetazini nan prizon.
    Pwofesi 1.

    Vèsè Rev. 11:7; 12:13, 17; 13:1-8, 12

    Pwofesi “Bèt sovaj” la ap vire won sou tè a depi plizyè santèn ane. Nan tan lafen an, setyèm tèt li a blese. Annapre, tèt sa a geri e “tout moun sou tè a” suiv bèt la. Satan sèvi ak bèt sa a pou l “fè lagè ak rès” moun ki rete yo.

    Akonplisman Apre Delij la, lèzòm te tabli gouvènman ki opoze ak Jewova. Plizyè syèk apre sa, pandan Premye Gè mondyal la, anpi Grann Bretay la te vin pèdi anpil fòs. Li te retounen anfòm ankò lè Etazini te vin fè alyans avè l. Sitou nan tan lafen an, Satan sèvi ak tout sistèm politik li a pou l pèsekite pèp Bondye a.

  • Pwofesi 2.

    Vèsè Dàn. 11:25-45

    Pwofesi Wa nò a ak wa sid la opoze youn ak lòt nan tan lafen an.

    Akonplisman Almay fè lagè ak Pisans anglo-ameriken an. An 1945 Inyon sovyetik ak patizan l yo te vin tounen wa nò a. An 1991, Inyon sovyetik kraze, e rive yon lè, Larisi ak patizan l yo vin tounen wa nò a.

  • Pwofesi 3.

    Vèsè Eza. 61:1; Mal. 3:1; Lik 4:18

    Pwofesi Jewova voye “mesaje” l la pou “prepare yon chemen” anvan Wayòm Mesi a tabli. Gwoup moun sa yo te kòmanse “anonse moun ki pòv yo bon nouvèl la”.

    Akonplisman Depi ane 1870 yo, Charles Taze Russell ak kolaboratè l yo te etidye Labib anpil pou yo ka konnen ki sa l anseye toutbonvre. Pandan ane 1880 yo, yo te vin konprann li vrèman enpòtan pou sèvitè Bondye yo patisipe nan travay predikasyon an. Yo te pibliye yon seri atik tankou “N ap chèche 1 000 pwoklamatè” ak “Bondye chwazi nou pou nou preche”.

  • Pwofesi 4.

    Vèsè Mat. 13:24-30, 36-43

    Pwofesi Gen yon ènmi ki simen move zèb nan yon jaden ble. Yo kite move zèb yo grandi e move zèb yo kouvri ble a jiskaske peryòd rekòt la rive. Lè sa a, yo separe move zèb yo ak ble a.

    Akonplisman Apati fen ane 1800 yo, diferans ki gen ant vrè kretyen yo ak fo kretyen yo kòmanse parèt aklè. Pandan tan lafen an, yo rasanble vrè kretyen yo e yo separe yo ak fo kretyen yo.

  • Pwofesi 5.

    Vèsè Dàn. 2:31-33, 41-43

    Pwofesi Pye ki fèt ak fè ak ajil yo se pye yon estati ki fèt ak divès kalite metal.

    Akonplisman Ajil la reprezante moun nan pèp la ki anba dominasyon Grann Bretay ak Etazini ki pa dakò ak gouvènman sa yo. Moun sa yo fè l difisil pou pisans mondyal sa a aji avèk fòs tankou fè.

  • 2yèmnan 4 tablo yo, li montre pwofesi ki gen rapò ak evènman ki rive anmenmtan nan tan lafen an, soti anviwon ane 1919 rive ane 1945. Yo vin wè se Almay ki wa nò rive nan ane 1945. Yo vin wè se Pisans mondyal anglo-ameriken an ki wa sid. Pwofesi 6: An 1919, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo rasanble nan kongregasyon an ki pirifye. Apati 1919, travay predikasyon an ogmante e li kontinye fèt. Pwofesi 7: An 1920, yo tabli Sosyete nasyon yo e li kontinye egziste jis nan kòmansman Dezyèm Gè mondyal la. Lòt bagay yo dekri: Pwofesi 1, bèt sovaj sèt tèt la, li kontinye egziste. Pwofesi 5, pye ki fèt ak fè ak ajil yo, yo kontinye egziste. Evènman ki pase nan monn nan soti 1939 rive 1945, Dezyèm Gè mondyal. Evènman ki gen enpak sou pèp Jewova a: Ann Almay soti 1939 rive 1945, yo met plis pase 11 000 Temwen nan prizon. Nan Grann Bretay soti 1939 rive 1945, yo met anviwon 1 600 Temwen nan prizon. Nan peyi Etazini soti 1940 rive 1944, foul moun atake Temwen yo plis pase 2 500 fwa.
    Pwofesi 6.

    Vèsè Mat. 13:30; 24:14, 45; 28:19, 20

    Pwofesi Yo ranmase “ble a” met nan “depo” epi yo met “esklav fidèl ki prevwayan an” responsab “sèvitè” yo. Yo kòmanse preche “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan sou tout tè a”.

    Akonplisman An 1919, yo met esklav fidèl la responsab pèp Bondye a. Apati epòk sa a, Etidyan Labib yo ogmante travay predikasyon y ap fè a. Jodi a, Temwen Jewova yo preche nan plis pase 200 peyi e yo fè piblikasyon ki baze sou Bib la nan plis pase 1 000 lang.

  • Pwofesi 7.

    Vèsè Dàn. 12:11; Rev. 13:11, 14, 15

    Pwofesi Yon bèt sovaj ki gen de kòn di moun ki abite sou tè a pou yo fè “yon estati pou bèt sovaj” la, e li bay “estati [a] souf”.

    Akonplisman Pisans mondyal anglo-ameriken an pran latèt lè y ap kreye Sosyete Nasyon yo. Gen plizyè lòt nasyon k ap soutni òganizasyon sa a. Finalman, wa nò a vin fè pati Sosyete Nasyon yo tou, men se nan peryòd soti 1926 rive 1933 sèlman. Yo bay Sosyete Nasyon yo yon louwanj sèl Wayòm Bondye a merite, menm jan yo fè sa pou Nasyonzini annapre.

  • 3yèm nan 4 tablo yo, li montre pwofesi ki gen rapò ak evènman ki rive anmenmtan nan tan lafen an, soti 1945 rive 1991. Yo vin wè se Inyon sovyetik ak patizan l yo ki wa nò rive jis nan ane 1991, e apre sa se Larisi ak patizan l yo. Yo vin wè se Pisans mondyal anglo-ameriken an ki wa sid. Pwofesi 8: Yon bonm atomik ki fè yon nyaj ki sanble ak yon pye djondjon, ki montre gwo dega Pisans mondyal anglo-ameriken an lakòz. Pwofesi 9: Yo tabli Nasyonzini an 1945, li ranplase Sosyete Nasyon yo. Lòt bagay yo dekri: Pwofesi 1, bèt sovaj sèt tèt la, li kontinye egziste. Pwofesi 5, pye ki fèt ak fè ak ajil la, li kontinye egziste. Pwofesi 6, an 1945, gen plis pase 156 000 pwoklamatè. An 1991, gen plis pase 4 278 000 pwoklamatè. Evènman ki gen enpak sou pèp Jewova a: Nan peyi Inyon sovyetik, soti ane 1945 rive ane 1950 yo, yo te depòte plizyè milye Temwen nan Siberi.
    Pwofesi 8.

    Vèsè Dàn. 8:23, 24

    Pwofesi Yon wa ki move anpil “fè ravaj yon fason ki terib”.

    Akonplisman Pisans mondyal anglo-ameriken an fè gwo ravaj. Pa egzanp, pandan Dezyèm Gè mondyal la, Etazini te lakòz gwo ravaj moun potko janm wè anvan sa lè l te lage de bonm atomik sou yon nasyon ki ènmi Grann Bretay ak Etazini.

  • Pwofesi 9.

    Vèsè Dàn. 11:31; Rev. 17:3, 7-11

    Pwofesi Bèt ki gen koulè “wouj vif” ki gen dis kòn nan monte sot nan twou san fon an e li se yon uityèm wa. Liv Dànyèl la pale konsènan wa sa a antanke “bagay ki bay repiyans ki lakòz dezolasyon an”.

    Akonplisman Sosyete Nasyon yo vin pa ka fè anyen pandan Dezyèm Gè mondyal la. Apre gè a, yo “mete” Nasyonzini an “plas”. Menm jan ak Sosyete Nasyon yo ki te la anvan, yo bay Nasyonzini yon glwa ki pou Wayòm Bondye a. Nasyonzini pral atake relijyon yo.

  • 4yèm nan 4 tablo yo, li montre pwofesi ki gen rapò ak evènman ki rive anmenmtan nan tan lafen an, soti kounye a rive nan Amagedon. Yo vin konnen se Larisi ak patizan l yo ki wa nò. Yo vin konnen se Pisans mondyal anglo-ameriken an ki wa sid. Pwofesi 10: Dirijan nan monn nan deklare ‘lapè ak sekirite.’ Apre sa gwo tribilasyon an kòmanse. Pwofesi 11: Nasyon yo atake fo relijyon yo. Pwofesi 12: Gouvènman yo ki nan monn nan atake pèp Bondye a. Rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo rasanble nan syèl la. Pwofesi 13: Amagedon. Moun ki chita sou cheval blan an fin pot laviktwa. Bèt sovaj sèt tèt la detwi. Yo kraze pye ki fèt ak fè ak ajil kokenn estati a genyen an. Lòt bagay yo dekri: Pwofesi 1, bèt sovaj sèt tèt la, li kontinye egziste rive nan Amagedon. Pwofesi 5, pye yo ki fèt ak fè ak ajil, yo kontinye egziste rive nan Amagedon. Pwofesi 6, jodi a gen plis pase 8 580 000 pwoklamatè. Evènman ki gen enpak sou pèp Jewova a: An 2017, otorite peyi Larisi yo met kèk Temwen nan prizon e yo sezi biwo filyal la.
    Pwofesi 10 ak 11.

    Vèsè 1 Tes. 5:3; Rev. 17:16

    Pwofesi Nasyon yo deklare “Lapè! Sekirite!” e “dis kòn” yo ak “bèt sovaj la” atake “pwostitye a” e yo detwi l. Apre sa, nasyon yo detwi.

    Akonplisman Nasyon yo ka fè konnen yo rive met lapè ak sekirite. Apre sa, nasyon k ap soutni Nasyonzini yo detwi òganizasyon fo relijyon yo genyen yo. Sa ap montre gwo tribilasyon an kòmanse. Tribilasyon sa a ap fini lè tout sistèm ki fè pati monn nan detwi nan Amagedon.

  • Pwofesi 12.

    Vèsè Eze. 38:11, 14-17; Mat. 24:31

    Pwofesi Gòg anvayi peyi kote pèp Bondye a ye a. Apre sa, zanj yo rasanble “moun Bondye chwazi yo”.

    Akonplisman Wa nò a, ansanm ak rès gouvènman ki nan monn nan, atake pèp Bondye a. Yon ti tan apre kòmansman atak sa a, rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo rasanble nan syèl la.

  • Pwofesi 13.

    Vèsè Eze. 38:18-23; Dàn. 2:34, 35, 44, 45; Rev. 6:2; 16:14, 16; 17:14; 19:20

    Pwofesi “Moun ki chita” sou yon “cheval blan” an fin “pote laviktwa” lè l detwi Gòg ak lame l la. Yo lage “bèt sovaj la” “nan letan dife” a, e yo kraze gwo estati a.

    Akonplisman Jezi, Wa k ap dirije nan Wayòm Bondye a, vin delivre pèp Bondye a. Li menm ansanm ak 144 000 moun k ap dirije ansanm avè l yo ak lame zanj li yo detwi nasyon yo ki mete tèt yo ansanm, anpalan de tout sistèm politik Satan an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje