BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp21 no 1 p. 10-13
  • Ki jan pou n priye Bondye pou l koute nou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan pou n priye Bondye pou l koute nou?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • PRIYE JEWOVA NAN NON JEZI
  • DI PAWÒL KI SOTI NAN KÈ NOU
  • PRIYE ANN AMONI AK VOLONTE BONDYE
  • POU KI BAGAY NOU KA PRIYE?
  • SE POU NOU GEN PASYANS EPI KONTINYE PRIYE
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Pwoche kote Bondye grasa lapriyè
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
wp21 no 1 p. 10-13

Ki jan pou n priye Bondye pou l koute nou?

Jewova se Sila a ki “tande lapriyè”. (Sòm 65:2.) Nou ka pale avè l nenpòt kote e nenpòt ki lè, nou ka pale awotvwa oubyen nan kè nou. Jewova vle nou rele l “Papa” lè n ap pale avèl l, e li se pi bon Papa nou te ka genyen (Matye 6:9). Avèk lanmou, Jewova anseye nou fason pou nou priye l pou l tande nou.

PRIYE JEWOVA NAN NON JEZI

“Si nou mande Papa a yon bagay, nan non mwen, l ap ban nou l.” — Jan 16:23.

Pawòl Jezi te di yo montre byen klè Jewova vle nou priye l. Li pa vle nou itilize imaj, sen, zanj oswa zansèt lè n ap priye l, men pito, li vle nou fè sa nan non Jezi Kris. Lè n priye Bondye nan non Jezi, nou montre n rekonèt se grasa sa Jezi te fè pou nou ki fè Bondye koute priyè nou yo. Men sa Jezi te di: “Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” — Jan 14:6.

DI PAWÒL KI SOTI NAN KÈ NOU

“Ouvri kè nou ba li.” — Sòm 62:8.

Lè n ap priye Jewova, nou dwe pale avè l tankou lè n ap pale ak yon papa ki gen lanmou. Olye nou li sa ki ekri nan yon liv oswa n ap resite yon bagay nou te aprann pa kè, li pi bon pou nou di l sa k nan kè nou avèk respè.

PRIYE ANN AMONI AK VOLONTE BONDYE

“Kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” — 1 Jan 5:14.

Nan Bib la, Jewova Dye di nou sa l pral fè pou nou e li di nou tou sa li vle nou fè pou li. Pou Bondye ka aksepte priyè nou yo, nou dwe priye “selon volonte l”. Pou n fè sa, nou bezwen etidye Bib la pou n ka byen konnen Bondye. Si nou fè sa, Bondye ap koute priyè nou yo.

POU KI BAGAY NOU KA PRIYE?

Yon fanmi k ap priye ansanm anvan yo manje.

Priye pou bezwen nou yo. Nou ka priye Bondye pou bagay nou bezwen chak jou tankou manje, rad ak kote pou n rete. Nou ka priye l pou n mande l sajès pou n ka pran bon desizyon e pou n mande l fòs pou n ka andire eprèv nou jwenn yo. Nou ka priye l tou pou n mande l ban nou lafwa, pou n mande l padon e pou n jwenn èd nan men l. — Lik 11:3, 4, 13; Jak 1:5, 17.

Yon mari ap priye ak madanm li ki kouche sou kabann lopital.

Priye pou lòt moun. Paran ki renmen pitit yo kontan lè timoun yo renmen youn lòt. Nou se pitit Jewova, li vle pou nou enterese nan lòt moun e pou n pran swen youn lòt. Li nòmal pou nou priye pou konjwen nou, pitit nou, fanmi nou ak zanmi nou yo. Men sa disip Jak te ekri: “Se pou nou priye youn pou lòt.” — Jak 5:16.

Yon mesye k ap mache nan yon jaden pandan solèy la ap kouche.

Di Bondye mèsi. Men sa Bib la di sou Kreyatè nou an: “Li fè byen pou nou: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon kote rekòt yo donnen anpil, li ban nou anpil manje e li ranpli kè nou ak lajwa.” ​(Travay 14:17). Lè nou reflechi ak tout sa Bondye fè pou nou, sa pouse nou priye l pou nou di l mèsi. Se sèten, nou dwe montre nou gen rekonesans pou Bondye nan fason nou viv tou. — Kolosyen 3:15.

SE POU NOU GEN PASYANS EPI KONTINYE PRIYE

Pafwa, nou ka santi nou dekouraje paske nou pa jwenn yon repons tousuit pou priyè sensè nou fè yo. Èske sa vle di Bondye pa enterese nan nou? Non. Ann egzamine eksperyans ki annapre yo ki montre nou dwe kontinye priye.

Men sa Steve nou te pale de li nan premye atik la te di: “Si m pa t kontinye priye, m t ap bay lavi a vag lontan.” Ki sa k te fè l chanje? Li te kòmanse etidye Labib e l te aprann nesesite pou l priye e pou l pèsevere nan lapriyè. Men sa Steve di: “M priye Bondye pou m di l mèsi pou sipò m jwenn nan men bon zanmi m yo ki renmen m. Kounye a, m plis kontan pase nenpòt lòt lè.”

Bon, e Jenny li menm, ki te santi l pa merite pou Bondye tande l? Men sa l di: “Lè m te plis santi m pa gen valè, m te sipliye Bondye pou l ede m konprann sa k fè m santi m konsa.” Ki jan sa te ede l? “Lè m te pale ak Bondye, sa te ede m wè tèt mwen jan li menm li wè m nan, sa te ede m wè menmsi kè m ap kondane m, Bondye li menm pa kondane m. Sa te ede m tou pou m pa bay vag, pou m kontinye fè efò.” Ki rezilta l te jwenn? “Lapriyè te ede m wè Jewova kòm yon Moun ki reyèl, yon Bondye ki gen lanmou ak sousi pou moun, yon Papa, yon Zanmi, k ap toujou la pou mwen e k ap ede m toutpandan m ap kontinye fè efò pou m fè volonte l.”

Isabel ak mari l epi pitit gason yo a.

Lè Isabel wè jan Gerard, pitit gason l lan renmen lavi, malgre l andikape, li di: “M rann mwen kont se pi bon fason Jewova te ka reponn priyè m yo.”

Ann egzamine egzanp Isabel tou. Lè l te vin ansent, doktè l te konn suiv la te di l pitit li a t ap fèt ak gwo andikap. Li te kraze nèt. Gen kèk moun ki te menm di l pou retire pitit la. Li di: “M te santi se tankou doulè m te gen nan kè m nan te soti pou l touye m.” Ki sa l te fè? Men sa l di: “M te kontinye priye Bondye pou l ede m.” Lè lè a te rive pou l akouche, li te fè yon pitit gason l te rele Gerard, e pitit la te andikape. Èske Isabel santi Bondye te reponn priyè l te konn fè yo? Wi, li santi sa! Ki jan? Men sa Isabel di ankò: “Lè m gade tigason m nan ki gen katòzan kounye a, ki renmen lavi, malgre l andikape, m rann mwen kont se pi bon fason Jewova te ka reponn priyè m yo, se pi gwo benediksyon Jewova Dye ban mwen.”

Pawòl sensè sa yo fè n panse ak pawòl youn nan moun ki te ekri sòm yo ki di: “W ap tande priyè moun ki gen imilite yo fè, o Jewova. W ap fè kè yo rete fèm e w ap konsantre w sou yo.” ​(Sòm 10:17). Nou gen anpil bèl rezon pou n kontinye priye!

Nan Bib la, nou jwenn anpil nan priyè Jezi te fè yo. Pa gen dout nan sa, priyè moun yo plis konnen an, se priyè li te anseye disip li yo. Ki sa n ka aprann nan priyè sa a?

Priyè yo rele Nòtrepè a se yon modèl pou nou

Yon gwo foul moun k ap koute Jezi pandan l ap fè Diskou sou mòn nan.

Nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan, li te bay disip li yo yon modèl priyè moun yo souvan rele Nòtrepè (Matye 6:9-13; gade tou Lik 11:2-4). Depi lè sa a, anpil moun vin konnen priyè sa a, yo tèlman renmen l, sa fè yo aprann li pa kè epi yo repete l mo pou mo. Èske Jezi vle nou fè sa? Non, paske yon ti tan apre, nan diskou Jezi t ap bay la, li te di disip li yo pou yo pa plede repete menm pawòl yo lè y ap priye (Matye 6:7). Olye de sa, Jezi te anseye moun ki t ap suiv li yo fason pou yo priye e pou ki bagay pou yo priye. Ann gade ki sa n ka aprann nan modèl priyè sa a.

“Papa nou ki nan syèl la”

  • Se sèlman Bondye nou dwe priye.

“Se pou non w vin sen”

  • Nou dwe onore non Bondye, Jewova, e nou dwe rekonèt li se yon non ki sakre.

“Se pou Wayòm ou an vini”

  • Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki nan syèl la, se Jezi ki Wa ladan l. Talè konsa, li pral dirije tout tè a nèt.

“Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la”

  • Volonte Bondye se pou lèzòm viv sou tè a nan lapè ak sekirite pou toutan gen tan.

“Ban nou pen nou bezwen pou jounen an”

  • Se Jewova ki ban nou sa nou bezwen pou nou viv.

“Padone peche nou yo”

  • Nou tout fè anpil erè e nou bezwen padon.

Lè n kenbe pwen sa yo nan lespri nou, sa kapab ede n di pawòl ki gen sans nan priyè pèsonèl nou yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje