BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp21 no 3 p. 6-8
  • Èske gwo etid ak lajan ka garanti yon avni ki sèten?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske gwo etid ak lajan ka garanti yon avni ki sèten?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • YON CHWA ANPIL MOUN FÈ
  • KI REZILTA SA BAY?
  • Paran : ki avni ou vle pou pitit ou ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Tout moun ta renmen gen yon avni ki sèten
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Fason w ka gen yon avni ki sèten
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Konsèy saj pou n gen kè kontan ak satisfaksyon
    Reveye n! — 2021
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
wp21 no 3 p. 6-8
De jèn dam ki pral nan yon kou nan yon inivèsite.

Èske gwo etid ak lajan ka garanti yon avni ki sèten?

Anpil moun panse moun ki fè gwo etid e ki rich yo gen yon avni ki asire. Yo kwè lè yon moun ale nan inivèsite, sa ka ede moun nan vin yon pi bon anplwaye, yon pi bon manm fanmi e yon pi bon sitwayen. Epitou, yo panse yon moun ki fè gwo etid ap jwenn yon djòb ki byen peye. E moun ki fè anpil lajan ap gen kè kontan.

YON CHWA ANPIL MOUN FÈ

Men ki kòmantè Zhang Lee k ap vin nan peyi Lachin fè. Li di: “M te kwè m te dwe diplome nan yon inivèsite pou m soti nan lamizè, e jwenn yon djòb ki peye anpil lajan se garanti kè kontan ak satisfaksyon nan lavi a.”

Pou yo ka ogmante chans yo pou yo gen yon avni ki sèten, anpil moun fè gwo efò pou y al nan gwo inivèsite, e gendelè se nan inivèsite ki nan lòt peyi. Tandans sa a te vin ogmante anpil jiskaske pandemi COVID-19 la te vin anpeche vwayaj entènasyonal yo. Men ki sa Òganizasyon pou kowoperasyon ekonomik ak devlopman te fè konnen nan yon rapò nan ane 2012: “52 pousan nan etidyan k ap etidye nan lòt peyi yo se azyatik yo ye.”

Souvan, paran yo fè gwo sakrifis pou pitit yo ka ale nan inivèsite aletranje. Men sa Qixiang, k ap viv nan peyi Taywann sonje: “Paran m yo pa t gen anpil lajan, men yo te voye nou toule kat timoun yo al nan inivèsite Ozetazini.” Pou yo peye kalite edikasyon sa a, fanmi pa l, menm jan ak anpil lòt fanmi, te vin chaje ak dèt.

KI REZILTA SA BAY?

Youn nan nan jèn dam yo ki chita tou fatige e tou strese devan yon òdinatè byen ta lannuit.

Anpil moun k ap chèche fè gwo etid e k ap chèche richès jwenn fristrasyon

Edikasyon ka amelyore lavi a nan kèk domèn, men li pa toujou bay rezilta etidyan yo te espere a. Pa egzanp, apre plizyè ane sakrifis ak anpil dèt, anpil moun pa ka jwenn travay yo te vle a. Men ki deklarasyon Rachel Mui fè nan yon jounal Sengapou ki rele Business Times: “Moun ki gradye ki pap travay yo vin tounen yon pwoblèm k ap ogmante.” Jianjie, ki gen yon doktora, k ap viv nan peyi Taywann fè konnen: “Anpil moun oblije aksepte yon travay ki pa gen okenn rapò ak sa yo te diplome ladan l lan.”

Byenke gen moun ki jwenn travay nan pwofesyon yo te aprann nan, yo rann yo kont lavi yo pa toujou pase jan yo te espere a. Niran, k ap viv nan peyi Tayilann, ki te jwenn yon travay apre li te sot nan inivèsite nan Grann Bretay fè konnen: “Jan m te espere sa, diplòm nan te ede m jwenn yon travay ki te peye m plis lajan. Toutfwa, lajan anplis sa a te mande pou m travay plis e pou m bay plis nan tan m. Avèk letan, konpayi an te revoke pifò nan anplwaye l yo, e m te pami yo. M te vin konprann pa gen sekirite nan okenn travay.”

Menm moun ki rich e ki swadizan rive nan lavi a gen pwoblèm nan fanmi yo, gwo pwoblèm sante, ak enstabilite ekonomik. Katsutoshi, k ap viv nan peyi Japon fè konnen: “M gen anpil byen materyèl, men m toujou fristre akoz konpetisyon, jalouzi ak moun k ap fè lòt moun mechanste.” Lakshmi, yon dam k ap viv nan peyi Vyetnam, fè konnen: “M wè anpil moun ap redi pou yo jwenn yon travay ki byen peye pou yo jwenn sekirite nan domèn finansye, men an reyalite, se lekontrè yo jwenn, ensekirite, pwoblèm sante, gwo fatig nan domèn fizik ak mantal ansanm ak depresyon.”

POUKISA EDIKASYON AK LAJAN PA SIFI

Se vre, nou bezwen yon edikasyon de baz ak lajan pou nou pran swen tèt nou ak fanmi nou. Sepandan, bagay sa yo pa sifi pou bay yon avni ki sèten. Poukisa? Annou gade sa Bib la fè konnen.

GWO ETID PA TOUJOU FÈ MOUN REYISI.

“Se pa ni moun ki rapid yo ki toujou genyen kous la, [...] ni moun ki entèlijan yo ki toujou gen richès, ni moun ki gen konesans yo ki toujou reyisi, paske move moman ak malè rive sou yo tout sanzatann.” — EKLEZYAS 9:11.

Souvan, moun ki parèt pi kalifye yo pa toujou reyisi akoz yon seri bagay yo pa gen kontwòl yo. Enstabilite ekonomik, enjistis sosyal ak prejije ka anpeche menm moun ki pi byen edike yo fè sa yo ta vle fè.

RICHÈS KA PA DIRE.

“Pa touye tèt ou dèyè richès. Sispann fè sa, epi montre w gen bon konprann. Lè w voye je gade l, li pap la, paske, wè pa wè, l ap pouse zèl tankou èg e l ap vole nan syèl.” — PWOVÈB 23:4, 5.

Kèlkeswa sekirite lajan bay, li la pou yon ti tan. Enstabilite monn nan gen nan domèn finansye ka lakòz yon moun pèdi tout ekonomi l te fè nan yon batje. Katastwòf natirèl yo, tankou tranblemanntè, forè k ap pran dife ak siklòn ka fè yon moun pèdi tout kòb li ak kay li.

SOUVAN LAJAN BAY PWOBLÈM.

“Pakèt byen moun rich la genyen yo pa kite l dòmi.” — EKLEZYAS 5:12.

Franklin, k ap viv nan peyi Ong Kong, te wè jan pawòl saj sa yo se laverite. Li te gen yon gwo edikasyon e l te nan yon djòb ki byen peye. Apre sa li te jwenn pwomosyon pou l jere travay la antanke yon responsab. Men sa l di: “Strès te kòmanse ban m pwoblèm sante. M te tèlman ap enkyete m, m pa t ka dòmi.” Tikras pa tikras, li te rive nan yon pwen li pa t kapab ankò. Men sa l sonje: “M te kòmanse ap mande tèt mwen poukisa m ap fè sa? Epi, m te vin ap reflechi plis sou sans lavi a.”

“Pa touye tèt ou dèyè richès.” — PWOVÈB 23:4

Menm jan ak Franklin, anpil moun rann yo kont gen bagay ki pi enpòtan nan lavi a pase gwo etid ak richès. Gen kèk moun, olye yo konsantre lavi yo sou bagay materyèl, yo chèche gen yon avni ki sèten lè yo fè efò pou yo se bon moun e yo fè byen ak lòt moun. Èske lefètke yo viv fason sa a, se garanti yon avni ki sèten? Atik ki vin apre a pral reponn kesyon sa a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje