BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp21 no 3 p. 9-11
  • Èske si n se bon moun se garanti n ap gen yon avni ki sèten?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske si n se bon moun se garanti n ap gen yon avni ki sèten?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • YON IDE ANPIL MOUN SUIV
  • KI REZILTA SA BAY?
  • Tout moun ta renmen gen yon avni ki sèten
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Fason w ka gen yon avni ki sèten
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Entwodiksyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • “Moun ki gen imilite yo ap posede tè a”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
wp21 no 3 p. 9-11
Yon dam ki leve bay yon dam aje plas li a nan yon bis.

Èske si n se bon moun se garanti n ap gen yon avni ki sèten?

Pandan plizyè syèk, anpil moun te panse si yo se bon moun, se fason sa a y ap gen yon avni ki sèten. Pa egzanp, moun ann oryan yo respekte deklarasyon sa a Confucius, ki se yon anseyan e yon filozòf ki t ap viv ant ane 551 rive ane 479 anvan epòk nou an te fè: “Sa w pa ta renmen moun fè w, pa fè yo li.”a

YON IDE ANPIL MOUN SUIV

Anpil moun toujou kwè si yo gen bon konpòtman, se kle pou yo gen yon avni ki sèten. Yo fè efò pou yo respekte moun, yo gen bon abitid, yo konn plas yo nan sosyete a epi yo fè efò pou yo kenbe konsyans yo klè. Men sa Linh, yon dam k ap viv nan peyi Vyetnam fè konnen: “M te toujou kwè si m onèt e m sensè, m t ap jwenn benediksyon anretou.”

Menm dam sa a k ap bay moun ki pòv ak moun ki pa gen kay manje.

Gen kèk moun se kwayans relijye yo ki motive yo pou yo fè bon bagay. Men sa yon mesye ki rele Hsu-Yun, k ap viv nan peyi Taywann di: “Yo te anseye m aksyon yon moun fè pandan l vivan ap detèmine si l ap jwenn benediksyon pou toutan oswa si l pral toumante apre lanmò l.”

KI REZILTA SA BAY?

Nan fen jounen an, dam nan tris e li fatige, li kenbe pitit gason l nan bra l.

Se vre, lè nou fè bon bagay pou lòt moun n ap jwenn anpil byenfè. Sepandan, anpil moun ki eseye fè byen pou lòt moun ak tout kè yo pa toujou jwenn sa yo espere a anretou. Men sa yon dam ki rele Shiu Ping, k ap viv Ong Kong di: “Eksperyans m te fè te aprann mwen, moun ki fè bon bagay pa toujou jwenn benediksyon anretou. M te eseye fè tout sa m kapab pou m pran swen fanmi m e pou m fè bon bagay. Men maryaj mwen te kraze, e mari m te kite m ak tout ti gason m nan.”

Anpil moun vin rann yo kont relijyon pa toujou fè moun vin pi bon. Men sa Etsuko, yon dam k ap viv Japon di: “M te antre nan yon òganizasyon relijye e m t ap dirije kèk aktivite yo fè pou jèn. M te choke lè m wè jan yo imoral, y ap goumen pou pouvwa, ak fason kèk moun ki te nan relijyon m nan t ap mal sèvi ak lajan legliz la.”

“M te eseye fè tout sa m kapab pou m pran swen fanmi m e pou m fè bon bagay. Men maryaj mwen te kraze, e mari m te kite m ak tout ti gason m nan.” — SHIU PING, ONG KONG

Gen kèk moun ki te zele nan relijyon yo ki te jwenn desepsyon lè yo wè bon bagay yo te fè pa bay bon rezilta. Se konsa Shang, yon dam k ap viv nan peyi Vyetnam te santi l, li di: “Chak jou m te pote fwi, flè ak manje, e m te ofri yo sou yon lotèl pou zansèt mwen yo ki mouri, pandan m te espere m t ap jwenn benediksyon alavni. Malgre m te konn fè tout bon bagay sa yo ak tout pratik relijye sa yo pandan anpil ane, yon maladi te tonbe sou mari m e l te vin depann nèt de lòt moun. Epi annapre, pandan pitit fi m nan t ap etidye aletranje, li mouri pandan l te tou jèn.”

POUKISA LÈ N SE YON BON MOUN SA PA SIFI

Sa enpòtan pou n se yon bon moun, men sa pa sifi pou garanti yon avni ki sèten. Poukisa? Annou egzamine sa Bib la di nou.

SE PA TOUT MOUN KI CHWAZI FÈ SA KI BYEN.

“Yon sèl moun k ap fè peche ka kraze yon pakèt bagay.” — EKLEZYAS 9:18.

Menmsi w fè anpil efò pou w se yon bon moun, lòt moun k ap aji yon fason ki egoyis ka gache avni w. Pa egzanp, pandan yon pandemi ou ka deside suiv konsèy otorite yo bay, e w evite kontak sere ak lòt moun. Men, e si gen lòt moun ki refize kowopere? Konduit moun sa yo ka gen efè sou lòt moun k ap eseye fè sa ki byen yo.

MOUN YO KA TWONPE YO KONSÈNAN SA K BON AK SA K PA BON.

“Gen yon wout ki parèt dwat devan yon moun, men, alafen, se nan lanmò li mennen.” — PWOVÈB 14:12.

Listwa chaje egzanp moun ki te gen konviksyon sa yo t ap fè a te bon jiskaske yo vin rann yo kont yo te nan erè. Bon entansyon pap anpeche yon moun peye konsekans move desizyon l yo.

LAVI NOU PA EKRI DAVANS.

“Nou pa menm konnen sa k ap rive nou demen.” — JAK 4:14.

Kèlkeswa bèl kalite yon moun ta ka genyen, li ka pèdi lavi l nan yon batje. Pa egzanp, pandan pandemi COVID-19 la, anpil moun ki te bay tout yo menm kòm volontè te pèdi lavi yo. Oswa, nou ka pran egzanp Liting, yon dam k ap viv nan peyi Lachin ki te pèdi papa l nan yon aksidan machin. Men sa l di: “M pa t ka konprann kòman yon bon moun konsa ta ka mouri. Papa m te travay di, li pa t pran tèt li pou yon pakèt afè e li te sensè. Se li menm sèl ki te mouri nan machin nan.”

Si lè n se yon bon moun sa pa ban nou asirans n ap jwenn yon avni ki sèten, ki sa k ka bay li? Pou nou reponn kesyon sa a, nou bezwen yon gid nou ka fè konfyans, yon sous enfòmasyon ki ka reponn kesyon nou yo e k ap mennen nou nan yon avni ki sèten. Ki kote nou ka jwenn yon gid konsa?

a Pou nou ka jwenn plis enfòmasyon sou enfliyans ansèyman Confucius la te genyen, gade chapit 7, paragraf 31-35, nan liv L’humanité à la recherche de Dieu. Se Temwen Jewova yo ki pibliye l, e li disponib sou Entènèt sou www.jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje