BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp21 no 3 p. 15
  • Ou ka chwazi avni w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ou ka chwazi avni w
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI JAN NOU KA RENMEN JEWOVA E KOUTE SA L DI?
  • Avni w depann de chwa w fè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Ou kapab pwoche bò kote Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • “Moun ki gen imilite yo ap posede tè a”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Entwodiksyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
wp21 no 3 p. 15
Yon mesye ki nan yon restoran k ap montre yon zanmi l yon bagay sou telefòn li.

Ou ka chwazi avni w

Sa gen anviwon 3 500 ane, Jewova Dye te di moun ki t ap adore l yo sa yo dwe fè pou yo gen yon avni ki sèten: “Mwen mete lavi ak lanmò devan nou e mwen mete benediksyon ak malediksyon devan nou. Nou dwe chwazi lavi pou nou kapab rete an vi, ni nou menm, ni desandan nou yo.” — Detewonòm 30:19.

Pou yo te ka gen yon bèl avni, moun sa yo te dwe fè bon chwa a. Jodi a, nou gen menm posiblite a. Bib la montre ki jan nou ka chwazi yon avni ki sèten: “Lè nou renmen Jewova, Bondye nou an, lè nou koute sa l di.” — Detewonòm 30:20.

KI JAN NOU KA RENMEN JEWOVA E KOUTE SA L DI?

APRANN NAN BIB LA: Pou w renmen Jewova, toudabò w ap bezwen aprann konnen l grasa Bib la. Pandan w ap fè sa, ou pral wè jan li se yon Bondye ki gen lanmou e ki vle sa ki pi bon an pou ou. Li envite w priye l “paske li gen sousi pou [ou].” (1 Pyè 5:7). Bib la pwomèt si w fè efò pou w pwoche bò kote l, li menm tou “l ap pwoche bò kote [w].” — Jak 4:8.

APLIKE SA W APRANN YO: Pou w koute Bondye, sa mande pou w suiv direksyon saj li bay pa mwayen Bib la. Pandan w ap fè sa, “tout sa w ap fè ap reyisi e w ap aji avèk sajès.” — Jozye 1:8.

Pou w aprann plis, vizite sit entènèt nou an, jw.org, kote w ka li Labib sou Entènèt, fè yon etid Labib sou Entènèt,a oswa mande pou w jwenn yon moun ede w konprann Bib la.

Ou ka chwazi depi kounye a, pou w kite Bib la ede w jwenn yon avni ki sèten!

a Pou kounye a, li disponib nan 7 lang, pami yo gen chinwa mandaren ak chinwa kantonè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje