BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w21 fevriye p. 25
  • Tout sa te rive grasa yon souri!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Tout sa te rive grasa yon souri!
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Bon rezilta temwayaj piblik bay toupatou sou tè a
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Lanmou idantifye vrè kretyen yo: li pwoteje bèl inite nou an
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Yo gen respè ak diyite anba pwoteksyon Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Yon ti souri se yon bèl kado pou n pataje
    Reveye n! — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
w21 fevriye p. 25

Tout sa te rive grasa yon souri!

Helen k ap souri pandan l kanpe kot yon charyo piblikasyon. De medam k ap pase.

GEN de jèn dam ki t ap mache ansanm nan yon zòn ki gen anpil biznis nan vil Bagyo, nan peyi Filipin. Je yo te tonbe sou yon charyo piblikasyon, men, yo pa t pwoche kote l. Helen, yon sè ki te kanpe kot charyo a, te ba yo yon bèl souri. Medam yo te kontinye wout yo, men yo pa t bliye bèl souri Helen te ba yo a.

Nan pita, pandan medam yo te nan yon bis pou yo retounen lakay yo, yo te wè yon gwo ansèy jw.org nan yon Sal Wayòm. Yo te sonje se menm lèt sa yo yo te wè sou charyo a. Yo te desann bis la pou y al gade orè reyinyon yo ki afiche sou baryè Sal Wayòm nan.

Menm de medam ki t ap pase yo k ap souri lè yo wè Helen nan Sal Wayòm nan.

Toule de medam yo te asiste youn nan reyinyon ki te fèt annapre yo. E kiyès yo te wè pandan yo t ap antre nan Sal Wayòm nan? Helen! Menm kote a yo te wè se li menm ki te ba yo bèl souri a. Men sa Helen di: “Pandan yo t ap vin kote m, mwen te santi m yon ti jan jennen. Mwen te panse petèt mwen te fè yon bagay ki mal.” Men, medam yo te esplike Helen sa k te pase a.

Medam yo te renmen reyinyon an, e yo te kontan moman yo te pase a. Yo te santi yo lakay yo. Lè yo te wè lòt moun ap netwaye Sal la apre reyinyon an, yo te mande si yo kapab ede yo. Apre sa, youn nan medam yo te kite peyi a, men lòt la te vin nan reyinyon e li te kòmanse etidye Labib. Tout sa te rive grasa yon souri!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje