BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w21 oktòb p. 14-17
  • Fè efò pou w vin zanmi Jewova ankò

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè efò pou w vin zanmi Jewova ankò
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI DIFIKILTE OU KA JWENN?
  • CHÈCHE GEN OBJEKTIF KI REZONAB
  • PA DEKOURAJE!
  • “Rele ansyen yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Ou gen anpil valè pou Jewova!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Nou menm ansyen, kontinye imite apot Pòl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Depi Jewova avè w, ou pa janm poukò w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
w21 oktòb p. 14-17
Yon frè ki sanble dekouraje pandan l ap reflechi ak kantite tan ak efò sa mande pou l rekonstwi kay li ki kraze.

Fè efò pou w vin zanmi Jewova ankò

CHAK ane, gen anpil mouton ki gen anpil valè pou Jewova ki reyentegre nan kongregasyon an. Imajine tout “kè kontan [ki gen] nan syèl la” chak fwa youn retounen (Lik 15:7, 10)! Si w reyentegre, ou mèt gen asirans Jezi ak zanj yo ak Jewova vrèman kontan wè w pran pozisyon pou laverite ankò. Men, pandan w ap kontinye fè efò pou w vin zanmi Jewova ankò, ou ka jwenn difikilte. Ki difikilte konsa, e ki sa ki ka ede w?

KI DIFIKILTE OU KA JWENN?

Anpil frè ak sè kontinye santi yo dekouraje, menm apre yo fin retounen nan kongregasyon an. Petèt ou ka konprann jan wa David te santi l. Menm lè l te fin jwenn padon pou peche l te fè yo, li te di: “Erè m yo twòp pou m sipòte.” (Sòm 40:12; 65:3). Apre yon moun fin retounen vin jwenn Jewova, li ka kontinye santi l koupab oswa santi l wont pandan plizyè ane. Isabelle te fè plis pase 20 an eskominyea. Men sa l te di: “Mwen te twouve l difisil anpil pou m kwè Jewova padone m.” Si w vin dekouraje, sa ka gen move efè ankò sou relasyon w ak Jewova (Pwo. 24:10). Fè efò pou w pa kite sa rive w.

Gen lòt moun ki gendwa ap enkyete yo paske yo santi yo pa ka fè tout sa sa mande pou yo vin pwòch ak Jewova ankò. Men sa Antoine te di apre l te fin reyentegre: “Mwen te santi m bliye tout sa m te aprann oswa tout sa m te konn fè lè m te nan laverite.” Moun ki santi yo konsa ka yon ti jan renka pou yo fè tout sa yo kapab pou Jewova.

Ann pran yon egzanp. Si yon moun gen yon kay li renmen anpil epi yon siklòn ta pase li fè gwo dega nan kay la, moun nan ka santi l dekouraje lè l wè tout efò ak tan sa mande pou l rekonstwi kay la. Menm jan an tou, si w te fè yon peche grav e sa te gen move efè sou relasyon w ak Jewova, ou ka santi sa ap mande anpil efò pou w vin gen bon relasyon ak Jewova ankò. Men, w ap jwenn èd nan sans sa a.

Men envitasyon Jewova fè nou: “Kounye a, vini, annou ranje bagay yo.” (Eza. 1:18). Ou deja fè anpil efò pou w “ranje bagay yo”. Jewova renmen w pou sa. Fè yon ti reflechi: Piske w retounen vin jwenn Jewova, li kapab pran w kòm egzanp pou l reponn akizasyon Satan yo! — Pwo. 27:11.

Lefètke w retounen vin jwenn Jewova, ou deja pwoche pi pre l, e li pwomèt l ap pwoche bò kote w tou (Jak 4:8). Se vre lòt frè ak sè yo wè w retounen nan kongregasyon an, men ou bezwen fè plis toujou. Ou bezwen kontinye ranfòse lanmou w pou Jewova ki Papa w e ki Zanmi w. Ki jan w ka fè sa?

CHÈCHE GEN OBJEKTIF KI REZONAB

Fè efò pou w gen objektif ki rezonab. Petèt ou toujou sonje sa w te aprann sou Jewova ak sou pwomès li fè pou lavni yo. Men, ou bezwen rekòmanse fè yon seri aktivite, tankou preche bon nouvèl la regilyèman, toujou al nan reyinyon, epi pase tan ak frè ak sè yo. Ann egzamine objektif ki vin annapre yo.

Pale ak Jewova souvan. Papa w ki nan syèl la konprann si w kontinye santi w koupab pou sa k te rive a sa ka fè l difisil pou w priye l (Wom. 8:26). Sepandan, ou bezwen “pèsevere nan lapriyè”, ou bezwen di Jewova jis nan ki pwen ou vle vin zanmi l (Wom. 12:12). Men sa Andre sonje: “Mwen te santi m koupab anpil e m te santi m wont anpil. Men, chak fwa m te fin priye, mwen te santi m pi byen, mwen te santi m pi anpè.” Si w pa konn sa pou w di Jewova lè w ap priye, ou ka al nan Sòm 51 ak Sòm 65 pou w wè priyè wa David te fè yo apre l te fin repanti.

Etidye Bib la regilyèman. Sa ap fè lafwa w vin djanm, e sa ap fè w vin pi renmen Jewova (Sòm 19:7-11). Men sa Felipe te di: “Piske m pa t gen abitid li Bib la epi etidye l regilyèman, mwen te vin febli e m te desevwa Jewova. Mwen pa t vle pou sa rive ankò. Se sa k fè mwen te deside fè etid pèsonèl mwen regilyèman.” Ou kapab fè menm jan an. Si w bezwen èd pou w konn ki sa pou w etidye lè w ap fè etid pèsonèl ou, ou kapab mande yon zanmi ki gen matirite pou l ede w.

Fè efò pou w vin zanmi frè w ak sè w yo ankò. Gen kèk moun ki retounen nan kongregasyon an ki pè pou lòt moun pa gade yo mal. Men sa Larissa fè konnen: “Mwen te santi m wont anpil e m te santi m trayi frè m ak sè m yo. Mwen te kontinye santi m konsa pandan anpil tan.” Ou mèt gen asirans ansyen yo ak lòt frè ak sè ki gen matirite yo vle ede w vin gen bon relasyon ak Jewova ankò. (Gade kare ki gen tit “Ki sa ansyen yo kapab fè?”) Yo vrèman kontan w retounen, e yo vle w gen kè kontan! — Pwo. 17:17.

Ki sa k ka ede w vin pi pwòch ak kongregasyon an? Ou bezwen patisipe nan tout aktivite ansanm ak frè ak sè yo, tankou asiste reyinyon yo epi preche regilyèman. Ki jan sa ap ede w? Men sa Felix te di: “Kongregasyon an t ap tann mwen retounen. Mwen te ka wè yo renmen m. Yo tout te fè m santi mwen fè pati fanmi an ankò. Yo te fè m santi Jewova padone m e m ka kontinye sèvi l.” — Gade kare ki gen tit “Ki sa w kapab fè?”

Ki sa w kapab fè?

Chèche gen yon seri abitid k ap ede w vin gen bon relasyon ak Jewova ankò.

Yon ansyen k ap priye ak yon frè ki retounen vin jwenn Jewova.

PALE AK JEWOVA SOUVAN

Di Jewova jan w ta renmen vin zanmi l. Ansyen yo ap priye pou ou e y ap priye avè w.

Ansyen an k ap sèvi ak liv “Annou pwoche bò kote Jewova” a pou l fè etid ak frè a.

ETIDYE BIB LA REGILYÈMAN

Etidye Bib la, e sa ap ede w vin pi renmen Jewova.

Frè a k ap pale ak lòt frè ak sè ki nan kongregasyon an nan yon ti fèt y ap fè.

FÈ EFÒ POU W VIN ZANMI FRÈ AK SÈ YO ANKÒ

Patisipe nan tout aktivite kongregasyon an, asiste reyinyon yo epi preche regilyèman.

PA DEKOURAJE!

Satan ap kontinye met plis pwoblèm sou wout ou pou l eseye dekouraje w pandan w ap fè efò pou w vin zanmi Jewova ankò (Lik 4:13). Kounye a, ou bezwen fè tout sa w kapab pou w ranfòse relasyon w ak Jewova.

Men pwomès Jewova fè konsènan mouton l yo: “M ap chèche mouton ki pèdi yo, m ap fè sa ki gaye yo tounen, m ap met bandaj pou sa ki blese yo e m ap ede sa k fèb yo jwenn fòs.” (Eze. 34:16). Se pa ni de ni twa moun Jewova ede vin gen bon relasyon avè l ankò. Donk, ou mèt gen asirans li vle ede w kontinye fè efò pou relasyon w gen avè l la vin pi solid toujou.

Ki sa ansyen yo kapab fè?

Ansyen an k ap ede frè a rekonstwi kay li ki kraze.

Ansyen yo kapab fè anpil bagay pou yo ede pwoklamatè ki reyentegre yo vin gen bon relasyon ak Jewova ankò. Men sa yo ka fè:

Ba yo asirans. Apot Pòl te konnen “gwo tristès” te ka “fini” ak yon moun ki te peche e ki repanti (2 Kor. 2:7). Byen souvan, moun sa a konn wont e li konn dekouraje. Men konsèy Pòl te bay kongregasyon an: “Nou ta dwe dispoze padone l [...], e nou ta dwe konsole l.” Moun ki reyentegre yo bezwen gen asirans Jewova ak frè ak sè yo renmen yo anpil. Lè ansyen yo felisite yo regilyèman e lè yo ba yo èd yo bezwen, sa ka ede yo pou yo pa dekouraje.

Priye avè yo. “Lè yon moun ki jis fè yon siplikasyon, sa gen anpil fòs e sa efikas.” (Jak 5:16). Men sa Larissa nou te pale de li pi wo a di: “Mwen te di ansyen yo dout mwen te genyen ak sa k te fè m pè. Yo te priye pou mwen. Sa te vin fè m wè ansyen yo pa t fache avè m. Yo te vle ede m vin gen bon relasyon ak Jewova ankò.” Men sa Theo di: “Priyè ansyen yo te fè avè m yo te ban m asirans Jewova renmen m toutbon, li wè sa ki bon lakay mwen, li pa sèlman wè sa k pa bon.”

Chèche vin zanmi yo. Moun ki reyentegre yo bezwen zanmi nan kongregasyon an. Men sa yon ansyen ki rele Justin di: “Pwofite tout okazyon nou jwenn pou n envite yo patisipe nan travay predikasyon an ansanm avè n. E sa k pi enpòtan an, al vizite yo lakay yo. Li vrèman enpòtan pou nou vin zanmi yo!” Gen yon lòt ansyen ki rele Henry ki di: “Si lòt moun nan kongregasyon an wè ansyen yo fè zanmi ak moun ki reyentegre a, y ap chèche fè menm bagay la tou.”

Ede yo pou yo etidye. Yon zanmi ki gen matirite ka ede yon moun ki reyentegre fè yon bon pwogram pou l etidye. Men sa yon ansyen ki rele Darko di: “Mwen renmen pataje trezò mwen jwenn nan etid pèsonèl mwen avè yo, e m renmen montre yo jan m renmen etidye Labib. Epitou mwen pran dispozisyon pou m etidye yon atik ki ankourajan ansanm avè yo.” Gen yon lòt ansyen ki rele Clayton ki di: “Mwen ankouraje yo pou yo chèche yon seri istwa nan Bib la konsènan moun ki te viv sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon pa yo e pou yo chèche wè ki sa yo kapab aprann nan istwa sa yo.”

Montre w se yon bon bèje pou yo. Moun ki reyentegre yo te wè ansyen yo k ap aji tankou jij. Kounye a se moman yo plis bezwen wè yo kòm bèje (Jer. 23:4). Se pou nou toujou dispoze koute yo epi felisite yo. Pale avè yo souvan. Men sa yon ansyen ki rele Marcus konn fè lè l ap fè vizit pastoral: “Nou li yon vèsè nan Bib la ansanm avè yo, nou felisite yo, e nou fè yo konnen nou fyè de yo pou tout efò yo fè pou yo retounen vin jwenn Jewova, e Jewova fyè de yo tou. Nan fen chak vizit nou fikse yon dat pou nou retounen vizite yo ankò.”

a Yo chanje non moun yo nan atik sa a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje