BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w21 novanm p. 31
  • Èske w te konnen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Nawoum — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Pwen enteresan ki nan liv Nawoum nan, liv Abakouk la ak liv Sefànya a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
w21 novanm p. 31
Yon desen ki montre fason bilding ak moniman yo te ye nan vil Niniv tan lontan an.

Niniv se te yon vil ki te gen gwo bilding ak gwo moniman.

Èske w Te Konnen?

Ki sa k te rive Niniv apre epòk Jonas?

OZANVIWON setyèm syèk anvan epòk nou an, Asiri te vin pi gwo anpi nan monn nan. Dapre sa British Museum Blog fè konnen, “tèritwa l te soti depi Chip, nan lwès, rive Iran, nan lès, e Ejip te menm fè pati tèritwa sa a pandan kèk ane”. Niniv, ki te kapital Asiri, se te pi gwo vil nan monn nan. Li te gen kokennchenn moniman, bèl jaden, gwo palè ak gwo bibliyotèk. Te gen yon seri desen sou miray ansyen vil Niniv la ki montre wa Asoubanipal te rele tèt li “wa monn nan”, menm jan ak yon seri lòt wa Asiri. Nan epòk la, sanble pèsonn pa t ka pot laviktwa sou Asiri ak Niniv.

Yon kat ki montre fwontyè anpi Asiri a nan setyèm syèk anvan epòk nou an. Sou kat la gen Ejip, zile Chip ak Niniv.

Pisans mondyal Asiri a se te pi gwo anpi nan monn nan nan epòk sa a.

Sepandan, nan moman Asiri te vin gen plis pisans lan, men sa Sofoni, yon pwofèt Jewova, te fè konnen: “[Jewova] ap detwi Asiri, e l ap fè Niniv vin vid, l ap fè l vin sèch tankou yon dezè.” Mete sou sa, men sa Nawoum, yon pwofèt Jewova, te di: “Pran ajan yo, pran lò yo! [...] Vil la vid, li pa gen moun ladan l e li kraze [...]. Tout moun ki wè w ap kouri pou ou e y ap di: ‘Yo ravaje Niniv!’” (Sof. 2:13; Naw. 2:9, 10; 3:7). Lè moun yo te tande pwofesi sa yo, yo te ka ap mande tèt yo: ‘Èske sa ap janm fèt vre? Èske y ap janm ka pot laviktwa sou Asiri ki gen anpil pisans?’ Sa te parèt enposib.

Niniv te vin tounen yon zòn ki dezole!

Antouka, sa k te parèt enposib la te fèt vre! Nan fen setyèm syèk anvan epòk nou an, Babilónyen yo ak moun peyi Medi yo te pot laviktwa sou Asiri. Rive yon lè, moun te sispann viv nan vil Niniv e yo te vin bliye l nèt! Gen yon liv yon mize pibliye ki fè konnen, “nan epòk Mwayennaj la, zòn sa a te abandone e li te anba tè. Se sitou nan Bib la moun te tande pale de Niniv”. (The Metropolitan Museum of Art in New York.) Gen yon referans ki fè konnen, nan kòmansman ane 1800 yo, “pa gen moun ki te menm konnen si kapital gran anpi Asiri a te egziste toutbonvre”. (Biblical Archaeology Society Online Archive.) Men annapre, nan ane 1845, yon akeyològ ki te rele Austen Henry Layard te kòmanse fouye zòn kote Niniv te ye a. Restan vil la yo te jwenn nan zòn sa a montre Niniv te bèl toutbon.

Lefètke pwofesi konsènan Niniv yo te reyalize egzakteman jan yo te anonse yo a, sa fè n gen plis konfyans pwofesi Bib la bay ki fè konnen pisans politik yo ki la jodi a gen pou yo kraze ap reyalize kanmenm. — Dàn. 2:44; Rev. 19:15, 19-21.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje