BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp22 no 1 p. 12-13
  • 4 | Nou ka pote laviktwa sou lahèn grasa èd bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 4 | Nou ka pote laviktwa sou lahèn grasa èd bondye
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa Bib la anseye:
  • Sa sa vle di:
  • Sa w ka fè:
  • Labib chanje lavi moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Fason pou nou kase chenn lahèn nan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
  • Nou ka pote laviktwa sou lahèn!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
  • Pou ki rezon gen chenn lahèn sa a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2022
wp22 no 1 p. 12-13
Moun k ap mache nan direksyon yon gwo Bib ki ouvri e k ap klere yo. Lonbraj yo montre lahèn yo te gen lontan.

FASON POU NOU KASE CHENN LAHÈN NAN

4 | Nou Ka Pote Laviktwa Sou Lahèn Grasa Èd Bondye

Sa Bib la anseye:

“Fwi lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, dousè, metriz.” — GALAT 5:22, 23.

Sa sa vle di:

Li posib pou nou kase chenn lahèn nan grasa èd Bondye. Lespri sen l ka ede nou pwodui yon seri kalite nou pa t ap janm ka posede poukont nou. Kidonk, olye n ap eseye venk lahèn ak pwòp fòs nou, n ap fè pi byen si nou konte sou èd Bondye bay la. Si nou fè sa, n ap ka fè menm eksperyans ak apot Pòl ki te ekri: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” ​(Filipyen 4:13). Vrèmanvre, n ap kapab di: “Se Jewova k ap pote m sekou.” — Sòm 121:2.

Sa w ka fè:

“Jewova te chanje m, alòske m te yon moun ki vyolan, li fè m vin yon moun ki renmen lapè.” — WALDO

Priye Jewova ak tout kè w, mande l ba w lespri sen l (Lik 11:13). Mande l pou l ede w demontre kalite ki soti nan li yo nan lavi w. Etidye sa Bib la di konsènan kalite k ap kontrekare lahèn, tankou lanmou, lapè, pasyans ak metriz. Chèche wè fason w ka kiltive kalite sa yo nan lavi pa w. Epi fè zanmi ak moun k ap eseye kiltive kalite sa yo menm jan avè w. Moun sa yo ka ‘pouse w gen lanmou, pouse w fè bèl aksyon.’ — Ebre 10:24

Eksperyans ki te pase toutbon — WALDO

Li te pot laviktwa sou lahèn ki te fè li vyolan an

Waldo.

Waldo te gen yon vye tanperaman ki te fè l chaje ak lahèn. Men sa li di: “Toutan mwen te konn ap batay nan lari ak dilè dwòg [...]. Yon lè, gen yon lòt gang ki te peye yon atoufè pou l touye m, m te rive chape poul mwen apre m te fin pran yon kout ponya.”

Waldo pa t kontan lè madanm li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Li di: “Mwen te rayi Temwen Jewova yo e plizyè fwa mwen te joure yo, m te di yo mo sal. Men, yo te toujou reponn mwen byen janti.”

Avèk letan, Waldo li menm tou te kòmanse etidye Labib. Li di: “Li pa t fasil pou m aplike sa m t ap aprann yo. Mwen te kwè m pa t ap janm rive kontwole tanperaman vyolan mwen te genyen an.” Men gen yon bagay li te aprann nan Bib la ki te fè yon gwo diferans.

Men sa Waldo esplike: “Yon jou, Alejandro, frè ki t ap etidye Labib avè m nan, te mande m pou m li Galat 5:22, 23. [...] Alejandro te esplike m, se pa ak fòs pa m m ap rive kiltive kalite sa yo, men se grasa lespri sen Bondye. Verite sa a te chanje pwennvi m nèt!”

Lefètke Waldo te konte sou èd Bondye, li te reyisi kase chenn lahèn nan nan lavi l. Men sa li di: “Fanmi m ak ansyen zanmi pa t ka kwè jan m te vin chanje.” Li di: “Jewova te chanje m, alòske m te yon moun ki vyolan, li fè m vin yon moun ki renmen lapè.”

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou istwa Waldo a, ale nan Toudegad 1ye oktòb 2013, paj 12-13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje