BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w22 jen p. 14-19
  • Fason lanmou ede n konbat laperèz

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason lanmou ede n konbat laperèz
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • LÈ NOU PÈ POU N PA KA PRAN SWEN FANMI NOU
  • LÈ NOU PÈ MOUN
  • LÈ NOU PÈ LANMÒ
  • ANN KONBAT LAPERÈZ NOU GENYEN YO
  • Senk rezon ki fè se pou Bondye nou dwe gen krentif, men se pa pou lòm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Montre nou saj : krenn Bondye !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Ki jan w ka vin zanmi Bondye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
w22 jen p. 14-19

ATIK ETID 26

Fason lanmou ede n konbat laperèz

“Jewova avè m, mwen pap pè.” — SÒM 118:6.

KANTIK 105 “Bondye se lanmou”

SA NOU PRAL WÈa

1. Ki sitiyasyon ki konn fè moun pè?

ANN reflechi sou kèk sitiyasyon ki te rive. Nestor ak María, madanm li, te vle al sèvi kote ki gen plis bezwenb. Men, pou yo te rive fè sa, yo t ap bezwen mennen yon vi ki pi senp. Yo te pè pou yo pa t vrèman gen kè kontan si yo te oblije viv ak mwens kòb. Lè Biniam te vin Temwen Jewova nan yon peyi kote yo opoze ak travay nou an, li te rann li kont yo te ka pèsekite l paske l ap sèvi Bondye. Sa te fè l pè. Men, li te pi pè toujou pou fason fanmi l te ka reyaji lè yo aprann li chanje relijyon. Doktè te dekouvri Valérie gen yon kansè k ap gaye byen vit. Valérie te fè tout sa l kapab pou l jwenn yon chirijyen ki t ap respekte kwayans li ki baze sou Bib la anrapò ak san. Nou ka konprann Ii te pè pou l pa t mouri.

2. Poukisa nou bezwen fè efò pou n konbat laperèz nou genyen?

2 Èske w te janm pè konsa? Sa rive anpil nan nou. Si nou pa aprann metrize n lè n pè, sa ka fè nou pran move desizyon ki ka menm gen move efè sou relasyon n ak Jewova. Se sa Satan ta renmen. Epitou, l ap eseye itilize laperèz nou genyen pou l fè n dezobeyi lwa Jewova yo, san wete kòmandman pou n preche bon nouvèl la (Rev. 12:17). Satan mechan, li san pitye e li gen pisans. Men, nou bezwen veye pou l pa pran nou nan pyèj. Ki jan n ka fè sa?

3. Ki sa k ap ede n konbat laperèz nou genyen?

3 Lè nou gen konviksyon Jewova renmen n e l ap toujou soutni nou, Satan pap ka fè nou pè (Sòm 118:6). Pa egzanp, moun ki te ekri Sòm 118 la te fè fas ak kèk sitiyasyon ki te difisil anpil. Li te gen anpil ènmi, sa gen ladan l kèk moun ki te nan gwo pozisyon (vèsè 9, 10). Pafwa, li te anba gwo presyon (vèsè 13). Epitou, li te resevwa gwo disiplin nan men Jewova (vèsè 18). Aktout sa, men sa l te di nan yon chante: “Mwen pap pè.” Ki sa k te fè l gen tout asirans sa a? Li te konnen byenke Jewova, Papa l ki nan syèl la, te disipline l, Li te renmen l anpil. Li te gen konviksyon kèlkeswa sitiyasyon Ii ta rankontre, Bondye l la ki renmen l t ap toujou la pou ede l. — Sòm 118:29.

4. Si nou gen konviksyon Bondye renmen nou, nan ki sitiyasyon ki konn fè moun pè n ap ka metrize nou?

4 Nou bezwen gen konviksyon Jewova renmen nou pèsonèlman. Si nou gen konviksyon sa a, sa ap ede n metrize n nan twa sitiyasyon ki konn fè moun pè: 1) lè nou pè pou n pa ka pran swen fanmi nou, 2) lè nou pè moun, e 3) lè nou pè lanmò. Moun nou te pale de yo nan premye paragraf la te rive konbat laperèz yo te genyen paske yo te gen konviksyon Bondye renmen yo.

LÈ NOU PÈ POU N PA KA PRAN SWEN FANMI NOU

Yon frè, ki ak pitit gason l bò kote l, k ap lanse yon filè nan dlo.

Yon frè, ak pitit gason l bò kote l, k ap fè lapèch pou l pran swen fanmi l. (Gade paragraf 5.)

5. Ki sitiyasyon ki te ka fè yon chèf fanmi gen gwo enkyetid? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

5 Yon chèf fanmi ki kretyen bay responsablite li genyen pou l pran swen fanmi l anpil valè (1 Tim. 5:8). Si w se yon chèf fanmi, petèt pandan pandemi an ou te ka pè pou w pa t pèdi travay ou. Ou te ka ap mande tèt ou èske w t ap kapab bay fanmi w manje epi peye kay ou. Oubyen tou, ou te ka pè si w pèdi travay ou pou w pa ta ka jwenn yon lòt. Oswa, menm jan ak Nestor ak María, nou te pale de yo pi wo a, ou te ka panse li pa posib pou w viv ak mwens kòb. Satan rive fè kèk moun sispann sèvi Jewova paske yo kite sitiyasyon konsa fè yo pè.

6. Ki sa Satan eseye fè n kwè?

6 Satan eseye fè n kwè Jewova pa enterese nan nou pèsonèlman e Li pa fè anyen pou ede n pran swen fanmi nou. Sa ka fè n panse nou oblije fè nenpòt bagay pou n kenbe travay nou, menmsi sa ta vle di pou n vag sou prensip biblik yo.

7. Ki asirans Jezi ban nou?

7 Jezi, ki pi byen konn Papa a pase nenpòt moun, ban nou asirans Bondye nou an “konnen ki sa nou bezwen anvan menm nou mande l”. (Mat. 6:8.) E Jezi konnen Jewova vle ban nou sa nou bezwen. Antanke kretyen, nou fè pati fanmi Bondye. Nou kapab gen asirans, Jewova, antanke Chèf fanmi, ap respekte prensip li te fè ekri nan 1 Timote 5:8 la.

Yon sè k ap fè lesiv ansanm ak pitit fi l. Yon frè ak madanm li k ap pot manje pou yo.

Jewova ap fè nou jwenn sa n bezwen pou n viv. Li ka sèvi ak frè n yo pou l ede n. (Gade paragraf 8.)d

8. a) Ki sa k ap ede n lè nou pè pou n pa ka pran swen fanmi nou? (Matye 6:31-33). b) Jan nou ka wè nan foto a, ki jan nou ka imite mari ak madanm sa a ki pot manje pou yon sè?

8 Lè nou gen konviksyon Jewova renmen nou e li renmen fanmi nou, nou gen asirans n ap jwenn sa nou bezwen yo. (Li Matye 6:31-33.) Jewova vle ban nou sa nou bezwen, e se pa ti renmen I renmen bay! Lè Jewova te kreye tè a, li te ban nou plis pase sa nou t ap bezwen pou n viv. Li te kontan plen tè a ak yon seri bagay ki t ap fè nou plezi anpil (Jen. 2:9). Menmsi pafwa nou jis gen sa n bezwen pou n viv, li ta bon pou n reflechi dèske nou gen sa n bezwen pou n viv. Jewova toujou fè n jwenn sa nou bezwen (Mat. 6:11). Li bon pou n sonje kèlkeswa sa n aksepte pèdi kounye a, sa pa reprezante anyen lè nou konpare l ak sa Bondye nou an ki renmen nou ap ban nou, depi kounye a e alavni. Se sa Nestor ak María te vin konprann. — Eza. 65:21, 22.

9. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Nestor ak María?

9 Nestor ak María t ap viv alèz nan peyi Kolonbi, men sa yo di: “Nou te vle senplifye lavi nou pou n te kapab fè plis nan travay predikasyon an, men, nou te pè pou n pa t gen kè kontan si nou ta vin gen mwens kòb pou n viv.” Ki sa k te ede yo konbat laperèz yo te genyen an? Yo te reflechi sou plizyè fason Jewova te montre l renmen yo. Lefètke yo te gen konviksyon Jewova t ap toujou pran swen yo, yo te kite travay yo ki te peye yo byen. Yo te vann kay yo, e yo t al viv nan yon zòn nan peyi a kote yo te bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Ki jan yo te santi yo apre yo te fin pran desizyon sa a? Men sa Nestor di: “Nou wè pawòl ki nan Matye 6:33 a se laverite. Nou pa janm manke anyen, e nou gen plis kè kontan kounye a.”

LÈ NOU PÈ MOUN

10. Poukisa n ka konprann rezon ki fè moun pè moun?

10 Sa gen lontan depi moun ap fè moun soufri (Ekl. 8:9). Pa egzanp, moun mal sèvi ak otorite yo genyen, kriminèl fè vyolans sou moun, elèv ap bay elèv parèy yo brimad nan lekòl, yo joure yo, yo fè yo menas, e gen kèk moun ki menm aji yon fason ki brital ak moun nan fanmi yo. Donk, nou pa sezi lefètke moun pè moun! Men, ki jan Satan eseye sèvi ak sa pou l ban nou pwoblèm?

11-12. Lè nou pè moun, ki jan Satan kapab itilize sa kont nou?

11 Lè nou pè moun, Satan sèvi ak sa pou l eseye fè n fè yon seri bagay Jewova di pou n pa fè e pou l eseye fè n sispann preche. Satan fè yon seri gouvènman entèdi travay n ap fè a epi pèsekite nou (Lik 21:12; Rev. 2:10). Gen anpil moun nan monn Satan an k ap gaye fo enfòmasyon sou Temwen Jewova yo e k ap bay yon seri vye manti sou yo. Moun ki kwè manti sa yo ka pase nou nan rizib, oubyen yo ka menm atake nou (Mat. 10:36). Èske taktik Satan itilize yo fè nou sezi? Non, sa pa fè n sezi ditou. Li te deja itilize yo nan premye syèk la. — Tra. 5:27, 28, 40.

Yon jèn frè ki abiye pou l al nan reyinyon, l ap mache byen trankil pandan paran l ret devan pòt kay la y ap rele sou li.

Menmsi gen moun nan fanmi n ki opoze avè n, nou kapab gen asirans Jewova renmen nou. (Gade paragraf 12-14.)e

12 Lè gouvènman yo opoze ak nou sa kapab fè n pè. Men, se pa sèl mwayen sa a Satan itilize pou l atake nou. Gen kèk moun, sa k plis fè yo pè se fason moun nan fanmi yo ap reyaji lè yo aprann yo vin Temwen Jewova, men, se pa vyolans fizik moun ta ka fè sou yo. Yo renmen fanmi yo anpil, yo ta renmen yo vin aprann konnen Jewova epi renmen l. Sa fè yo mal lè yo tande fanmi yo ap pale yon fason ki derespektan konsènan vrè Dye a e konsènan moun k ap adore l yo. Sepandan, nan kèk ka, moun nan fanmi yo ki te opoze konn vin aksepte laverite. Men, ann sipoze fanmi nou ta koupe tout kontak avè n akoz kwayans nou vin genyen an. Ki jan n ap reyaji?

13. Lè n gen konviksyon Bondye renmen nou, ki jan sa ka ede n rete djanm si fanmi n abandone n? (Sòm 27:10).

13 Nou ka jwenn konsolasyon nan bèl pawòl ki nan Sòm 27:10 la. (Li vèsè a.) Lè n sonje jan Jewova renmen nou, nou santi n an sekirite menm lè n jwenn opozisyon. Epitou, nou gen konfyans Jewova ap rekonpanse nou pou andirans nou. Jewova ap ban nou tout sa n bezwen pou n viv, l ap ede n pou n ret kalm e pou n gen kè kontan, epi l ap ede n ret pwòch avè l. Pa gen okenn moun ki kapab fè sa menm jan avè l! Biniam, nou te pale de li pi wo a, te viv sa.

14. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Biniam?

14 Biniam te vin Temwen Jewova malgre l te konnen l t ap jwenn gwo pèsekisyon. Lefètke Biniam konnen Jewova renmen l, gade ki jan sa te ede l pou l pa t pè moun. Men sa l te di: “Pèsekisyon m te jwenn yo te pi rèd pase sa m te panse. Men, sa k te fè m plis pè pase pèsekisyon anba men gouvènman an, se te opozisyon nan fanmi m. Mwen te pè pou desizyon m te pran pou m vin Temwen Jewova a pa t desevwa papa m ki pa t ap sèvi Jewova e pou fanmi m pa t panse mwen se yon ka pèdi.” Sepandan, Biniam te gen konviksyon Jewova toujou pran swen moun Li renmen. Men sa Biniam esplike: “Mwen te reflechi sou fason Jewova te ede lòt moun andire pwoblèm ekonomik, prejije, ak vyolans anba men foul moun. Mwen konnen si m ret fidèl ak Jewova, l ap beni m. Lè yo te arete m plizyè fwa e yo te menm maltrete m, mwen te wè jan Jewova ede n nan moman nou bezwen l si n ret fidèl.” Jewova te vin yon Papa toutbon pou Biniam, e pèp Li a te vin yon fanmi toutbon pou li.

LÈ NOU PÈ LANMÒ

15. Poukisa l nòmal pou nou pè lanmò?

15 Labib fè konnen lanmò se yon ènmi (1 Kor. 15:25, 26). Nou ka ap enkyete lè n ap panse ak lanmò, sitou lè nou menm oswa yon moun pa nou malad grav. Poukisa nou pè lanmò? Paske Jewova te kreye n ak anvi pou n viv pou toutan (Ekl. 3:11). Lè nou pè lanmò sa ka ede n pwoteje lavi n. Pa egzanp, sa ka pouse n pran bon desizyon anrapò ak sa n ap manje, egzèsis n ap fè, chèche wè doktè, pran medikaman lè sa nesesè, epi evite met lavi n an danje san nesesite.

16. Lefètke nou pè lanmò, ki jan Satan eseye sèvi ak sa?

16 Satan konnen lavi nou gen anpil valè pou nou. Li fè konnen n ap bay nenpòt sa n genyen, n ap menm aksepte pèdi relasyon n ak Jewova, jis pou n pa pèdi lavi n (Jòb 2:4, 5). Nou konnen sa Satan di a se manti! Men, piske li se “sila a ki gen mwayen pou l lakòz lanmò a”, e li konnen n pè lanmò, li eseye sèvi ak sa pou l fè n vire do bay Jewova (Ebre 2:14, 15). Nan kèk sitiyasyon, Satan konn pouse kèk moun menase sèvitè Jewova yo y ap touye yo si yo pa sispann sèvi Jewova. Nan kèk lòt sitiyasyon, Satan ka pwofite okazyon kote lavi nou an danje e yo oblije kouri lopital avè n pou l eseye fè n pran yon desizyon ki pap fè Jewova plezi. Doktè oswa fanmi nou ki pa kwayan ka fè presyon sou nou pou n pran san, sa ki t ap fè n vyole lwa Bondye bay. Oswa yon moun ka eseye konvenk nou pou n aksepte lòt tretman ki pa ann amoni ak prensip ki nan Bib la.

17. Selon Women 8:37-39, poukisa n pa bezwen pè lanmò?

17 Byenke nou pa ta renmen mouri, nou konnen Jewova pap sispann renmen nou si nou mouri. (Li Women 8:37-39.) Lè Jewova gen zanmi l ki mouri, li kontinye sonje yo, pou li menm se kòmsi yo toujou vivan (Lik 20:37, 38). Se pa ti anvi l anvi reba yo lavi (Jòb 14:15). Jewova te peye chè pou n ka “gen lavi ki pap janm fini an”. (Jan 3:16.) Nou konnen jan Jewova renmen nou e jan l gen sousi pou nou. Donk, olye n vire do bay Jewova lè n malad oswa lè n devan lanmò, nou konte sou li pou l konsole nou, pou l ban nou sajès ak fòs. Se egzakteman sa Valérie ak mari l te fè. — Sòm 41:3.

18. Ki sa w ka aprann nan egzanp Valérie?

18 Lè Valérie te gen 35 an, doktè te dekouvri li fè yon kansè ki ra e k ap gaye byen vit. Ann wè ki jan lanmou l gen pou Jewova te ede l pou l pa pè lanmò. Men sa l di: “Lè m te aprann mwen fè kansè, sa te chanje lavi nou yon sèl kou. Mwen te bezwen fè yon gwo operasyon pou m pa t mouri. Mwen t al wè plizyè chirijyen, men, yo tout te refize fè operasyon an san yo pa ban m san. Mwen te pè anpil. Men, piske m vle respekte lwa Bondye bay, mwen pa t ap janm dakò pran san! Pandan tout vi m, Jewova te montre m jan l renmen m. Kounye a, mwen te jwenn yon okazyon pou m montre l jan m renmen l. Chak fwa doktè te ban m move nouvèl, sa te fè m vin gen plis detèminasyon pou m fè Jewova fyè e pou m pa kite Satan pot laviktwa. Finalman, mwen te opere san m pa t pran san, e tout bagay te byen pase. Se vre mwen kontinye gen pwoblèm sante, men, Jewova toujou ban nou sa n bezwen. Pa egzanp, nan reyinyon kongregasyon nou an te fè nan wikenn anvan mwen te aprann mwen fè kansè a, nou te egzamine atik ki gen tit ‘Met kouraj sou nou pou n fè fas ak pwoblèm yo jodi a’c. Atik sa a te konsole nou anpil. Nou te li l plizyè fwa. Atik konsa ak bon abitid mwen menm ak mari m genyen nan sèvis Bondye fè n santi n anpè, epi sa ede n pou n kontinye rete kalm e pou n pran bon desizyon.”

ANN KONBAT LAPERÈZ NOU GENYEN YO

19. Ki sa k pral rive talè konsa?

19 Grasa èd Jewova, kretyen toupatou sou tè a rive fè fas ak sitiyasyon difisil e yo rive opoze ak Dyab la (1 Pyè 5:8, 9). Ou menm tou ou kapab. Talè konsa, Jewova pral bay Jezi ak moun ki pral dirije ansanm avè l yo lòd pou yo “kraze travay Dyab la”. (1 Jan 3:8.) Apre sa, pèp Bondye a k ap sèvi l sou tè a “pap pè anyen e pa gen anyen k ap fè [yo] pè”. (Eza. 54:14; Mi. 4:4.) Men, annatandan, nou bezwen fè anpil efò pou nou konbat laperèz nou genyen yo.

20. Ki sa k ap ede n konbat laperèz nou genyen yo?

20 Nou dwe kontinye chèche gen plis asirans Jewova renmen sèvitè l yo e l ap pwoteje yo. Yon bagay k ap ede n fè sa, se lè n medite sou fason Jewova te pwoteje sèvitè l yo nan tan lontan e lè n fè lòt moun konn sa. Epitou, nou kapab sonje fason Jewova te ede n pèsonèlman pou n fè fas ak sitiyasyon difisil. Grasa èd Jewova, nou kapab konbat laperèz nou genyen yo! — Sòm 34:4.

KI JAN LANMOU KA EDE N POU N PA . . .

  • pè lè nou pa ka pran swen fanmi n?

  • pè moun?

  • pè lanmò?

KANTIK 129 N ap kontinye andire

a Li nòmal pou yon moun pè, paske sa ka pwoteje l kont danje. Men, li pa toujou bon pou nou pè, paske sa ka met lavi nou an danje. Sa k fè sa? Satan ap sèvi ak sa pou l pouse n pran move desizyon. Donk, nou dwe fè anpil efò pou n pa panike lè n pè. Ki sa k ap ede nou? Atik sa a pral montre lè nou gen konviksyon Jewova avè n e li renmen nou, nou ka konbat kèlkeswa laperèz nou genyen.

b Gen kèk non yo chanje.

c Gade Toudegad 15 oktòb 2012, paj 7-11.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon mari ak madanm ki nan menm kongregasyon ak yon sè ki konn travay di ki pot manje pou sè a ak fanmi l.

e ESPLIKASYON SOU FOTO: Paran yon jèn frè ki pa vle l sèvi Jewova, men, frè a gen konfyans Jewova ap ede l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje