BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w22 jiyè p. 31
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Sou menm sijè a
  • Laverite pa pot lapè, li pot divizyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Lè tout moun nan kay la pa nan menm relijyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Èske n ka fè efò pou n aprann konnen konjwen ki enkwayan yo?
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Li prepare yo pou yo fè fas ak pèsekisyon
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
w22 jiyè p. 31

Kesyon Lektè Yo Poze

Ki sa Jezi te vle di lè l te di: “Pinga nou panse se lapè mwen vin mete”?

Jezi te anseye moun yo pou yo viv anpè youn ak lòt. Sepandan, yon lè li te di apot li yo: “Pinga nou panse se lapè mwen vin met sou latè. Se pa lapè mwen vin mete, men se divizyon. Paske, mwen vin met divizyon ant yon pitit gason ak papa l, e yon pitit fi ap kont manman l, yon bèlfi ap kont bèlmè l.” (Mat. 10:34, 35). Ki sa Jezi te vle di?

Jezi pa t vle met divizyon nan fanmi, men, li te konnen sa l t ap anseye yo t ap lakòz kèk fanmi divize. Donk, moun ki ta renmen vin disip Kris e ki ta renmen batize bezwen konprann pafwa gen moun nan fanmi yo ki ka pa kontan ak desizyon y ap pran an. Si moun yo marye avè l la ki pa kwayan oswa lòt moun nan fanmi an opoze ak yo, li kapab difisil pou yo kontinye aplike sa Kris te anseye yo.

Labib ankouraje kretyen yo pou yo “anpè ak tout moun”. (Wom. 12:18.) Men, sa Jezi te anseye yo ka “met divizyon” nan kèk fanmi. Sa konn rive lè yon moun nan yon fanmi aksepte ansèyman Jezi yo, alòske lòt moun yo pa aksepte ansèyman sa yo oswa yo opoze ak yo. Lè sa a, moun sa yo ka vin “ènmi” moun k ap aprann laverite a. — Mat. 10:36.

Yon jèn fi k ap mache byen deside ale kite manman l, pandan manman l ap sipliye l. Jèn fi a kenbe liv “Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan!” an nan men l.

Lè gen disip Kris k ap viv nan yon kay kote moun yo pa nan menm relijyon, pafwa yo ka bezwen deside si y ap fè Jewova ak Jezi plezi oswa si y ap fè moun nan fanmi yo plezi. Pa egzanp, moun nan fanmi yo ki pa kwayan ka ap fòse yo pou yo selebre yon seri fèt ki gen rapò ak relijyon. Lè yo jwenn eprèv, kiyès y ap chwazi fè plezi? Men sa Jezi te di: “Yon moun ki gen plis afeksyon pou papa l oswa pou manman l pase m pa merite pou l disip mwen.” (Mat. 10:37). Nòmalman, Jezi pa t di pou yon moun vin disip li, li pa dwe kontinye renmen paran l jan l te renmen yo anvan an. Okontrè, li te montre jan sa enpòtan pou yo kite chak bagay nan plas yo. Si moun nan fanmi nou ki pa nan laverite pa vle n adore Jewova, n ap kontinye renmen yo. Men, nou bezwen konprann lanmou nou gen pou Bondye a pi enpòtan.

Pa gen dout, lè moun nan fanmi nou opoze ak nou, sa fè nou mal anpil. Sepandan, disip Jezi yo bezwen sonje pawòl Jezi te di yo. Men sa l te di: “Kèlkeswa moun ki pa pran poto soufrans li pou l suiv mwen, li pa merite pou l disip mwen.” (Mat. 10:38). Sa vle di, lè kretyen yo jwenn opozisyon nan fanmi yo, yo dispoze andire, paske yo konnen sa fè pati soufrans disip Kris yo t ap gen pou yo andire. Men, yo espere bon konduit yo genyen ap fè moun nan fanmi yo ki opoze chanje, e sa ap fè yo anvi konn mesaj ki nan Bib la. — 1 Pyè 3:1, 2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje