BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w22 desanm p. 16-21
  • Ou kapab gen lapè lè gen gwo pwoblèm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ou kapab gen lapè lè gen gwo pwoblèm
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FASON POU N GEN LAPÈ LÈ GEN EPIDEMI
  • FASON POU N GEN LAPÈ LÈ GEN YON KATASTWÒF
  • FASON POU N GEN LAPÈ LÈ N JWENN PÈSEKISYON
  • “BONDYE LAPÈ A AP AVÈK NOU”
  • Ann ede lòt moun pou yo andire nan moman difisil
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Jan 14:27 — “M’ap ban nou kè poze”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • Lapè: Ki jan nou ka jwenn li?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Annou imite Jezi e n ap santi nou anpè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
w22 desanm p. 16-21

ATIK ETID 51

Ou kapab gen lapè lè gen gwo pwoblèm

“Pa kite anyen boulvèse kè nou, e pa kite laperèz anvayi kè nou.” — JAN 14:27.

KANTIK 112 Jewova, Bondye lapè a

SA NOU PRAL WÈa

1. Ki sa “lapè Bondye” bay la ye, e ki jan l ka itil nou lè n genyen l? (Filipyen 4:6, 7).

GEN yon kalite lapè moun ki nan monn nan pa konnen. Se “lapè Bondye” bay la. Lapè sa a fè kè n poze paske n gen yon bon relasyon ak Papa nou ki nan syèl la. Lè n gen lapè Bondye bay la, nou santi n an sekirite. (Li Filipyen 4:6, 7.) Nou kontan fè bon zanmi ak moun ki renmen Bondye. E nou kontan vin gen yon bon relasyon ak “Bondye lapè a”. (1 Tes. 5:23.) Lè nou konnen Papa nou an, Bondye lapè a, nou met konfyans nou nan li e nou obeyi l, sa kapab fè kè n poze lè n nan yon sitiyasyon ki difisil.

2. Sa k fè nou ka sèten li posib pou n gen lapè Bondye bay la?

2 Èske l vrèman posib pou n gen lapè Bondye bay la lè n ap fè fas ak yon sitiyasyon ki difisil, pa egzanp yon epidemi, yon katastwòf, gwo latwoublay, oswa pèsekisyon? Nenpòt nan gwo pwoblèm sa yo ka fè n pè. Sepandan, men konsèy Jezi te bay disip li yo: “Pa kite anyen boulvèse kè nou, e pa kite laperèz anvayi kè nou.” (Jan 14:27). Erezman, anpil frè ak sè suiv konsèy Jezi bay la. Grasa èd Jewova, yo rive jwenn lapè toutpandan y ap fè fas ak gwo eprèv.

FASON POU N GEN LAPÈ LÈ GEN EPIDEMI

3. Ki jan yon epidemi oubyen yon pandemi ka fè nou pa anpè?

3 Yon epidemi oubyen yon pandemi ka boulvèse prèske tout bagay nan lavi n. Reflechi sou enpak COVID-19 la te gen sou anpil moun. Nan yon etid yo te fè, plis pase mwatye nan moun yo te pale ak yo te fè konnen yo te gen pwoblèm somèy pandan pandemi sa a. Pandemi an te lakòz plis moun vin gen tètchaje, yo te fè depresyon, yo te lage kò yo nan bwè alkòl, ak nan pran dwòg, epitou, te vin gen plis vyolans nan fanmi yo e te vin gen plis moun ki te eseye touye tèt yo. Si gen yon epidemi nan zòn kote w ap viv la, ki sa w ka fè pou w gen mwens enkyetid e pou w gen lapè Bondye bay la?

4. Sa k fè nou santi n anpè lè n konnen pwofesi Jezi te bay konsènan dènye jou yo?

4 Jezi te anonse nan dènye jou yo t ap gen epidemi, oswa maladi k ap gaye toupatou, “nan yon zòn apre yon lòt”. (Lik 21:11.) Lefètke n konn sa, ki jan sa ka fè n santi n anpè? Nou pa sezi lè gen epidemi. Nou konprann bagay sa yo rive jan Jezi te anonse yo a. Se sa k fè nou gen rezon suiv konsèy Jezi te bay moun k ap viv nan tan lafen an. Men sa l te di: “Veye pou sa pa panike nou.” — Mat. 24:6.

Yon sè ki gen yon kas nan zòrèy li e k ap koute anrejistreman odyo sou tablèt li.

Lè w koute anrejistreman odyo Bib la, sa ka ede w santi w anpè pandan yon epidemi. (Gade paragraf 5.)

5. a) Selon Filipyen 4:8, 9, pou ki bagay nou dwe priye lè n ap fè fas ak yon epidemi? b) Lè n koute anrejistreman odyo Bib la, ki jan sa ka ede n?

5 Lè gen yon epidemi, li fasil pou sa fè n enkyete anpil e pou n menm panike. Sa te rive yon sè ki rele Desib. COVID-19 te touye tonton l, kouzen l ak doktè l. Epitou, li te pè pou l pa t pran viris la e pou l pa t bay manman l li ki granmoun. Li te pè tou pou l pa t pèdi travay li akoz pandemi an, sa te fè l ap mande tèt li ki jan l t ap fè jwenn kòb pou l achte manje e pou l peye kay li. Li te tèlman ap enkyete, li te vin pa ka dòmi nan nuit. Men, Desi te vin santi l anpè ankò. Ki sa k te ede l? Li te priye Jewova sou sitiyasyon l lan e l te mande l pou l ede l gen lapè e pou l panse yon fason ki pozitif. (Li Filipyen 4:8, 9.) Li te koute Jewova k ap pale avè l pa mwayen anrejistreman odyo Bib la. Li di: “Lektè yo te li yon fason ki kalm, e sa te fè m santi m anpè, sa te fè m sonje jan Jewova gen mizèrikòd.” — Sòm 94:19.

6. Lè w fè etid pèsonèl e w asiste reyinyon kongregasyon an, ki jan sa ap ede w?

6 Lè gen yon epidemi, li pa toujou fasil pou n kontinye fè yon seri aktivite n abitye fè chak jou. Men, pa kite sa anpeche w fè etid pèsonèl ou oswa asiste reyinyon yo. Bonjan eksperyans ou jwenn nan piblikasyon nou yo ak nan videyo nou yo ap fè w sonje frè w ak sè w yo kontinye ret fidèl ak Jewova malgre yo nan sitiyasyon difisil menm jan avè w (1 Pyè 5:9). Reyinyon yo ap ede w panse ak yon seri enfòmasyon nan Bib la k ap ankouraje w. Epitou, sa ap ba w okazyon pou w ankouraje lòt moun e pou w jwenn ankourajman (Wom. 1:11, 12). Lè w ap reflechi ak jan Jewova te ede sèvitè l ki te malad, ki te pè oswa ki te santi yo poukont yo, lafwa w ap vin pi djanm e sa ap fè w gen konviksyon Jewova ap ede w tou.

7. Ki leson w ka aprann nan egzanp apot Jan?

7 Fè efò pou w ret an kontak ak frè w ak sè w yo. Lè gen yon epidemi, nou ka oblije kenbe distans nou ak lòt moun, menm ak frè n ak sè n yo. Lè konsa, ou ka santi w menm jan ak apot Jan. Li te vle wè Gayis, zanmi l, fasafas (3 Jan 13, 14). Sepandan, Jan te konprann li pa t ap ka wè Gayis pandan yon tan. Donk, Jan te fè sa l te kapab, li te ekri Gayis yon lèt. Si l pa toujou posib pou w al vizite frè w ak sè w yo, ou ka fè efò pou w rele yo nan telefòn, pou w fè apèl videyo ak yo oswa pou w voye mesaj pou yo. Lè w ret an kontak ak frè w ak sè w yo, ou pap tèlman santi w poukont ou e w ap santi w pi anpè. Epitou, fè efò pou w ret an kontak ak ansyen yo, sitou si w santi w pè, epi aksepte bonjan ankourajman yo ba w paske yo renmen w. — Eza. 32:1, 2.

FASON POU N GEN LAPÈ LÈ GEN YON KATASTWÒF

8. Ki jan yon katastwòf ka fè w pa anpè?

8 Si w te viv yon inondasyon, yon tranblemanntè oswa yon dife, petèt ou te fè yon bon bout tan ap enkyete apre katastwòf la. Si w te gen yon moun pa w ki mouri oswa w te pèdi sa w te posede, ou ka te santi w tris anpil, ou ka te santi w sanzespwa oswa w ka te menm fache. Sa pa vle di ou materyalis oswa w pa gen lafwa. Ou te fè fas ak yon eprèv ki difisil, e gen moun ki te ka atann w ap mal reyaji (Jòb 1:11). Men, malgre sitiyasyon sa yo ki bay anpil strès, ou kapab santi w anpè. Ki sa k ka ede w?

9. Ki sa Jezi te di pou l prepare n pou katastwòf ak lòt malè?

9 Sonje sa Jezi te anonse. Kontrèman ak kèk moun nan monn nan ki panse yo pap janm viktim akoz yon katastwòf, nou atann pou gen plis katastwòf toujou, e kèk nan yo ka frape nou. Jezi te fè disip li yo konnen, anvan lafen an vini, t ap gen “gwo tranblemanntè” ak lòt katastwòf ankò (Lik 21:11). Li te anonse tou “mechanste [t] ap ogmante”, e nou viv sa jodi a lè n wè krim, vyolans ak zak teworis k ap fèt (Mat. 24:12). Jezi pa t janm di si malè sa yo frape n se paske Jewova abandone n. Anfèt, anpil sèvitè Jewova ki fidèl viktim akoz katastwòf ak lòt malè (Eza. 57:1; 2 Kor. 11:25). Jewova ka pa fè yon mirak pou l pwoteje n kont tout katastwòf, men, l ap ban nou tout sa n bezwen pou n ret kalm e pou n santi n anpè.

10. Lè n fè preparasyon depi kounye a pou si ta vin gen yon katastwòf, ki jan sa montre nou gen lafwa? (Pwovèb 22:3).

10 L ap pi fasil pou n rete kalm lè gen yon danje si n te fè preparasyon davans. Lefètke nou fè preparasyon davans, èske sa vle di nou pa gen lafwa nan Jewova? Non, se pa sa ditou. An reyalite, lè n prepare n davans pou si ta vin gen yon katastwòf, sa montre nou gen lafwa Jewova kapab pran swen nou. Nan ki sans? Pawòl Bondye a ankouraje n pou n prepare n pou si ta vin gen katastwòf. (Li Pwovèb 22:3.) Epitou, nan peryodik yo, nan reyinyon yo ak nan anons òganizasyon Bondye a bay nan bon moman, se toutan y ap ankouraje n pou n prepare n pou lè gen yon danjec. Èske nou fè Jewova konfyans? Si nou fè l konfyans, n ap suiv konsèy sa a depi kounye a, anvan gen yon katastwòf.

Yon sè ki gen yon kat jeyografi nan men l pandan l chita nan machin li. Li gen boutèy dlo ak lòt pwovizyon nan machin nan.

Lè w prepare davans, sa ka sove lavi w lè gen yon katastwòf. (Gade paragraf 11.)d

11. Ki sa w aprann nan egzanp Margaret?

11 Reflechi sou eksperyans yon sè ki rele Margaret te fè. Otorite yo te ba l lòd pou l kite kay li paske te gen yon gwo dife ki te pran nan zòn kote l te abite a. Piske te gen anpil moun ki t ap eseye kouri kite zòn nan anmenmtan, te vin gen blokis e pèsonn pa t ka avanse. Gwo lafimen nwa te gaye toupatou e Margaret te oblije ret nan machin li pandan yon ti tan. Sepandan, li te rive chape paske l te fè preparasyon davans. Li te met yon kat nan valiz li, e sa te ede l konn lòt wout pou l pase. Li te menm pase nan wout sa a anvan pou l te ka konnen ki kote pou l fè lè gen yon danje. Preparasyon Margaret te fè a te ede l chape nan moman sa a.

12. Poukisa nou suiv enstriksyon yo ban nou pou pwoteje nou?

12 Otorite yo ka mande n pou n suiv enstriksyon yo bay anrapò ak kouvrefe, pou n kite yon zòn, oswa pou n fè yon seri lòt bagay pou yo ka pwoteje n oswa pou yo gen kontwòl yon sitiyasyon. Gen moun ki renka pou yo suiv enstriksyon sa yo oswa y ap trennen kò yo paske yo pa vle kite yon seri bagay yo posede. Ki jan kretyen yo reyaji? Men sa Bib la di nou: “Poutèt Seyè a, soumèt nou devan tout otorite lèzòm etabli: kit se devan yon wa antanke siperyè, kit se devan gouvènè yo antanke moun li voye.” (1 Pyè 2:13, 14). Epitou, òganizasyon Bondye a ban nou enstriksyon pou pwoteje nou. Yo toujou fè n sonje pou n bay ansyen yo enfòmasyon ki ajou pou yo ka jwenn nou lè gen yon danje. Èske w fè sa? Nou ka resevwa enstriksyon tou pou n konnen si pou n abrite n oswa si pou n al yon lòt kote, ki jan pou n jwenn èd oswa ki jan pou n ede lòt moun e ki lè pou n fè sa. Si n pa fè sa yo di n fè a, nou ka met lavi nou ak lavi ansyen yo an danje. Nou bezwen sonje frè fidèl sa yo ap veye sou nou (Ebre 13:17). Men sa Margaret te di: “Mwen pa gen okenn dout lefètke m te suiv enstriksyon ansyen yo ak enstriksyon òganizasyon an ban mwen sa te sove lavi m.”

13. Ki sa k te ede anpil kretyen ki te oblije kite kay yo gen kè kontan ak lapè?

13 Anpil frè ak sè ki te oblije kite kay yo akoz yon katastwòf oubyen akoz lagè oswa gwo latwoublay te fè tout sa yo kapab pou yo adapte yo ak sitiyasyon yo vin ladan l lan, e yo pa t pran tan pou yo te rekòmanse fè yon seri aktivite ki gen rapò ak sèvis yo pou Jewova. Menm jan ak premye kretyen yo ki te gaye akoz pèsekisyon, yo kontinye “anonse bon nouvèl pawòl Bondye a”. (Tra. 8:4.) Lefètke yo preche, sa ede yo ret konsantre sou Wayòm nan olye yo ret konsantre sou sitiyasyon difisil yo ladan l lan. Konsa, yo kontinye gen kè kontan ak lapè.

FASON POU N GEN LAPÈ LÈ N JWENN PÈSEKISYON

14. Lè n jwenn pèsekisyon, ki jan sa ka fè n pa anpè?

14 Lè n jwenn pèsekisyon, sa kapab fè n pa fè yon seri bagay ki fè n santi n anpè nòmalman. Nou santi n kontan e n satisfè lè pa gen anyen ki anpeche n reyini ak frè n ak sè n yo, lè n ka preche avèk yo san pwoblèm, e lè n ka fè yon seri aktivite nou abitye fè chak jou san n pa pè pou yo arete n. Si n pa kapab fè bagay sa yo ankò, nou ka vin ap enkyete, nou ka ap mande tèt nou ki sa k pral rive apre sa. Li nòmal pou n santi n konsa. Sepandan, nou dwe fè atansyon. Jezi te montre pèsekisyon ka fè disip li yo bite (Jan 16:1, 2). Donk, ki jan n ka kontinye gen lapè lè n jwenn pèsekisyon?

15. Poukisa nou pa dwe pè pèsekisyon? (Jan 15:20; 16:33).

15 Pawòl Bondye a fè n konnen: “Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou.” (2 Tim. 3:12). Gen yon frè ki rele Andrei ki te twouve l difisil pou l aksepte reyalite sa a apre yo te fin entèdi travay predikasyon an nan peyi l. Men rezònman l te fè: ‘Gen twòp Temwen Jewova isit la. Ki jan otorite yo ap ka arete nou tout?’ Men, olye pou rezònman sa a te fè Andrei santi l anpè, sa te fè l ap enkyete toutan. Gen lòt frè ki te kite sitiyasyon an nan men Jewova e yo pa t met nan tèt yo yo pa t ap arete yo. Yo te konnen yo te ka arete yo, men, yo pa t bay tèt yo pwoblèm menm jan ak Andrei. Donk, Andrei te deside fè menm jan ak yo e l te kite tout bagay nan men Bondye. Byen vit, li te vin santi l anpè, e kounye a li gen kè kontan malgre toujou gen difikilte. Menm bagay la ka rive nou tou jodi a. Se vre, Jezi te di n ap jwenn pèsekisyon. Men, li te ban n asirans tou n ap kapab ret fidèl. — Li Jan 15:20; 16:33.

16. Ki enstriksyon nou bezwen obeyi lè n jwenn pèsekisyon?

16 Lè yo entèdi travay n ap fè a oswa yo met gwo restriksyon sou li, biwo filyal la ak ansyen yo ka ban nou yon seri enstriksyon. Yo ban nou enstriksyon sa yo pou pwoteje n, epi pou n kontinye jwenn sa n bezwen pou n gen bon relasyon ak Jewova e pou ede n kontinye fè tout sa n kapab pou n preche. Fè anpil efò pou w obeyi enstriksyon w resevwa yo, menmsi w pa fin konprann poukisa yo bay yo (Jak 3:17). Epitou, pa janm bay enfòmasyon sou frè n ak sè n yo oswa konsènan aktivite k ap fèt nan kongregasyon an lè w ap pale ak moun ki pa gen dwa gen enfòmasyon sa yo. — Ekl. 3:7.

Yon frè ki sèvi ak Bib ki sou telefòn li pou l pale ak yon kòlèg pandan yo nan poz.

Ki sa k ap ede w santi w anpè menm nan moman difisil? (Gade paragraf 17.)e

17. Menm jan ak apot yo nan premye syèk la, ki detèminasyon nou pran?

17 Youn nan pi gwo rezon ki fè Satan ap fè lagè ak pèp Bondye a se paske yo “gen kòm travay pou yo bay temwayaj sou Jezi”. (Rev. 12:17.) Pa kite Satan ak monn li an fè w pè. Lè n kontinye preche lè n jwenn opozisyon e nou kontinye anseye, sa ap fè n gen kè kontan e n ap santi n anpè. Nan premye syèk la, lè otorite juif yo te bay apot yo lòd pou yo sispann preche, gason fidèl sa yo te chwazi obeyi Bondye. Yo te kontinye preche, e travay sa a te ba yo kè kontan (Tra. 5:27-29, 41, 42). Nòmalman, lè yo met restriksyon sou travay n ap fè a, nou dwe pran prekosyon lè n ap preche (Mat. 10:16). Men, si n kontinye fè tout sa n kapab, n ap santi n anpè lefètke n konnen nou fè kè Jewova kontan e dèske n ap pataje yon mesaj ak moun yo ki kapab sove lavi yo.

“BONDYE LAPÈ A AP AVÈK NOU”

18. Kiyès ki kapab ban nou lapè nou bezwen an?

18 Nou mèt gen konfyans nou kapab santi n anpè menm nan moman ki pi difisil yo. Lè konsa, nou dwe sonje lapè nou bezwen an se lapè Bondye a, sa vle di lapè sèl Jewova kapab bay la. Konte sou li lè gen yon epidemi, yon katastwòf, oswa pèsekisyon. Ret atache ak òganizasyon l lan. Reflechi sou bèl avni k ap tann ou. Lè w fè sa, “Bondye lapè a ap avèk [ou]”. (Flp. 4:9.) Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan n ka ede frè n ak sè n yo k ap fè fas ak gwo eprèv gen lapè Bondye a.

KI SA K AP EDE W POU W SANTI W ANPÈ LÈ GEN...

  • yon epidemi?

  • yon katastwòf?

  • pèsekisyon?

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

a Jewova pwomèt l ap bay moun ki renmen l yo lapè. Ki sa lapè Bondye bay la ye, e ki jan nou ka jwenn li? Lè n gen “lapè Bondye” bay la, ki jan sa ede n lè n ap fè fas ak epidemi, ak katastwòf, oswa ak pèsekisyon? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa a.

b Gen kèk non yo chanje.

c Gade atik ki gen tit “Kèk konsèy ki ka sove lavi nou lè gen katastwòf” ki parèt nan Reveye n! no 5 ane 2017.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki te fè preparasyon davans pou l kite kay li.

e ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap viv nan yon zòn kote yo met restriksyon sou travay predikasyon an ki kontinye pran prekosyon lè l ap preche.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje