Entwodiksyon
Toupatou sou tè a, pwoblèm sante mantal lakòz plizyè milyon moun ap soufri. Jèn kou granmoun, kèlkeswa mwayen ekonomik yo ak nivo edikasyon yo, kèlkeswa gwoup etnik yo ak relijyon yo, y ap fè fas ak sentòm ki bay kè kase. Ki sa maladi mantal yo ye, e ki efè yo gen sou moun? Peryodik sa a pral pale sou enpòtans yon bon tretman medikal genyen ak divès fason pratik Bib la ka ede.