Lòt atik ki nan Toudegad la
Anpil pwoklamatè sèvi ak JW Library® pou yo prepare reyinyon e yo kontan wè jan l fasil pou yo jwenn chak atik etid ki nan Toudegad la. Men, souvan, Toudegad etid la konn gen lòt atik ki kapab ede n vin pwòch ak Jewova. Ki jan w ka jwenn atik sa yo e ki jan w kapab byen pwofite yo pandan w ap itilize JW Library?
Anba chak atik etid gen yon soutit ki rele “Lòt sijè”. Anba soutit sa a, klike sou lyen “Lòt atik nan nimewo sa a”. Gade lis sijè yo e remake jan tit chak atik etid parèt byen klè ak nimewo yo bò kote yo. Klike sou tit lòt atik ou ta renmen li a.
Nan paj akèy JW Library nan seksyon “Fèk ajoute”, telechaje chak Toudegad ki parèt. Klike sou peryodik ou telechaje a epi ale nan lis sijè yo pou w ka sèten ou li tout atik yo.