BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w23 desanm p. 32
  • Eksperyans

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Eksperyans
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ann demontre konpasyon pou tout kalite moun
  • Ann chèche gen kè sansib menm jan ak Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • “Kè sansib Bondye nou an genyen”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Èske w pare pou gwo tribilasyon an?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Ministè nou an : yon travay ki reflete konpasyon
    Ministè Wayòm nan — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
w23 desanm p. 32

Eksperyans

Ann demontre konpasyon pou tout kalite moun

Yon jou, yon sè nan peyi Nouvèl Zelann te gade videyo ki gen tit “Gen sousi youn pou lòt” la ki montre nonsèlman Jewova gen konpasyon pou moun, men, li montre sa tou (Eza. 63:​7-9). Sè a te deside aplike sa l te aprann nan videyo a lè l te chèche okazyon pou l ede lòt moun. Pi ta nan jounen an, pandan l t ap achte kèk pwovizyon, li te rankontre yon dam ki pa t gen kote pou l rete e li te ofri l pou l achte yon manje pou li. Dam nan te dakò. Lè sè a te pot manje a pou dam nan, li te tou pwofite sèvi ak feyè Èske soufrans ap janm fini? an pou l te fè yon ti pale tou kout sou Bib la avè l.

Dam nan te tonbe kriye. Li te di sè a li te leve nan laverite, men, li pa t fè okenn pwogrè. Men, pa gen lontan depi l ap priye Jewova pou L ede l retounen vin jwenn li. Sè a te ba l yon Bib e li te pran dispozisyon pou l kòmanse yon etid avè l.a

Nou kapab suiv egzanp Jewova anrapò ak demontre konpasyon pou moun, san wete moun nan fanmi nou ak frè n ak sè n yo nan kongregasyon an. E nou kapab demontre konpasyon lè n chèche okazyon pou n bay lòt moun temwayaj.

a Pou n ka konn sa pou n fè pou n ede moun ki inaktif yo, gade atik ki gen tit “Tounen vin jwenn mwen” ki parèt nan Toudegad jen 2020.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje