BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp24 no 1 p. 3
  • Byen ak mal: Yon kesyon ki konsène nou tout

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Byen ak mal: Yon kesyon ki konsène nou tout
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2024
  • Sou menm sijè a
  • Demontre ou gen lafwa: Pran desizyon avèk sajès!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Pran desizyon ki onore Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Fason pou nou pran bon desizyon
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Entwodiksyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2024
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2024
wp24 no 1 p. 3
Yon dam ki se yon gid k ap ede jèn gason ki te nan foto anvan an. Dam nan itilize yon kat jeyografi pou l montre l wout li dwe fè pou l rive kote l prale a, sou tèt mòn nan.

Byen ak mal: Yon kesyon ki konsène nou tout

Si w pral yon kote pou premye fwa, ki sa w ap fè?

  1. 1. Pase nan yon wout ak espwa se bon wout la.

  2. 2. Suiv lòt moun ou panse ki konn wout la.

  3. 3. Chèche yon gid moun ka fè konfyans tankou yon GPS, yon kat jeyografik oswa mande yon zanmi ou fè konfyans ki konn wout la.

Si n chwazi youn nan de premye opsyon yo, n ap rive yon kote, men pa fòseman kote n vle ale a. Men, si n chwazi twazyèm opsyon an, se sèten n ap rive kote n vle ale a.

Lavi nou tankou yon vwayaj nou espere k ap mennen nou nan yon bèl avni. Men pou nou jwenn bèl avni sa a, sa depann de ki kote nou chèche konsèy lè n ap pran desizyon.

Byenke pifò nan desizyon nou pran yo se ti desizyon, men gen lòt k ap gen gwo konsekans sou lavi nou. Desizyon enpòtan sa yo montre nan ki sa nou kwè, sa vle di fason nou wè sa ki byen ak sa ki mal. Desizyon sa yo ap gen efè sou nou menm ak sou moun nou renmen yo pandan anpil tan, swa an byen swa an mal. Desizyon sa yo gen rapò ak bagay tankou:

  • Sèks ak maryaj

  • Onètete, travay ak lajan

  • Fason pou leve timoun

  • Fason pou trete lòt moun

Ki jan w ka sèten desizyon w pran nan domèn sa yo ap fè ou menm ak fanmi w gen yon avni ki bay kè kontan?

Kesyon nou tout dwe poze a se: Ki sa k ka ede m pran bon desizyon anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal?

Peryodik sa a pral esplike rezon ki fè Bib la se yon gid nou ka fè konfyans lè n ap pran desizyon anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal, e ki jan l ka ede w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje