BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w24 jen p. 20-25
  • Sonje Jewova se “Bondye vivan an”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sonje Jewova se “Bondye vivan an”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • BONDYE VIVAN AN AP BA W FÒS
  • BONDYE VIVAN AN AP REKONPANSE W
  • RETE PWÒCH AK BONDYE VIVAN AN
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Sa n ka aprann nan dènye pawòl yon seri mesye ki te fidèl te di
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Nou pa janm poukò n
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
w24 jen p. 20-25

ATIK ETID 25

KANTIK 7 Jewova se fòs nou

Sonje Jewova se “Bondye vivan an”

“Jewova vivan!” — SÒM 18:46.

PWEN KLE

Lè n sonje Bondye n ap adore a se “Bondye vivan an”, sa ede nou anpil.

1. Ki sa k ede pèp Jewova a kontinye adore l malgre pwoblèm yo jwenn?

“TAN yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte.” Se sa Bib la fè konnen konsènan epòk n ap viv la (2 Tim. 3:1). Anplis pwoblèm tout moun jwenn nan sistèm sa a, pèp Jewova a oblije fè fas ak opozisyon ak pèsekisyon. Ki sa k ede nou kontinye adore Jewova malgre pwoblèm sa yo? Youn nan bagay ki plis ede nou, se lefètke nou konnen Jewova se “Bondye vivan an”. — Jer. 10:10; 2 Tim. 1:12.

2. Nan ki sans Jewova se Bondye vivan an?

2 Jewova wè tout difikilte nou jwenn e l toujou vle ede n (2 Kwo. 16:9; Sòm 23:4). Lè n sonje li se Bondye vivan an, sa kapab ede n fè fas ak nenpòt eprèv nou jwenn. Ann wè ki jan wa David te viv sa.

3. Lè David te di “Jewova vivan”, ki sa l te vle di?

3 David te konnen Jewova e li te konte sou Li. Lè ènmi David yo, san wete wa Sayil, t ap chèche touye l, li te priye Jewova pou ede l (Sòm 18:6). Apre Bondye te fin tande priyè David la e l te delivre l, men sa David te di: “Jewova vivan!” (Sòm 18:46). Pawòl sa yo montre David pa t annik kwè Bondye egziste. Gen yon liv ki esplike lè David te di pawòl sa yo, li t ap fè konnen li gen konfyans nan Jewova “antanke yon Bondye vivan ki toujou aji an favè pèp li”. Vrèmanvre, grasa eksperyans David te fè, li te konnen Bondye l la vivan. E lefètke l te gen konviksyon sa a, sa te fè l gen plis detèminasyon pou l sèvi Jewova e pou l fè louwanj pou li. — Sòm 18:​28, 29, 49.

4. Lè n wè Jewova kòm Bondye vivan an, ki jan sa kapab ede n?

4 Lefètke nou gen konviksyon Jewova se Bondye vivan an sa kapab ede n pou n sèvi l ak tout kè n. N ap jwenn fòs pou n andire eprèv e n ap vin pi chofe pou n kontinye travay di nan sèvis li. Epitou, n ap detèmine pou n rete pwòch ak Jewova.

BONDYE VIVAN AN AP BA W FÒS

5. Ki asirans nou kapab genyen lè n jwenn eprèv? (Filipyen 4:13).

5 N ap kapab andire nenpòt eprèv, kit yo gwo kit yo piti, si n sonje Jewova vivan e li toujou la pou ede n. Dayè, pa gen okenn pwoblèm nou jwenn ki twòp pou Bondye nou an. Li Toupisan, e li kapab ban nou fòs pou n andire. (Li Filipyen 4:13.) Donk, nou gen bonjan rezon pou n andire eprèv nou jwenn paske nou gen konfyans l ap ede n. Lè n wè jan Jewova ede n lè n jwenn eprèv ki pi piti, sa fè n gen konviksyon l ap ede nou tou lè n jwenn pi gwo eprèv.

6. Ki eksperyans David te fè lè l te jèn ki te fè l vin gen plis konfyans nan Jewova?

6 Ann wè de eksperyans David te fè ki te ede l vin gen plis konfyans nan Jewova. Lè David te yon jèn bèje, te gen yon lous ki te ale ak youn nan mouton papa l yo, e te gen yon lyon ki te fè menm bagay la tou. Toule de fwa sa yo, David te met kouraj sou li, li te pati dèyè yo e l te sove mouton yo. Men, David pa t janm met nan tèt li se ak pwòp fòs li li te rive fè sa. Li te konnen se Jewova ki te ba l fòs pou l fè sa (1 Sam. 17:​34-37). David pa t janm bliye eksperyans sa yo. Lè l te medite sou sa, li te vin gen konfyans Bondye vivan an t ap ba l fòs alavni.

7. Sou ki sa David te fikse lespri l ki fè l te pot laviktwa sou Golyat?

7 Annapre, petèt pandan David te toujou nan adolesans li, li t al vizite kan lame Izrayèl la. Li te wè sòlda yo panike paske te gen yon jeyan ki moun Filisti ki rele Golyat ki te vin “bay lame Izrayèl la defi”. (1 Sam. 17:​10, 11.) Sòlda yo te pè paske yo te ret ap gade jeyan an e yo t ap tande defi l t ap bay yo (1 Sam. 17:​24, 25). Sepandan, David te wè sitiyasyon an yon lòt jan. Li te konnen lè Golyat t ap bay lame Izrayèl la defi, an reyalite se “lame Bondye vivan an” li t ap bay defi (1 Sam. 17:26). Se ak Jewova David t ap panse. David te gen konfyans menm jan Bondye te ede l lè l te bèje a, li t ap ede l ankò nan sitiyasyon sa a. Piske li te gen konviksyon Bondye avè l, li te atake Golyat e li te genyen batay la! — 1 Sam. 17:​45-51.

8. Ki jan n kapab vin gen plis konfyans Jewova ap ede n lè n jwenn eprèv? (Gade foto a tou.)

8 Nou menm tou nou kapab fè fas ak eprèv nou jwenn yo si nou sonje Bondye vivan an pare pou l ede n (Sòm 118:6). Nou kapab vin gen plis konfyans Jewova ap ede nou lè n reflechi sou sa l te fè nan tan lontan. Li istwa nan Bib la k ap fè w sonje fason Jewova te sove moun ki t ap adore l (Eza. 37:​17, 33-37). Epitou, egzamine rapò ki sou sit Entènèt jw.org la ki montre fason Jewova ede frè n ak sè n yo nan epòk nou an. Mete sou sa, sonje moman Jewova te ede w. Pa bay tèt ou pwoblèm si w pa ka sonje yon eksperyans estrawòdinè tankou se ak yon lous oswa ak yon lyon ou te goumen. Poukisa? Paske Jewova fè anpil bagay pou ou nan lavi w! Li rale w vin jwenn li (Jan 6:44). Menm kounye a, se paske l ede w ki fè w toujou nan laverite. Sa w panse si w ta mande l ede w sonje moman li te reponn priyè w, lè l te ede w nan moman ou te bezwen sa, oswa lè l te soutni w nan yon sitiyasyon difisil? Lè w reflechi sou eksperyans konsa, sa ap fè w vin gen plis konviksyon Jewova ap kontinye ede w.

De frè ki nan prizon ki chita sou yon kabann e k ap pale youn ak lòt. Gen plizyè kat ak lèt ak yon desen sou mi ki dèyè yo a.

Fason nou reyaji devan eprèv nou jwenn gen efè sou Jewova. (Gade paragraf 8-9.)


9. Ki jan nou kapab konsidere eprèv nou jwenn yo? (Pwovèb 27:11).

9 Lefètke n konnen Jewova vivan, sa ap ede n wè eprèv nou jwenn yo yon fason ki pozitif. Nan ki sans? Lè n jwenn eprèv, nou bezwen konsantre sou sa ki pi enpòtan an. Dyab la fè konnen lè n gen pwoblèm n ap abandone Jewova. Donk, fason nou reyaji devan eprèv nou jwenn gen efè sou Jewova. (Jòb 1:​10, 11; li Pwovèb 27:11.) Lè nou byen reyaji devan eprèv nou jwenn, nou montre nou renmen Jewova e nou montre Dyab la se yon mantè. Èske gouvènman nan zòn kote w ap viv la ap bay sèvitè Jewova yo pwoblèm? Èske w gen pwoblèm ekonomik? Èske moun yo pa enterese nan mesaj w ap preche a? Oswa èske w ap fè fas ak lòt eprèv? Si se ka pa w, sonje sitiyasyon w lan ba w okazyon pou w fè kè Jewova kontan. Sonje tou li pap janm kite w tante depase limit (1 Kor. 10:13). L ap ba w fòs pou w andire.

BONDYE VIVAN AN AP REKONPANSE W

10. Ki sa Bondye vivan an pral fè pou moun k ap adore l yo?

10 Jewova toujou rekonpanse moun k ap adore l (Ebre 11:6). Li ban nou lapè ak anpil bon bagay ki fè nou gen kè kontan depi kounye a e l ap ban nou lavi ki pap janm fini an alavni. Nou kapab met espwa nou nan Jewova, paske nou gen konviksyon li vle rekonpanse nou e li gen pouvwa pou l fè sa. E konviksyon sa a fè n ret okipe nan adorasyon n ap ba li a, menm jan sèvitè fidèl li te genyen nan tan lontan yo te fè sa. Se sa Timote ki t ap viv nan premye syèk la te fè. — Ebre 6:​10-12.

11. Ki sa k te pouse Timote travay di nan kongregasyon an? (1 Timote 4:10).

11 Li 1 Timote 4:10. Timote te met espwa l nan Bondye vivan an. Se sa k fè li te gen bonjan rezon pou l te travay di e pou l te lite. Nan ki sans? Apot Pòl te ankouraje l pou l te vin yon pi bon anseyan nan travay predikasyon an ak nan kongregasyon an. Pòl te di l tou pou l bay kwayan parèy li yo, jèn kou granmoun, bon egzanp. E li te gen pou l fè yon seri travay ki difisil, sa te gen ladan l bay moun konsèy yon fason ki fèm men avèk lanmou paske yo te bezwen sa (1 Tim. 4:​11-16; 2 Tim. 4:​1-5). Timote te ka gen asirans Jewova t ap rekonpanse l, menmsi pafwa moun pa t wè travay li t ap fè yo oswa yo pa t ba yo valè. — Wom. 2:​6, 7.

12. Poukisa ansyen yo kontinye travay di nan kongregasyon an? (Gade foto a tou.)

12 Jodi a, ansyen yo tou kapab sèten Jewova wè bèl travay y ap fè e li bay sa valè. Nonsèlman ansyen yo fè vizit pastoral, yo anseye e yo preche, anpil ladan yo bay èd yo nan konstriksyon òganizasyon an ap fè yo e yo ede lè gen katastwòf. Gen lòt k ap sèvi nan Gwoup pou vizite malad oswa nan Komite lyezon ospitalye. Ansyen ki dispoze fè travay sa yo wè kongregasyon an kòm yon dispozisyon Jewova pran, men se pa kòm yon enstitisyon lèzòm tabli. Se sa k fè yo travay di nan kongregasyon an, e yo gen konviksyon Bondye ap rekonpanse yo pou sa yo fè. — Kol. 3:​23, 24.

De ansyen ki fè yon apèl videyo ak yon sè pou yo ba l yon vizit pastoral byen ta nan aswè. Youn nan ansyen yo ap li nan Bib la. Sou mi anfas li a, gen ekipman konstriksyon ak yon kalandriye ki gen plizyè randevou ekri ladan l.

Bondye vivan an ap rekonpanse w lè w travay di pou kongregasyon an. (Gade paragraf 12-13.)


13. Ki jan Jewova santi l lè n fè efò nan sèvis n ap ba li a?

13 Nou tout pa kapab ansyen, men, nou tout kapab bay Jewova yon bagay. Bondye nou an apresye lè n fè tout sa n kapab pou n sèvi l. Li wè ofrann nou bay pou travay mondyal la, menmsi sa nou bay la pa anpil. Li kontan lè n fè anpil efò pou n konbat timidite nou genyen pou n leve men nou pou n fè kòmantè nan reyinyon yo. Epitou, li kontan anpil lè n pase sou yon bagay moun fè nou ki fè n mal e lè nou padone. Menmsi w santi ou pa ka fè tout sa w ta renmen fè, ou mèt gen konfyans Jewova bay sa w kapab fè anpil valè. Li renmen w poutèt sa, e l ap rekonpanse w. — Lik 21:​1-4.

RETE PWÒCH AK BONDYE VIVAN AN

14. Lè n rete pwòch ak Jewova, ki jan sa kapab ede n ret fidèl? (Gade foto a tou.)

14 Si nou gen yon relasyon sere ak Jewova, l ap pi fasil pou n ret fidèl avè l. Jozèf te viv sa. Li te refize fè imoralite seksyèl. Li te konnen sa t ap fè Bondye mal, e l pa t vle fè L lapenn (Jen. 39:9). Pou n gen yon relasyon sere ak Jewova, nou bezwen pran tan pou n priye l e pou n etidye Pawòl li a. Lè n fè sa, n ap vin pi pwòch avè l. Menm jan ak Jozèf, lè nou gen yon relasyon sere ak Jewova, nou pap vle fè anyen ki pap fè l plezi. — Jak 4:8.

Yon jèn frè ki deplase kite kèk kamarad lekòl li k ap gade yon bagay nan yon telefòn selilè.

Lè n pwoche bò kote Bondye vivan an, l ap ede n rete fidèl. (Gade paragraf 14-15.)


15. Ki leson nou ka aprann nan fason Izrayelit yo te aji lè yo te nan dezè a? (Ebre 3:12).

15 Moun ki bliye Jewova se Bondye vivan an kapab sispann ret fidèl avè l byen fasil. Reflechi sou sa k te rive Izrayelit yo lè yo te nan dezè a. Yo te konnen Jewova egziste, men, yo te kòmanse gen dout li t ap kapab ba yo sa yo bezwen pou yo viv. Yo te menm mande: “Jewova nan mitan nou oubyen l pa nan mitan nou?” (Egz. 17:​2, 7). Apre sa, yo te fè rebèl ak Bondye. Se sèten nou pa vle suiv move egzanp yo te bay, e se yon avètisman pou nou. — Li Ebre 3:12.

16. Ki sa k kapab yon eprèv pou lafwa nou?

16 Monn nan fè l difisil pou n rete pwòch ak Jewova. Anpil moun pa vle kwè Bondye egziste. Souvan, moun ki pa bay sa Bondye mande regle anyen pou yo, afè yo sanble ap mache. Lè n wè sa, sa kapab yon eprèv pou lafwa nou. Menm lè nou ka pa met nan tèt nou Bondye pa egziste, nou ka kòmanse gen dout l ap ede nou. Se sa k te rive moun ki te ekri Sòm 73 la. Li te wè yon seri moun ki pa t bay lwa Bondye yo regle anyen pou yo epoutan ki t ap jwi lavi yo. Se sa k fè li te kòmanse ap di tèt li si l te bezwen fè efò pou l sèvi Bondye. — Sòm 73:​11-13.

17. Ki sa k ap ede n rete pwòch ak Jewova?

17 Ki sa k te ede moun ki te ekri sòm nan korije fason l panse? Li te medite sou sa k t ap rive moun ki te bliye Jewova (Sòm 73:​18, 19, 27). Epitou, li te reflechi sou benediksyon moun k ap sèvi Bondye yo jwenn (Sòm 73:24). Nou menm tou, nou kapab reflechi sou benediksyon Jewova ban nou yo. Panse ak fason lavi w t ap ye si w pa t ap sèvi Jewova. Lè w fè sa, sa kapab ede w ret fidèl e pou w di menm jan ak moun ki te ekri sòm nan: “Kanta pou mwen, pwoche bò kote Bondye bon pou mwen.” — Sòm 73:28.

18. Poukisa nou pa bezwen pè lavni?

18 Nou kapab fè fas ak nenpòt difikilte nou jwenn nan dènye jou sa yo paske n ap “travay kòm esklav pou yon Dye ki vivan e ki reyèl”. (1 Tes. 1:9.) Bondye nou an pran swen nou e l ap toujou ede n. Li te avèk sèvitè l yo nan tan lontan e li avèk nou tou jodi a. Talè konsa, nou pral jwenn pi gwo tribilasyon ki potko janm rive sou tè a. Men, nou pap poukont nou (Eza. 41:10). Nou swete pou nou tout “gen anpil kouraj, e [konsa] n ap kapab di: ‘Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè.’” — Ebre 13:​5, 6.

LÈ NOU SONJE JEWOVA SE “BONDYE VIVAN AN”, KI JAN SA AP...

  • ban nou fòs?

  • fè n gen konviksyon l ap rekonpanse nou?

  • ede n ret pwòch avè l?

KANTIK 3 Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje