BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w24 jen p. 32
  • Èske w gen lafwa?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w gen lafwa?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Sou menm sijè a
  • Demontre ou gen lafwa nan pwomès Jewova yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • “Ban nou plis lafwa”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Lafwa: Yon kalite ki ede nou vin djanm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Èske vrèman ou gen lafwa nan bon nouvèl la ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
w24 jen p. 32

EKSPRESYON BIBLIK

Èske w gen lafwa?

Pou n fè Jewova plezi, nou dwe gen lafwa. Epoutan, Labib di: “Lafwa se pa yon byen tout moun genyen.” (2 Tes. 3:2). Apot Pòl te fè konnen li te bezwen delivre anba yon seri “moun ki malveyan e ki mechan” ki t ap pèsekite l. Men, sa l te di konsènan lafwa a gen rapò ak lòt moun tou. Gen moun ki pa vle aksepte prèv klè ki montre gen yon Bondye ki kreye tout bagay (Wom. 1:20). Gen lòt ki ka fè konnen yo plizoumwen gen lafwa paske yo santi gen yon pi gwo fòs ki egziste. Men, se pa kalite lafwa sa a sèlman nou bezwen genyen pou n fè Jewova plezi.

Nou bezwen gen konviksyon Jewova egziste e li se “Sila a ki rekonpanse” moun ki gen yon lafwa ki djanm (Ebre 11:6). Pou n vin gen kalite lafwa sa a, nou bezwen lespri sen. Pou n jwenn lespri sen, nou bezwen priye Jewova pou l ban nou l (Lik 11:​9, 10, 13). Youn nan pi bon fason pou n jwenn lespri sen, se lè n li Pawòl Bondye te fè ekri a. Apre sa, nou kapab reflechi sou sa nou li yo, epi fè efò pou n aplike sa n aprann yo. Lè n fè sa, nou kite lespri Jewova ede nou pou nou viv yon fason ki montre nou gen kalite lafwa ki fè l plezi a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje