BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w24 jiyè p. 30-p. 31 par. 2
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
w24 jiyè p. 30-p. 31 par. 2
Moun k ap viv ak kè kontan nan yon paradi sou tè a. Nan yon distans, gen yon rivyè k ap koule sot nan nouvo Jerizalèm nan, yon vil senbolik. Gen bèl pyebwa ki pouse sou toule de bò rivyè a.

Kesyon lektè yo poze

Kiyès “madanm” yo pale de li nan Ezayi 60:1 an ye, e nan ki sans li “leve” e “limyè [l] klere”?

Men sa nou li nan Ezayi 60:1: “Leve! O madanm, se pou limyè w klere, paske limyè w la rive. Glwa Jewova klere w.” Kontèks la montre “madanm” nan se te Siyon, oswa Jerizalèm, ki te kapital Jida nan epòk sa a (Eza. 60:14; 62:​1, 2). Vil la reprezante tout nasyon Izrayèl la. Nou pral reponn de kesyon konsènan vèsè sa a: Premyèman, ki lè e nan ki sans Jerizalèm te “leve” e limyè l te klere? Dezyèmman, èske pawòl Ezayi yo gen yon pi gwo akonplisman?

Ki lè e nan ki sans Jerizalèm te “leve” e limyè l te klere? Jerizalèm ak tanp li an te fin depafini lè Juif yo te ann egzil nan Babilòn pandan 70 an. Men, apre moun peyi Medi ak moun peyi Pès yo te fin pran Babilòn, Izrayelit ki t ap viv toupatou nan Anpi babilónyen an te lib pou yo te retounen nan peyi yo e konsa yo t ap ka retabli vrè adorasyon an (Esd. 1:​1-4). Nan kòmansman ane 537 anvan epòk nou an, te gen yon gwoup Izrayelit ki te fidèl nan tout 12 tribi yo ki te fè sa (Eza. 60:4). Yo te kòmanse ofri Jewova sakrifis, selebre fèt yo epi rekonstwi tanp lan (Esd. 3:​1-4, 7-11; 6:​16-22). Yon lòt fwa ankò, glwa Jewova te kòmanse klere Jerizalèm, sa vle di, li te kòmanse klere pèp Li a. Yo menm, bò kote pa yo, yo te vin yon limyè pou nasyon yo ki pa t konnen Jewova.

Sepandan, se sèlman kòmanse pwofesi Ezayi te bay ki gen rapò ak retablisman an te kòmanse reyalize nan epòk sa a. Pifò Izrayelit yo pa t kontinye obeyi Bondye (Ney. 13:27; Mal. 1:​6-8; 2:​13, 14; Mat. 15:​7-9). Annapre, yo pa t menm aksepte Mesi a, anpalan de Jezi Kris (Mat. 27:​1, 2). Nan ane 70 epòk nou an, Jerizalèm ak tanp li an te detwi yon dezyèm fwa.

Jewova te anonse gwo malè sa a (Dàn. 9:​24-27). Sa klè, sa pa t nan objektif Jewova pou Jerizalèm ki sou tè a reyalize tout ti detay nan pwofesi nou jwenn nan Ezayi chapit 60 lan ki gen rapò ak retablisman ki t ap gen pou fèt la.

Èske pawòl Ezayi te di yo gen yon pi gwo akonplisman? Wi, men sa gen rapò ak yon lòt madanm senbolik, anpalan de “Jerizalèm anwo a”. Men sa apot Pòl te ekri konsènan madanm sa a: “Se li ki manman nou.” (Gal. 4:26). Jerizalèm anwo a, se pati òganizasyon Bondye a ki nan syèl la ki gen ladan l kreyati espirityèl ki fidèl yo. “Pitit” li yo se Jezi ak 144000 kretyen Bondye chwazi yo ki gen esperans pou y al viv nan syèl menm jan ak Pòl. Kretyen ki gen esperans pou y al viv nan syèl la se “yon nasyon ki sen”, yo se “Izrayèl Bondye a”. — 1 Pyè 2:9; Gal. 6:16.

Ki jan Jerizalèm anwo a te “leve” e ‘limyè l te klere’? Li te fè sa pa mwayen pitit li yo Bondye chwazi sou tè a pou al nan syèl. Ann konpare eksperyans yo fè ak pwofesi ki nan Ezayi chapit 60 lan.

Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo te gen pou yo “leve” paske nan yon sans yo te nan fènwa lè apostazi te gaye apre lanmò apot yo (Mat. 13:​37-43). Konsa, yo te vin anba kontwòl Gran Babilòn nan, anpalan de tout fo relijyon ki gen nan monn nan. Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo te ret anba kontwòl Gran Babilòn nan rive jis nan “fen sistèm nan”, yon peryòd ki te kòmanse nan ane 1914 (Mat. 13:​39, 40). Tousuit apre, nan ane 1919, yo te vin lib e menm kote a, nan yon sans, yo te kòmanse fè limyè yo klere lè yo te met tout fòs yo nan travay predikasyon ana. Tank ane t ap pase, moun nan tout nasyon te vin nan limyè sa a, san wete rès moun ki fè pati Izrayèl Bondye a, yo menm ki “wa” yo pale de yo nan Ezayi 60:3. — Rev. 5:​9, 10.

Alavni, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pral fè limyè Jewova ba yo a klere pi plis toujou. Ki jan y ap fè sa? Lè yo mouri sou tè a, yo pral fè pati “Nouvo Jerizalèm nan”, oswa lamarye Kris la, ki gen 144000 moun k ap wa ak prèt ansanm avè l. — Rev. 14:1; 21:​1, 2, 24; 22:​3-5.

Nouvo Jerizalèm nan pral jwe yon wòl enpòtan nan reyalizasyon pwofesi Ezayi 60:1 an. (Konpare Ezayi 60:​1, 3, 5, 11, 19, 20 ak Revelasyon 21:​2, 9-11, 22-26.) Menm jan se Jerizalèm ki sou tè a gouvènman Izrayèl tan lontan an te tabli, konsa tou, se Nouvo Jerizalèm nan ak Kris k ap vin gouvènman nouvo sistèm nan. Nan ki sans Nouvo Jerizalèm nan “desann sot nan syèl la bò kot Bondye”? Li pral pran swen moun ki sou tè a. Moun ki gen lakrentif pou Bondye ki sot nan tout nasyon pral “mache” grasa “limyè l”. Y ap delivre menm anba peche ak lanmò (Rev. 21:​3, 4, 24). “Tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an”, jan Ezayi ak lòt pwofèt yo te anonse sa (Tra. 3:21). Gwo travay retablisman sa a te kòmanse lè Kris te vin Wa e l ap fini nan fen Rèy mil an an.

a Yo pale konsènan travay ki te fèt pou retabli vrè adorasyon an nan ane 1919 la nan Ezekyèl 37:​1-14 ak Revelasyon 11:​7-12 tou. Ezekyèl te anonse tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl t ap gen pou yo resisite nan yon sans senbolik apre yo te fin fè anpil tan kòm prizonye. Pwofesi nan Revelasyon an ap pale konsènan yon ti gwoup frè Bondye chwazi pou al nan syèl ki te pran latèt nan aktivite Wayòm nan apre yo te fin fè yon ti tan yo pa t ka fè travay Jewova a piske yo te mete yo nan prizon alòske yo pa t merite sa. Nan ane 1919, yo te vin “esklav fidèl ki prevwayan an”. — Mat. 24:45; gade liv Jewova retabli vrè adorasyon an!, paj 118.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje